Ti fi timid ki kache dèyè yon pye bwa.

Africa Studio/stock.adobe.com

Ede Pitit Ou A Ki Timid La Briye

Ankouraje yo fè efò!
Ankouraje yo fè efò! 

Sa rive souvan ke anpil paran enkyete pou timidite nan anfans timoun yo, yo pè ke timoun yo pa ta kwè nan tèt yo epi pa ta devolpe sosyalman. Men avèk preparasyon, pratik ak pasyans, anpil timoun ki timid rive degaje yo sosyalman, epi rive konstwi bon jan relasyon ak kamarad yo. Men 10 konsèk preparasyon, pratik ak pasyans, anpil timoun ki timid rive degaje yo sosyalman, epi rive konstwi bon jan relasyon ak kamarad yo. Men 10 konsèy ki ka ede:

1. Kòmanse piti. Kontwole kalite kamarad ke pitit genyen depi li toupiti, pou li pa ekspoze ak ankenn danje. Lè yo kòmanse ale lekòl, kite yo demare ak klas ki pa gen anpil elèv si’w kapab, jiskaske yo pare pou yo janbe nan youn ki pi gwo. Pandan gwoup yo ap vin pi gwo, veye diferans laj yo pou fasilite entèraksyon yo, epi diminye chans ke ta vin genyen entimidasyon.

2. Abitye ak règleman yo. Si li posib, fè pitit ou patisipe nan lòt aktivite sou kote ke menm lekòl sa òganize anvan ke lane ofisyèl lekòl la kòmanse, pou yo ka rankontre pwofesè yo epi kòmanse alèz ak règleman yo.

3. Mande èd. Fè pwofesè yo ak responsab timoun yo konnen ke pitit ou timid, epi kenbe kontak ak yo pandan tout lane a pou si ta gen nenpòt chanjman.

4. Pratike avèk yo. Fè ekzèsis dyalòg entèraksyon ak yo pou ankouraje yo elimine timidite epi pi alèz ak kamarad lekòl yo, epi ankouraje yo tou pou y’al jwe kay zanmi yo.

5. Kreye anviwonman. Prepare pitit ou pou aktivite sosyal pou ka diminye enkyetid ak perèz sa yo pa konnen yo. Sa ap ede yo espesyalman lè yo pral fèt anivèsè oswa rankont familyal yo. Di yo kisa ke yo pra’l wè ak kisa ki ka rive.

6. Fè ti teyat ak yo. Jwèt-wòl – menm si se ak tèt yo oswa itilize poupetwèl, jwèt titonton oswa maryonèt – kreye diferan senaryo ke yo ka kontre, tankou rankontre yon nouvo kamarad nan lekòl la. Chanje wòl pou pitit ka entèprete tout wòl yo. Pale sou kijan yo santi yo, epi repete menm senaryo a plizyè fwa pou ka kreye konfidans lakay yo.

7. Itilize resous ki ka ede’w. Li liv pou pitit ou sou sila ki rive simonte pwoblèm timidite ak perèz. Tankou Shy Charles ke Rosemary Wells ekri, Shyness ke Tamra B. Orr ekri ak Dealing with Feeling… Shy ke Isabel Thomas ekri, se jis kèlke ladan yo (tout disponib nan Miami-Dade Public Library). Pale sou kisa ke yo aprann nan istwa sa yo epi kijan ke yo ka aplike yo.

8. Koute. Pran tan pou tande pitit ou epi konprann santiman yo ak perèz yo. Yo ka fache paske gen twòp bri, gen twòp moun oswa yo twò panike. Konsidere enkyetid yo epi envite yo poze kestyon pou ka ankouraje dyalòg.

9. Rete pozitif. Lè pitit ou patisipe nan yon aktivie oswa nan yon dyalòg, ofri sipò pozitif. Sipòte konpòtman ak pèsonalite yo devan lòt moun, epa fè yo repwòch, pa takinen oswa anbarase yo paske yo timid.

10. Chache èd si’w bezwen’l. Si konpòtman pitit ou a depase sis mwa oswa l’ap ogmante, pale ak pedyat li a pou ka fè diferans ant timidite tanporè ak maladi enkyetid sosyal kronik, sa ki ka anpeche devlopman sosyal li.