The Children’s Trust ak COVID-19

Production Perig/stock.adobe.com

The Children’s Trust ak COVID-19

Ki Sa Nou Te Fè; Kisa Nap Fè
Ki Sa Nou Te Fè; Kisa Nap Fè 

Ane 2020 an fè nou aprann sa yo rele andirans ak kapasite adaptasyon pou n navige atravè bezwen kominote nou an, etan n ap fè fas ak nouvo sitiyasyon nou vin ap viv la. Depi mwa mas 2020, The Children's Trust kontinye opere kòmsadwa, kote l montre enpòtans li ak bon rezilta li bay nan yon anviwònman travay a distans, pandan li rete fèm nan angajman l pou timoun ak fanmi nan Miami-Dade County, Florida. The Children’s Trust ofri sipò enpòtan pou garanti yon anviwònman sennesof ki kore tout moun, lè n konsidere tout difikilte ajans nan kominote a rankontre nan sèvis y ap bay timoun yo ak fanmi yo.

The Children’s Trust kontinye kenbe finansman li bay prèske 200 founisè sèvis nan prèske 1400 plas diferan, kote angajman li pran depase 9.7 milyon dola chak mwa an mwayèn.

3.1 milyon dola kòm fon ijans pou konbat KOVID-19 la pandan ane fiskal 2019-2020 an

  • 66 000 dola te al jwenn Challenge To Change pou ede timoun ki nan sistèm byennèt sosyal ameriken an, avèk yon latriye sèvis pou kore ansèyman a distans ak bezwen emosyonèl pandemi KOVID-19 la vin lakòz.
  • 68 000 dola te ale nan vilaj ki rele Lotus Village, yon plas pou moun ki pa gen kay, epi ki sèvi pou bezwen fi ak timoun ki nan plas sa a.95 000 dola te sèvi pou achte plis pase 560 000 kouchèt pou ede fanmi ki nan bezwen. Sa te fèt nan patenarya ak Miami Diaper Bank.
  • 100 000 dola anplis te al jwenn Educate Tomorrow, pou ede ak bezwen debaz ann ijans, tankou lwaye, medikaman ak manje pou jenn moun k ap kite fanmi akèy yo.
  • 200 000 dola te sèvi pou efò klinik mobil seksyon pedyat University of Miami nan fè tès ak lòt sèvis pou KOVID-19 la.
  • 310 000 dola te sèvi pou achte ekipman pou proteksyon pèsonèl (PPE) nan 3 ka ansanm ak patenarya Community Health of South Florida. Ekipman yo te nesesè pou garanti sekirite founisè swen yo ansanm ak sekirite timoun ak fanmi y ap sèvi yo, etan n ap kontinye jere kantite demann ki genyen pou sèvis sa yo. Te gen plis pase 500 000 PPE tankou mask, tèmomèt, dezenfektan pou men, blouz, gan ak ekran pou vizaj.
  • 500 000 dola te al jwenn fon ki rele United Way of Miami-Dade's Miami Pandemic Response Fund pou ede fanmi ki nan bezwen ijan tankou pwoblèm peye kay, manje, kouran ak dlo, epitou pou finanse ti biznis yo.
  • Yo te apwouve 1 700 000 dola pou depans ijan nan 99 lòt pwogram pou pi byen jere sèvis y ap ofri timoun yo ak fanmi yo.
  • Founisè swen sante ki fonksone anndan lekòl yo te jwenn otorizasyon pou itilize enfimyè lekòl kou yo ak ajan sante mantal nou yo, pou travay nan klinik pa yo ak prensipal biwo yo genyen yon fason pou kominote a te ka jwenn plis moun nan batay k ap fèt kont KOVID-19 la.
  • Lansman yon kanpay vaksinasyon ak vizit pou kontwole byennèt timoun yo akoz rediksyon ki te gen nan travay sa yo e ki makonnen ak defi ansanm ak laperèz KOVID-19 la pote.

