Chwa Entelijan, Fanmi yo Pi Kontan

Ankouraje byennèt sila ke ou renmen yo jodi’a!
Ankouraje byennèt sila ke ou renmen yo jodi’a! 

Travay, timoun, travay nan kay, fanmi... nan mond mache-prese nou an, nou plis toujou anvi pase pran manje pou ale epi neglije kizin lan, gade televizyon olye pou nou al fè espò, epi pran desizyon twò rapid sou bagay ki enpòtan, menm lè nou konnen ke nou pa chwazi sa ki pi bon an – pou nou ak pou pitit nou. Men fason fanmi ki pi okipe a ka amelyore, san ou pa twò deranje bidjè’w oubyen oblije ajiste’w pou ta fè’l. Annik eseye:

Jwen bon kalite, pou bon mache. Fason pou fè fas apre yon jounen byen long ak yon fanmi ki grangou k’ap tan manje nan moman ke yo rantre nan pòt kay la? Se pare alavans! Chache koupon makèt sou entènèt, epi kreye yon plan manje pou tout semèn lan, pwodwi ki pa gen anpil grès ak pwoteyin yo pri yo diminye. Fè yon lis epi swiv li, epi fè makèt nan perimèt menm kalite pwodwi sa yo nan magazen an dabò, kote ou ka tou ranpli panye’w avèk pwodwi bon kalite epi ki bon pou sante.

Pou pa pèdi tan ak depanse twòp kòb, fè anpil manje. “Ou ka itilize rès manje yo pou pare manje midi, nan lòt resèt oubyen sere yo nan frizè pou pita,” se sa Adda Bjarnadottir di, li gen lisans pou nitrisyon epi li se kontribitè nan jounal Authority Nutrition. Konsidere fè anpil manje tou. “Kòmanse piti pandan w’ap double kantite manje a plizyè fwa pandan semèn lan, epi sere rès yo nan frizè pou yon lòt fwa,” se sa Jessica Fisher di, li se otè liv resèt Not Your Mother’s Make-Ahead and Freeze Cookbook. “Avèk tikal efò, w’ap gen yon rezèv manje lakay ou pou lè ou okipe anpil.”

Fè manje avèk “slow cooker” kaswòl elektrik ki kwit manje avèk ti tanperati yo ap fè’w sere ti lajan tou, kòm vyann bon mache ki gentan koupe depi anvan yo souvan yo pi mou epi yo gen plis ji, epi kaswòl elektrik la li menm itilize “definitivman pi piti enèji ke lè w’ap chofe gwo fou a,” se sa Stephanie O’Dea fè konnen, li se otè liv 365 Slow Cooker Suppers, li ekri liv sou manje epi li ekri sou jounal tou. Sa vle di bòdwo kouran pi piti!

Mete tout moun nan fè egzèsis. Retire timoun yo devan televizyon an se premye etap pou jwenn tan pou egzèsis. Etid nan “Harvard University” montre ke gade televizyon depi ti laj tou piti ka gen yon efè ki ka dire lontan, ansanm ak posibilite pou genyen obezite. “Men egzèsis pa oblije vle di al kouri sou machin oubyen leve pwa, ki mande pou gen tan pou sa,” se sa Stephen Virgilio di, li se otè liv Active Start for Healthy Kids. Pito, “Wè ekzèsis tankou yon fason nòmal ke w’ap viv, epi w’ap ajiste ou pi fasil."

Olye pou kouri al lave asyèt yo menm kote ou fin manje a, kite yo la epi fè fanmi an al fè yon ti mache nan zòn lan. Epi, lè yo tout chita devan televizyon pou gade emisyon prefere yo a, fè yo tout kouri kanpe pandan y’ap pase reklam pou fè yo fè ti egzèsis. Epi anvan y’al dòmi, fè yo kouri monte desann eskalye a ou nan koulwa a – sa ap fè yo fatige tou!

Estrateji pou depanse mwens lajan. Ou dwe pi entelijan nan fason ou depanse lajan pou ka sere plis kòb. Chache kisa ke ou pa ta dwe ap peye pou yo, epi evite peye bòdwo yo anreta pou yo pa chaje ou plis. Yon bon lide: Mete dat pou peye bòdwo yo nan telefòn ou pou’w ka evite peye frè penalite – epi kraze kredi’w. Ou dwe rantre nan pwogram k’ap bay avantaj tou, se sa Jeanette Pavini di, li se ekspè sou pa depanse lajan pou sit entènèt Coupons.com. “Pwogram koupon pou kliyan ka ede’w fè ekonomi jiska 40 pousan nan bòdwo makèt ou!”

Evite ale nan nenpòt magazen, “Goodwill” ak “Salvation Army,” se kote ou ka jwenn bon ti rad dezyèm men pou timoun (ak pwodwi tou nèf tou), souvan bon mache. Pi bon toujou? Kòmanse fè “ti boutik” pa’w avèk fanmi’w epi zanmi’w. “Aksepte atik dezyèm men ke yo ba ou,” se sa Lori McDaniel konseye, li se yon ekspè ekonomi sou sit entèn Offers.com. “Ou pa konnen ki valè ekonomi ou t’ap fè sou tout bagay soti nan rad pou rive nan jwèt pou timoun.”