Yon gwoup ti fi divès souri ansanm.

Galina Barskaya/stock.adobe.com

Diferans Nou yo Fè Nou Pi Bon

Opinyon Timoun yo
Opinyon Timoun yo 

Eske ou gen zanmi ki soti nan lòt peyi? Ki sa ou aprann nan men yo?

Wi, mwen gen yon zanmi ki soti nan yon lòt pati nan peyi a. Li soti Pennsylvania e li se pi bon zanmi mwen genyen. 

Oli, 7 lane

Lekòl mwen chaje ak moun ki soti anpil kote diferan. Se yon lekòl atizana. Anpil nan yo panse nou egzajere lè n’ap selebre yon seri de fèt, yo di nou jwenn twòp kado.

Jessie Ray, 13 lane

Youn nan meyè zanmi mwen soti Jamaica. Fanmi li renmen manje ki pike, men mwen pa renmen sant pike a. 

Eleanor, 15 lane

Poukisa sa enpòtan pou ou gen zanmi ki diferan de ou e ki pa sanble ou?

Menm si zanmi ou pale yon lòt lang oswa li gen yon lòt koulè po, se yon moun menm jan avèk ou li ye, li gendwa byen renmen menm bagay avek ou.

Milo, 9 lane

Mwen pa vle tout moun menm jan an. Dayè, se konsa mwen ka konnen kiyès ki kiyès.

Jeremiah, 7 lane

Li enpòtan pou ou gen zanmi ki diferan paske ou gendwa aprann nouvo bagay nan men yo. 

Oli, 7 lane

Ki diferans ou wè nan timoun ki soti nan lòt peyi? Kisa ou wè ke nou genyen ki menm jan?

Nou tout nou renmen rete sou telefòn nou ak rezo sosyal yo, men se pa tout tant nou konprann blag nou voye yo. 

Jessie Ray, 13 lane

Paran zanmi’m ki soti Jamaica an strik anpil, men ni paran mwen ni paran li toujou ap pale de kanè nou ak enpòtans inivèsite. 

Eleanor, 15 lane

Nou tout nou se moun, nou tout nou manje manje, nou bwè dlo epi nou respire. 

Oli, 7 lane

Yo gendwa pale yon lòt lang epi yo gendwa gen yon lòt koulè po men tout moun se moun.

Jeremiah, 7 lane

Tèks sa fèt avèk kolaborasyon Fatherhood Task Force of South Florida.