Yon jèn ti fi jwi aprantisaj sou entènèt nan kay la.

Creativa Images/stock.adobe.com

Edikasyon Anliy se Edikasyon Anliy- Men ki sa k ap vin Apre sa?

Enn an depi timoun yo lekòl anliy, yo deja ap fè bak. Kouman pou n ranje sa?
Enn an depi timoun yo lekòl anliy, yo deja ap fè bak. Kouman pou n ranje sa? 

Paran kab se premye pwofesè pitit yo men nan afè edikasyon anliy sa a ki sanble l pap janm fini an, anpil paran santi yo vin gen plis chay sou do yo 24 sou 24. Fò paran asire pitit yo monte sou entènèt la chak jou epi pitit yo suiv kou yo anliy –timoun yo dwe evite distraksyon tankou Roblox. Elèv yo dwe motive tèt yo, fò yo fini devwa yo alè pou yo evite fè bak akòz Kovid la. Men tout fanmi gen dwa pran kèk desizyon pratik pou amelyore pèfòmans akademik elèv yo ak rezilta yo ka bay – epi amelyore esperyans aprantisaj elèv yo lè yo resi tounen nan klas yo. 

Kreye yon anviwònman konfòtab pou timoun yo aprann

Kòmanse ak yon kote ki konfòtab pou l aprann, kote ki gen silans swa bò tab salamanje a, swa sou yon biwo, yon sofa oswa yon ti tab. Debarase kote a epi mete swa yon afich ki gen foto bèt ladan li oswa kat jeyografi pou esnpire li. Etidye nan limyè natirèl, sa bon pou sante a. Nan yon atik sou sit sa a Austinlocal.com yo ekri “Lè yon timoun gen yon kote apa lakay li pou l aprann sa ede l devlope kreyativite li, sa ede l konsantre epi sa ogmante motivasyon l pou l kab li epi pou l aprann. Mete lide w sou woutin epi sou sa ki konsistan.”

Pare pou w parèt devan kamera a

Atik jounal USA Today sa a konseye elèv pale ak pwofesè yo epi ak kondisip de klas yo nan ti gwoup apa kon sa yo va redui divizyon dijital la. Sit wèb sa a Lekòl Leta Miami-Dade la konseye elèv yo tcheke tout platfòm lekòl la yo chak jou. Epi paran kab telefone nan 305-995-3000 si yo bezwen yon pòtab epi si yo bezwen entènèt. Yo ankouraje paran suiv nouvèl distri a pataje ak paran epi tcheke nòt pitit yo, pale de devwa ak pitit yo, tcheke seksyon Akademi Paran  an epi kominike ak pofesè yo epi ak konseye yo. Paran yo kab jwenn sipò tou nan Sèvis Swen Sante Mantal la  oswa nan seksyon kote yo bay leson gratis nan Bibliyotèk piblik Miami-Dade yo.

Ofri yon balans emosyonèl

Fò timoun jwe epi fò yo fè egzèsis pou yo gen enèji, kit se tè y ap grate nan lakou a pou yo jwenn vètè kit y ap pentire solèy la k ap leve. Dapre sit Austinlocal.com “Sa enpòtan pou w bay pitit ou tan pou tèt pa li pou l chwazi aprann yon bagay ki enterese l, oswa ankouraje yo soti nan kay la pou y al respire lè fre. Yo kab aprann jwe yon enstriman, aprann pentire oswa aprann fè desen oubyen fè egzèsis!” Òganizasyon The Children’s Trust ofri yon sit wèb ki pote non angle StayHome.Miami se yon sit wèb ki gen tout yon seri aktivite ak yon seri resous.

Nan jounal USA Today, Gabriella Staykova yon etidyan segondè nan Kentucky di l gen plis tan pou l fè pwojè tankou Student Voice. “Yon koneksyon entènèt rapid yon kote ki konfòtab epi ki pa gen bri pou l etidye, yon fwaye ki estab epi abitid fè bèl nòt se sa ki ede l adapte l ane sa a.”

Konsidere aspè pozitif la

Elèv evite pale anpil nan klas yo, tout devwa yo te konn bay epi preparasyon pou egzamen ofisyèl yo. Nan atik jounal Atlantic sa a ki pote non angle “School Wasn’t So Great Before COVID, Either” Danielle Del Plato ekri a pandemi an fè moun wè enpòtans pou elèv fè egzèsis, pou yo jwe deyò, pou yo fè konvèsasyon epi byen dòmi. Malgre gen krent pou elèv yo k ap fè bak nan etid yo, atik sa a montre kote pozitif la paske elèv yo gen mwens estrès, yo gen mwens devwa epi yo gen yon orè ki pi fleksib. Epi gen kèk elèv k ap travay “trè byen” lekòl kounye a, dapre rapò Hechinger a, “se paske sa pi fasil pou yo pou yo konsantre sou aprann kounye a.”

Pou pran avantaj aprantisaj anliy lan, fè timoun yo dòmi plis, ankouraje yo gen yon woutin epi chèche bon jan aktivite pou devlope lespri yo. Dapre sa Steve Mintz ekri, ekriven ki ekri atik ki rele Huck’s Raft: A History of American Childhood, nan jounal Atlantic la, pandemi an bay etidyan “kèk opòtinite pou yo grandi pou yo devlope nan fason ki ta enposib nan tan nòmal.”