Niña sonriente despidiéndose

smailik12/iStock/Thinkstock

Ede Timoun Ou Chanje Move Abitid yo

Manje zong, pipi nan kabann, plenyen... pa dekouraje! Ou ka rezoud pwoblèm sa yo ki ralanti devlopman yo ak konsèy ekspè yo.
Manje zong, pipi nan kabann, plenyen... pa dekouraje! Ou ka rezoud pwoblèm sa yo ki ralanti devlopman yo ak konsèy ekspè yo. 

Timoun, tankou granmoun pi konfòtab nan abitid yo – ke'l bon oswa li pa bon. Menm lè move abitid timoun yo toujou ap devlope epi disparèt, konpòtman ki paka chanje yo, ka fè domaj e nou dwe panche sou yo. Nan ka parèy, pwofesyonèl nan devlopman timoun konseye ke paran yo jwenn lakòz yo, chache yon solisyon epi ofri anpil sipò ak ankourajman.

Ale nan rasin nan. "Lè w'ap analize yon abitid, paran yo dwe konprann enpòtans konpòtman – gen yon mesaj ladan'l," se sa Laura Morris di, li se direktè yon jadendanfan. "Anpil timoun pratike abitid pou yo jwenn konfò oubyen pou soulaje strès, enkyetid oswa perèz yo. Genyen ki fè'l paske yo raz oubyen pou jwenn atansyon. Li ka menm soti depi nan anfans yo epi li la toujou."

Se ka sa ti gason Celine lan te genyen. Ant premye ak dezyèm anivèsè li, li te devlope yon ti tandans pou li bege e se sa ki lakòz pwoblèm lan. "Paske li pat kapab eksprime li, reyaksyon'l se fè kòlè," se sa li di sou pitit li a ki gen 4 lane kounye’a. "Plizyè mwa apre yo te vin ap etidye ka a, men kòlè frape yo kontinye epi vin tounen yon bagay ke li toujou fè lè li pa’p fè anyen, fatige, fristre oswa si li te vle yon bagay ke mwen pa vle ba li."

Pran devan, men kenbe pasyans. Pou pote chanjman, paran yo dwe adopte yon atitid responsab. "Gade nan ki sitiyasyon li gen konpòtman an epi gade kisa ki lakòz li aji konsa," se sa Morris di. "Depi paran yo dekouvri motif yo, gen aksyon ki ka fèt pou diminye nesesite pou gen konpòtman sila epi jwenn yon pi bon fòmil pou ranplase'l."

Pandan ke abitid ki pi danjere yo bezwen solisyon rapid, yon moman òbsèvasyon kapab pote bon rezilta pou lòt abitid ki pa twò grav yo. "Youn nan pi bon teknik ke nou aprann se inyore epi remake," se sa edikatè pou paran Wadine Toliaferro di. "Inyore nenpòt abitid ki pa danjere pou timoun nan, remake li epi pale sou konpòtman ke ou vle wè ki demontre yo."

Pa panike. Se sa Jenny te fè lè li remake yon chanjman nan fason pitit fi li te konn dòmi. Kòm yon timoun jadendanfan, Ava te konn dòmi tout lannwit. Men lè'l vin gen 3 lane, li te vin kòmanse ap reveye apre kèk edtan ke li kòmanse dòmi epi li al dòmi nan koulwa a.

"Pase pou nou te fè bri ak sa, nou te ankouraje li rete nan kabann li lè nou fè ti kouche avè'l," se sa manman timoun sa ki gen 5 lane kounye’a eksplike. "Alòs lè nou jwenn li ap dòmi nan koulwa a, nou annik leve li epi remete li nan kabann li."

Abitid la kontinye pandan plizyè lane jiskaske on lè fanmi an te al nan vakans. Epi san rezon, Ava te sispann dòmi nan koulwa a. Men pwoblèm dòmi li yo potko fini.

"Lè li te vin gen 4 lane, li rekòmanse leve nan mitan lannwit ankò, li vin nan chanm nou kouche nan pye kabann nou oubyen vlope kò li nan dra ke nou genyen nan kwen chanm lan. Ankò nou pa panike. Sa pa’t rive chak swa, alòs nou jis fè'l sonje ke nou ta renmen li ret dòmi nan kabann li tout lannwit lan, men nou pat fè gwo bri ak sa."

Mande yo ede nou. "Youn nan fason paran yo ka ede timoun yo elimine move abitid se mande yo opinyon yo," se sa Toliaferro di. "Mande yo pouki dapre yo sa ap rive, epi travay ansanm pou pote solisyon."

Jenny te fè sa pou jwenn solisyon ak leve lannwit Ava a. Apre li fin sere dra ki te nan kwen chanm lan, "Ava mande kote dra a," se sa li vle konnen. "Mwen di'l mwen sere li paske li dwe dòmi nan kabann li. Apre mwen mande poukisa li panse ke li bezwen'l epi li di, 'Mwen pè.' Mwen di li pa gen okenn rezon pou li pè, epi mwen mennen li nan chanm li epi fè’l dòmi."

Itilize liv yo pou yon solisyon. Celine deside itilize lòt resous pou'l jwenn solisyon. "On lè mwen te nan yon boutik epi mwen te wè liv sa, Hands Are Not for Hitting, alòs mwen achte li epi mwen li’l chak swa ak pitit gason mwen. Li eksplike poukisa ou dwe itilize men ou, sa genlè ede anpil," li di. "Apre prèske yon mwa, mwen diminye sou lekti a. Men chak fwa pwoblèm nan rekòmanse, nou rale liv la epi fè lekti ankò."

Trase chimen pwogrè. Depi nou remake abitid la epi gen efò ki kòmanse fèt pou chanje li, itilize konpòtman pozitif pou ka pote plis ankourajman. Ofri prim tou ka ede. Pi enpòtan, pa kanpe nan wout epi kenbe pasyans ak pwosesis la. Pa bliye pote nouvo abitid pou kapab elimine ansyen yo.

"Fen lane ki sot pase a, pitit gason'm ak kouzen’l te kanpe nan tèt eskalye yo epi kouzen li t'ap eseye pouse li anba, men aksidan fè li tonbe,'' se sa Celine di. "Pandan n'ap konsole li, li vire gade kouzen’l epi li di, 'Men pa la pou frape, menm jan liv la di a!' epi mwen te sezi. Mwen reyalize ke mwen pa’t pèdi tan'm."