Ti gason ak mask oksijèn.

Saran/stock.adobe.com

The Children’s Trust pran angajman pou l ofri kout men bay tout timoun, tout fanmi ak tout anplwaye Sèvis ijans pandan pandemi viris kowona a

Trust ap otorize finansman pou pèmèt plizyè òganizasyon ret ouvè pi lontan nan on jounen
Trust ap otorize finansman pou pèmèt plizyè òganizasyon ret ouvè pi lontan nan on jounen  

Miyami, FL – Defi pandemi viris kowona a gaye toupatou, yon bagay ki poko janm rive anvan, epi Fon ki la pou ede timoun ki rele “The Children’s Trust” la ap fè tout sa l kapab pou l ede timoun ak fanmi ki nan Miami-Dade jwenn sèvis ak resous ki pi nesesè pou yo. Pou fè travay sa a, The Children’s Trust ap travay ak kèk patnè nan kominote a epi ak moun k ap bay timoun ak fanmi sèvis ki nesesè pou asire gen posiblite pou pran ka timoun, gen resous pou pran ka timoun epi gen aktivite pou timoun ki disponib pou fanmi ki bezwen sèvis sa yo. 

The Children’s Trust an kontak ak kote ki la pou bay sèvis yo epi l ap otorize finansman pou peye pou tout sèvis anplis oswa pou sèvis ki oblije ret ouvè pou pi lontan. The Children’s Trust ap la pou bay sipò tou pou sèvis yo bay moun k ap travay nan pwogram yo pandan moman sa a, depi pwogram sa yo suiv règleman lwa lokal ak lwa federal ki la pou sa. 

Met sou sa, pou ede kèk òganizasyon The Children’s Trust finanse ki pa kab ouvè pou yo bay sèvis, The Children’s Trust dakò pou l kontinye finanse òganizasyon sa yo ak anplwaye sa yo pou soulaje yo pou depans yo gen pou yo fè pandan moman sa a.

Finalman, The Children’s Trust ap travay pou kounye a ak ajans ki gen patenarya avè l, ansanm ak lòt resous nan kominote a pou pran swen timoun epi ofri lòt sipò anplis bay anplwaye sèvis ijans ki ofri tèt yo pou ede tout kominote a pase move moman sa yo. 

“The Children’s Trust” ap kontinye bay sèvis li pandan tan sa a, pandan l kite anplwaye l yo travay lakay yo. “The Children’s Trust” ap kontinye suiv sitiyasyon sa a k ap chanje rapid la epi l ap anonse lòt desizyon l ap gen pou l pran ofiramezi sitiyasyon an ap chanje. Si w bezwen plis ransèyman al sou sit sa a: www.TheChildrensTrust.org 

Enfòmasyon sou “The Children’s Trust”
“The Children’s Trust” se yon sous finansman ki la pou ede timoun. Se popilasyon an ki te vote pou yon referandòm pou tabli fon sa a pou amelyore lavi timoun ak fanmi yo nan Miami-Dade County nan fè kèk envestisman enpòtan pou avni timoun yo.