Yon papa Afriken Ameriken pale ak pitit gason l 'sou yon ban.

Photo by WavebreakMediaMicro/stock.adobe.com

Ede Timoun Navige Pandan Tansyon Rasyal

Evènman resan mete timoun anfas pwoblèm rasyal
Evènman resan mete timoun anfas pwoblèm rasyal 

Lè w wè senbòl rasis anndan bilding Capitol la ansanm ak bandwòl, mayo ak pwopagann rasis pandan revòlt mwa janvye a  fè w vreman sonje ke peyi sa a pa ko fin pare pou l fini ak relasyon rasyal li yo.

Lè nap selebre Mwa Istwa Ras Nwa an Fevriye, li enpòtan pou pale ak pitit ou sou pwogrè pozitif sosyete nou an te fè ansanm ak travay ki rete pou fèt. Pou nou ka kite dèyè enstabilite ane pase a epi panse sou sa ki deja rive ane sa a, sonje sa w li anba la lè w adrese afè sa a ak pitit ou. 

Fò w onèt ak abòdab, men pa enpozan

Olye w tann timoun yo poze kesyon sou ras, mande yo dirèkteman sa yo te wè ak ki jan yo santi yo sou sa kap pase a. Ede yo konprann byen epi rasire yo ke wap la pou yo. Nan yon piblikasyon Child Mind Institute ki rele “ Yon Pèspektif Medikal Sou Pale Ak Timoun Sou Sijè Rasyal”, Dr Keyna Hammeed di "Li konprann ke anpil timoun santi yo pè, gen konfizyon ak fache sou sitiyasyon an. Paran yo dwe ede yo konprann sa y ap wè a epi jere santiman yo. " 

An menm tan, konsidere laj yon timoun. Men kèk direktiv debaz sou sa pou di pitit ou ki ekri nan " Anti-Racism for Kids Anti-Rasis pou Timoun: Yon Gid Pou Konbat Rasis A Chak Laj" ki nan Parents.com. "Timoun ki pi piti ap gen sipèvizyon tout tan, kòm paran, ou gen plis kontwòl sou ki kote pitit pi jèn ou ale ak jwe. Ak tinedjè yo fòk yo fè atansyon  ak sèten bagay. Pa egzanp, ka gen youn ki deside patisipe nan yon pwotestasyon, kidonk si yo pral fè sa ou dwe di l jan pou l rete an sekirite. "

Eksplore Emosyon Yo Epi Ede Yo Ak Sa 

Pare kò w pou lè pitit ou vin emosyonèl lè yap fè fas ak rasis e rayisman. Lè w fè yo pale sou emosyon yo lap pi fasil pou w bay yo sipò nesesè. Mande yo sa k te lakòz yon sèten emosyon e ke yo ka itilize l pozitivman pou chanje tèt yo ak konpòtman yo. 

Kilti ou, eksperyans ou ak ras ou ta dwe gide kijan w pale ak pitit ou sou ras. Paran timoun blan pap gen chans pale sou ras menm jan ak paran nwa ki bezwen pwoteje pitit yo sou danje rasis pou rezon sekirite. Nan jounal The Washington Post, Afiya Mbilishaka, yon sikològ ak pwofesè nan D.C. di: "Fanmi Nwa yo pa gen mwayen pou yo rete tann adolesans yo pou kòmanse konvèsasyon sou idantite, e pifò timoun nwa, depi laj 10 zan deja gen yon pèspektif granmoun sou sijè byolojik, sosyal ak rasyal." 

Rasire Timoun Ke Bagay Yo Ap Vinn Pi Bon Epi Fè Pati Pa w

Rasis se yon istwa ki long ak pèsistan ki ka redoutab pou fè fas a li. Malgre evènman aktyèl yo ka bay timoun yo yon sans pwoblèm lan depase rezoud, eksplike yo gen amelyorasyon. Sèvi ak liv, media, ak pwòp eksperyans pèsonèl ou pou montre yo kijan pou fè yon diferans nan lit la. Sonje byen ke yon mesaj pozitif ki gen espwa pral ranfòse kapasite yo pou pale sou pwoblèm rasyal ak ede sosyete a korije sa.

Anfen, sonje ke plis pase sa nou di, pitit nou yo aprann sitou lè yap gade sa nou fè. Lè yon timoun wè paran yo aji ak sansibilite kiltirèl ak respè, oswa pran pozisyon kont prejije, rasis ou ensansiblite, yo pral aji menm jan an. Pa gen aksyon ki puisan tankou egzanp nou bay timoun yo, sitou lè wap fè fas ak divèsite.