Ogmantasyon sipò pou fanmi yo

  • Nan kòmansman lè tout bagay t ap fèmen, The Children's Trust te lanse yon sit entènèt entèraktif konplè ki rele StayHome.Miami. Li gen plis pase 85 paj ak enfòmasyon ki disponib nan 3 lang – anglè, espanyòl ak kreyòl – epi li sèvi kòm resous santral pou paran yo ak kominote a ansanm ak tout kominote a, pandan pandemi a. Rive jodi a, sit la gen prèske 200 000 moun ki vizite li. Efò sa a te jwenn yon pri nan men pwogram ki rele Special Districts Award Program anndan Government Technology Magazine. Li te resevwa pri pou inovasyon teknoloji nan kategori Sitwayen.
  • Bilten nou an ki rele Parenting Our Children (jan pou n leve timoun nou yo) ap vin parèt sou fòm dijital sèlman epi pwodiksyon an ap fèt chak semèn pito olye chak mwa, pou paran yo ka jwenn asistans anplis pou 51 000 abone an liy nou yo.
  • The Children’s Trust Book Club, ki ofri liv gratis chak mwa pa lapòs, te vin pran plis ekstansyon nan mwa jiyè a pou l ka anrejistre timoun ansanm ak fanmi yo depi jou yo fèt pou rive nan laj 5 an, sa pèmèt yo anrejistre 21 500 timoun pou rive nan fen ane a.
  • Plis pase 2 000 jèn ki nan fen etid segondè yo te rive jwenn travay pandan ete a kote yo fè esperyans travay pou lajan nan reyalite lavi yo, nan anviwònman vityèl ansanm ak rankont sennesof an pèsòn, nan tout konte a, atravè pwogram entèna pou jèn pandan sezon ete nou an: Summer Youth Internship Program.
  • Te gen yon lòt 200 000 dola pa ane anplis pou pwogram lajenès ak asistans pou swen a domisil pou bay sèten fanmi yon souf, dapre gwoup diskisyon ki fèt ak paran ansanm ak founisè swen sou fason yo ka jwenn plis timoun ki bezwen anpil anpil sipò patisipe nan pwogram The Children’s Trust yo.
  • Nou te distribiye 4 600 valiz lekòl ak 200 ekoutè (kas) bay 72 òganizasyon pou ede ak inisyativ retounen lekòl la.

Ogmantasyon kominikasyon ak sipò founisè sèvis kominotè

  • Ankèt regilyè ak founisè yo: Plizyè santèn founisè (avèk 100% repons) te reponn nan twa gwo sondaj ki te fèt nan mwa avril, mwa jen ak mwa out. Ankèt yo te fèt pou evalye kapasite fonksyònman yo, teknik adaptasyon yo defi yo rankontre ak asistans yo bezwen, ansanm bezwen ak defi timoun, jèn ak fanmi founisè sa yo ap sèvi yo. Yon lòt ankèt apwofondi te chita sou bezwen, defi ansanm ak lòt difikilte founisè yo rankontre etan y ap anvizaje fason pou reprann aktivite yo an pèsòn pandan ete a. Epitou ankèt final la te kontribiye pou plan sèvis ki oblije chanje pou yon ti tan e ki detaye ki jan pwogram yo kapab satisfè bezwen fanmi yo, etan y ap konsidere machasuiv pou sante ak sekirite yo dwe respekte pandan sèvis yo kòmanse ap relouvri.
  • Seyans kòmantè founisè yo: 150 manm pèsonèl pwogram ki gen yon kontra te pran pa nan 5 seyans sou inisyativ espesyalman, nan mwa avril, out ak septanm, pou yo te kapab di mo pa yo yon fason ki ede n nan konsèy ak desizyon nou sou kesyon kontra ak sèvis epi ki ede n nan sèten desizyon enpòtan.
  • Seyans enfòmasyon an liy ak founisè: Plis pase 400 patisipan te suiv chakenn nan de seyans nou te genyen ann avril ak out pou pataje resous ak asistan pou moun defann yo ak KOVID-19 la. Pami sijè yo te diskite yo, te genyen machasuiv sou kontra, fakti ak sèvis Trust ofri, lide founisè yo sou siksè pwogram ki adapte yo ak leson moun tire nan sa, ansanm ak seyans an gwoup pi piti sou inisyativ, pou kesyon ak diskisyon.
  • Fòmasyon an liy pou founisè: Devlopman sijè enpòtan nan moman an, tankou Kesyon ak konsèy pou kore byennèt emosyonèl nou pandan KOVID-19 la ("The Big 5: Questions & Tips to Support Your Emotional Well-Being During COVID-19") ak Ede fanmi debat yo anba KOVID-19 la (“Navigating Uncertainty: Helping Families Cope as a Result of COVID-19”) pou kèk konsèy pratik ak ladrès pou ede founisè yo bati andirans epi jere estrès pandan kriz la. Epitou gen yon seri sou fason pou ofri sèvis pa konferans videyo ("Considering Delivering Services Through Video Conferencing"), pou ede founisè yo detèmine ki lè ak ki jan yo ka itilize konferans videyo pou pi byen sèvi fanmi yo.

