Yon fanm li pou pitit fi li.

Monkey Business/Shutterstock

The Children’s Trust Book Club la ap Pran Espansyon pou Tout Timoun nan Miami-Dade Rive sou sa ki gen 5 an

Enskri jodi a pou nouvo pwogram ki kòmanse an Jiyè
Enskri jodi a pou nouvo pwogram ki kòmanse an Jiyè 

Pandan tout paran ap grate tèt yo chèche aktivite pou pitit yo fè, men y ap bay liv gratis pou timoun piti, sa k ka pi bon pase sa? Plis liv gratis toujou pou timoun piti, pa gen manti nan sa. 

Depi 2016, tout timoun 3 an ki rete nan Miami-Dade County gen aksè a yon Klib liv ki voye yon liv gratis ba yo pa lapòs chak mwa. Men lè grannvakans yo kòmanse ane sa a, y ap ofri pogram sa a bay tout timoun nan vil la ki gen 3 an rive sou 5 an. Sa vle di fanmi ki fèk fè pitit ki enskri nan pogram nan ap kab resevwa jiska 60 liv gratis pou pitit yo avan yo antre nan kindègadenn. 

Se objektif lan sa, tout bon. Pogram nan, Klib liv The Children’s Trust Book Club la, voye yon liv swa ann Angle swa an Panyòl chak mwa bay timoun pou ede prepare yo pou yo antre lekòl epi pou yo jwenn siksè nan lavi yo. Lè w li liv pou timoun sa chaje imajinasyon, sa ede yo devlope vokabilè yo epi sa ede yo aprann koute byen, epi sa fè yo amelyore pèfòmans yo lekòl.

“Nou konnen faz ki pi enpòtan nan aprantisaj timoun se faz anvan yo antre nan kindègadenn,” sa yo se pawòl James R. Haj, PDG The Children’s Trust. “Lè nou elaji Klib liv la pou tout timoun depi sou sa ki fèk fèt rive sou sa ki gen 5 an sa fè yo vin gen tout yon seri liv a dispozisyon yo. Kon sa plis paran epi plis moun k ap okipe timoun ap kab chita ansanm ak pitit yo pou yo ranmase plis konesans sou tout kote sou latè a epi youn ap kab aprann de lòt.”

Nan tèt ansanm ak Miami-Dade Learning Partnership, The Children’s Trust ap lanse pogram pou elaji Klib liv la nan mwa jiyè a, lè sa a ni timoun yo ni fanmi yo va pare epi y ap kapab enskri nan pogram nan, gratis. 

An menm tan y ap elaji Klib liv la, nouvo Klib liv la ap fè sa pi fasil pou fanmi enskri nan pogram nan paske y ap kab annik voye yon tèks ki make “READ” nan nimewo sa a 786.460.CLUB (2582). Klib liv la gen nouvo gid lekti entèyaktif pou ede paran aprann meyè fason pou yo li pou pitit yo epi pou yo pataje chak liv yo li ansanm ak pitit yo epi tou kouman yo kab asire moman yo pase ansanm yo se de bon moman. 

Pou liv yo menm, Klib liv la gen liv klasik, li gen liv ki resevwa prim, li gen liv ki fèt ak anpil foto pou timoun ki fèk fèt epi pou timoun ki tou piti. Yo chwazi tout liv yo espesyalman pou ede timoun devlope premye ladrès yo bezwen pou yo aprann li pou yo kab pare pou lekòl, epi sitou, pou yo kab pran plezi yo ap li ansanm ak tout fanmi yo!
 

Plis pase 90 pousan paran ki enskri pitit yo nan Klib liv la lè l te fèk kòmanse, fè konnen yo li pou pitit yo 3 fwa pa semenn oswa plis pase sa. Menm paran sa yo fè konnen tou, sa aprann yo chwazi liv ki fèt pou laj pitit yo. Epi tout paran sa yo di lè yo li pou pitit yo sa fè yo vin pi konprann sa sa vle di pou yon timoun pare pou l antre lekòl.

Malgre nou deja distribiye plizyè dizèn mil liv, lè nou lanse nouvo Klib liv la, òganizasyon The Children’s Trust swete enskri jiska 90 pousan tout timoun ki gen mwens pase 5 an ki rete nan Miami-Dade County nan pwochen 5 an k ap vini yo.