Save these dates in 2020.

Brad Pict/stock.adobe.com

Dat Enpòtan pou The Children’s Trust pou 2020

Pou pi bon oswa pi mal, 2019 deja dèyè. Kounye’a tout refleksyon nou se sou 2020. Si chak ane nouvo k’ap kòmanse se yon chans pou gade pi devan epi kòmanse fè plan pou yon bon ane, an nou fè lane 2020 ak yon vizyon 20 sou 20.

Nou deja konnen ke The Children’s Trust pra’l okipe ak tout evènman anyèl ak aktivite yo, men met sou li pra’l gen eleksyon Prezidansyèl nan etazini ak Super Bowl nan Miami, kidonk nou pra’l gen anpil bagay pou fè ak wè.

Men yon kalandriye evenman ke ou ka mete sou frijidè a pou tout ane a.

Janvye – Resansman moun ap kòmanse 21 Janvye 2020 nan Alaska, byenke pwosesis la ap kontinye jiska Septanm pou li ka konplè. Premye Avril se yon jou resansman nan tout peyi a epi nan dat sa, chak kay ap resevwa yon envitasyon pou yo patisipe. Nan mwa Me, biwo resansman a pra’l kòmanse vizite kay ki pa te reponn yo pou asire ke tout moun te konte. Pou plis enfòmasyon vizite www.2020census.gov oswa https://miamicensus.org

Fevriye – Nan yon ti tan se pra’l Super Bowl LIV, 11zyèm fwa chanpyona NFL pral jwe nan Miami anplis se pra’l santyèm anivèsè lig la. Pandan ke pra’l gen anpil amizman, eksitasyon ak pakèt aktivite tout kote, popilasyon ki rete Miami dwe okouran de ogmantasyon nan trafik moun k’ap fèt pandan peryòd jwèt la. Komisè gouvènman Miami-Dade la ap lanse yon kanpay anti-trafik moun epi fè efò pou ogmante sèvis pou viktim yo rele #FIXItStopIt ki gen ladan yon liy telefòn dirèk 24 sou 24.

Avril – N’ap prepare dizyèm ane kompetisyon talan pou pwochen selebrite nan Miami k’ap fini mwa sa paske final konpetisyon Young Talent Big Dreams lan pra’l kòmanse. Kòm toujou, pa gen okenn FRÈ ENSKRIPSYON. Patisipastyon an gratis nan konpetisyon pou chèche talan kache nan mizik, dans, vwa, konpozisyon orijinal ak pwezi. “Actor’s Playhouse” nan Miracle Theatre a, ansanm avèk sipòtè The Children’s Trust ki ap prezante pwogram sa, envite tout timoun ki gen ant 8 e 17 lane pou yo vini montre talan yo epi fè konpetisyon pou pri tankou bous pou etid atistik, lajan kach oubyen opòtinite pou pèfòmans atistik, plis tikè pou ale nan atraksyon kiltirèl lokal ak teyat.

Me – Timoun nan Miami-Dade ki vle patisipe nan pwogram estaj The Trust la pandan ete a dwe fè aplikasyon yo epi remèt li nan fen mwa. Ane pase a, plis pase 3,000 jèn reyisi fè pwogram estaj la pandan ete a. Pou ka enskri, ale sou https://miami.getmyinterns.org/.

Septanm - Nou pa ka rate pi gwo fèt pou fanmi nan Miami yo. Ekspozisyon an gratis epi li louvri pou tout fanmi nan Miami-Dade. Pi gwo defi pou patisipan nan ekspozisyon yo ane sa se rive vizite plis pase 200 tant yo, ekspozisyon ak jwèt kote nou espere resevwa plis pase 15,000 vizitè.

Novanm - Eleksyon Prezidansyèl la pra’l fèt 3 Novanm. Pi ta nan mwa, The Children’s Trust pral òganize seremoni Champions for Children’s Award 2020. Seremoni sa se yon evenman siyati pami rezo defansè timoun ak fanmi nan Miami-Dade epi ki se yon enspirasyon pou lòt moun swiv yo se yon pakèt lidè lokal ki gen yon palmarès egzanplè atravè sèvis eksepsyonèl yo nan kominote a.