Patenarya epi sèvi kòm defansè

  • Nan kòmansman pandemi an, The Children’s Trust te fè reyinyon ak on gwoup dirijan egzekitif ki te konn fè apèl pa telefòn chak semèn pou kontinye travay ansanm pou ede kominote a pandan moman kriz sa a. Nan gwoup sa a te genyen PDG pou Beacon Council, Miami Foundation, Florida Blue, Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe, United Way of Miami-Dade, Greater Miami Chamber of Commerce , The Children’s Movement, Early Steps, Health Foundation of South Florida, Career Source, Marlins Foundation, Health Choice Network ak anpil lòt ankò.
  • The Children's Trust te òganize yon seminè pa entènèt, ansanm ak the Greater Miami Chamber of Commerce epi Beacon Council. Seminè an liy sa a te fèt espesyalman pou founisè ki resevwa finansman nan men Trust anba lwa ki rele CARES Act ki bay enfòmasyon sou resous ak asistans ki disponib pou sipòte òganizasyon ki p ap chèche pwofi e ki sibi konsekans pandemi kowonaviris la.
  • Antanke yon pati nan gwoup travay sou KOVID-19 la nan konte Miami-Dade (Miami-Dade County’s COVID-19 Task Force), majistra Mayor Carlos Gimenez nonmen Prezidan direktè jeneral The Children’s Trust la pou dirije Komite pou gadri, pwogam ete ak espò, ansanm ak program aprè lekòl yo. Nou kontinye ap travay bò kote konte a pou revizyon ak mizajou machasuiv sou “Nouvo sitiyasyon nòmal” la, pou kenbe bezwen kominote nou an, founisè ak asosye yo nan premye plan.
  • The Children’s Trust ap kontinye sèvi kòm defansè pou asire konte Miami-Dade la resevwa pati resous li merite pou ede redui konsekans KOVID-19 la.

6 milyon dola kòm sipò anplis pou founisè swen yo pandan ane fiskal 2020-2021 an

  • Yon finansman 500 000 anplis te al jwenn pwogram Family and Neighborhood Support Partnerships kòm sipò ijans pou fanmiy yon fason pou diminye pwoblèm oubyen konsekans mank manje, pèt travay, mande moun kay, koupe dlo ak kouran ak met lavi timoun an danje anpil fwa akoz twòp bagay ki bay fanmi estrès, avèk yon mank nan bezwen ki pi senp yo tankou manje ak kote pou yo rete.
  • Te gen 700 000 dola anplis nou te envesti nan pwogram pou ranfòse fanmi yo ki pote sipò pou sante mantal ak swen pou jèn, paran ak fanmi ki sibi chòk emosyonèl pandan yo nan pandemi an.
  • 800 000 dola anplis te sèvi pou kontinye agrandi pwogram liv The Children’s Trust Book Club pou timoun depi jou yo fèt rive nan laj 5 an, kote enskripsyon pou timoun sa yo konsantre sou 11 kòd postal (ZIP codes) kote ki gen plis timoun ki nan povrete epi pa gen anpil devlopman nan langaj, preparasyon pou lekòl ak bon kapasite nan fè lekti.
  • Yon lòt finansman pou 3 milyon dola sèvi pou ogmante 5 lòt bous etid pou swen timoun anndan Thrive pou fanmi k ap viv 300% pi ba nivo povrete gouvènman an etabli yo, epi yon lòt 1 milyon dola te sèvi kòm diferans peyman kalite pwogram ki gen plizyè nivo nan pwogram preskolè pou fanmi k ap viv 150% pi ba nivo povrete ki tabli yo.