Timoun ki degize ap kouri.

Rawpixel.com/stock.adobe.com

Diferan fason pou fè yon diferans pou lekòl pitit ou a

Halloween ka fè anpil paran pè, nou p’ap pale fè pè pou jwèt. Nan Sid Florid la, kote yon tanperati agreyab, ki gen moustik epi tanpèt nenpòt ki lè tout sa ka fè pati plan trick-or-treat (fèm pè-oswa-fè’m kado sirèt ak bonbon) ou a anvan w’al pran premye bonbon’w yo, bagay yo ka chanje nan yon segond. Men si ou swiv konsèy pou paran, timoun ak mèt kay sa yo, w’ap fè tout moun kontan epi ou pa’p pè, w’ap amize’w pandan sware a tou.

  1. Adopte yon Katye Se pa tout zòn ki bon nan pratike fèt Halloween. Youn nan tradisyon popilè Sid Florid la se vizite kay nan zòn ke yon konnen ki renmen epòk Halloween. Konsèy pou paran yo se planifye bone epi eseye rive anvan ke li fè nwa, pou ka gentan aprann timoun yo zòn yo ak non lari yo avan ke yo kòmanse plen moun.
  2. Ranpli Machin lan pou sila ki vle evite mache lè twotwa yo chaje ak moun, trunk-or-treats (ranpli machin ou ak sirèt epi bonbon) kapab se pi bon chwa. Chak Halloween nan Miami, lekòl, asosyasyon vwazen ak legliz òganize trunk-or-treats chaje ak sirèt. Kòm anpil gran timoun yo kòmanse pèdi entèrè nan degize, dekore machin yo, ranpli ak fè kado sirèt vin pi akseptab pou yo.
  3. Lavant Sirèt yo Apre sware trick-or-treat la, ou sonje jan sa te bèl pou tounen lakay al kalkile vale sirèt ak bonbon ke’w ranmase? Timoun toujou renmen kontinye fè sa. Kite yo ranje sirèt yo epi mete pri sou yo. Ou se achtè epi se yo ki machann lan. Apre lavant la, òganize yon vizit nan boutik la epi ankouraje yo pou yo depanse lajan sirèt la nan yon bagay ki pi bon pou sante yo!
  4. Bèl Degizman Pèsòn pa renmen mache ak yon rad k’ap fè yo swe? Yo prefere konfò olye chèlbè. Bagay tankou tisi ki pèmèt kò’w respire avèk akseswa ki pèmèt ou retire’l fasil ap pi bon pou timoun yo. Pote dlo epi pa tan ke se lè yo swaf pouf è yo bwè.
  5. Règleman Halloween lan Se yon gwo òpòtinite pou aprann pitit ou bon manyè, tankou akeyi epi remèsye vwazinaj ki ba yo sirèt. Lè yo jwenn yon bòl sirèt devan pòt la, rasire’w ke yo sonje lòt timoun pou yo pran youn oswa de sèlman epi pa jete po sirèt yo sou gazon an.
  6. Sekirite Dabò Sware Halloween lan vini ak danje tou. Avèk tout timoun sa yo ki ap mache li ka difisil pou kenbe kontwòl pitit ou. Avan ke ou abiye yo pou sware a, ekri nimewo telefòn ou sou degizman yo, sou chosèt yo oswa sou sak sirèt yo si janmè ou ta pèdi yo. Pote ti baton ki gen koulè briyan epi mete nouvo pil nan flach yo – timoun yo pra’l panse ke sa fè pati degizman epi y’ap dakò pote li.