Yon ti fi se emosyone sou paj la devan nan StayHome.Miami

StayHome.Miami

The Children’s Trust Louvri sit Entènèt StayHome.Miami

Nouvo mini sit sa a ap gen anpil resous ak anpil aktivite pou tout fanmi ki oblije ret lakay yo kounye a
Nouvo mini sit sa a ap gen anpil resous ak anpil aktivite pou tout fanmi ki oblije ret lakay yo kounye a 

Miami, FL – The Children’s Trust fèk lanse ofisyèlman yon nouvo sit wèb ki pote non angle  StayHome.Miami, ki vle di tout moun Miami rete lakay nou. Se yon sit wèb ki gen aktivite gratis ak kèk resous gratis epi li gen lòt zouti dijital pou ede paran, pou ede moun k ap okipe timoun epi timoun k ap oblije ret lakay yo pandan pandemi viris Kowona a. Nouvo sit wèb sa a se The Children’s Trust ak patenè li yo ki mete l sou pye, yo kreye sit wèb sa a ak lide “N ap fè fas ak sitiyasyon sa a ansanm.” Sit sa a pral sèvi kòm yon resous apa sou entènèt la epi l ap gen yon gid dijital pou ede tout fanmi nan Miami-Dade kenbe fèm nan moman sa a. 

Se pou fanmi ki rete nan Miami menm yo kreye sit wèb StayHome.Miami an. Sit wèb la fasil pou moun jwenn ransèyman sou li epi chaje aktivite ak ransèyman itil sou sit la. Nan sa ki sou sit la w ap jwenn liv desen Romero Britto pou w telechaje gratis, liv yo li awotvwa, avèk tout yon seri aktivite ak jwèt ki fasil pou fèt. Epi tou sit la ap konekte ak lòt resous The Children’s Trust tankou fòmasyon sou entènèt pou paran, Klib pou paran, ti jounal pou paran ak kèk lòt resous. 

Sit wèb StayHome.Miami a la pou ankouraje tout moun fè kèk aktivite ki amizan, aktivite edikatif, aktivite ki enteresan epi fè kèk pwojè tou pandan tout moun ansanm lakay yo. “StayHome.Miami?chaje ak bon jan enfòmasyon pou ede ni wou ni fanmi ou fè fas ak gran defi sa a ki devan nou kounye a,” sa yo se pawòl PDG James R. Haj.  “Olye nou nan enkyetid ak konfizyon, nou vle w wè moman sa a tankou yon moman ki chaje ak espwa, kote nou kab fè anpil aktivite an fanmi.”

“Sa k ap pase la a kounye a ap pouse nou mennen aktivite nou yon lòt jan epi pou nou dekouvri fòs nou kòm lidè,” sa yo se pawòl Ximena Nunez, direktè Kominikasyon nan òganizasyon The Children’s Trust. “Ak platfòm sa a nou vle montre yon diferan pèspektiv sou tout sa k ap pase a. Nou vle pou nou la kòm yon resous pou tout fanmi epi pou tout timoun kon sa y ap kab pwofite tan y ap pase lakay yo ansanm pandan 
y ap pwoteje tèt yo.” 

Kòm The Children’s Trust toujou la pou soutni timoun ak fanmi nan Miami-Dade County, li ogmante angajman li pran pou l ede moun Miami-Dade ki pi frajil nan moman pandemi viris sa a ki frennen aktivite prèske tout moun. Òganizasyon The Children’s Trust ap kontinye finanse lòt òganizasyon k ap travay ansanm avè li yo epi l ap chèche plis mwayen pou sèvi kominote a, youn nan mwayen sa yo se sit wèb StayHome.Miami a.

Klike la a pou w gade videyo StayHome.Miami a. 

Ransèyman sou “Children’s Trust”
The Children’s Trust se yon sous finansman apa moun ki nan vil la vote pou yo mete l sou pye nan yon referandòm pou amelyore lavi timoun ak fanmi yo nan Miami-Dade County. Children’s Trust fè amelyorasyon sa yo lè li envesti nan avni timoun epi nan avni fanmi yo.