Book Club Giraffe

The Children’s Trust ap entwodi Klib liv gratis la ann angle “Book Club” pou fè tèt timoun yo travay

Pogram nan ofri liv gratis pa lapòs chak mwa pou timoun ki fèk fèt rive nan laj 5 an
Pogram nan ofri liv gratis pa lapòs chak mwa pou timoun ki fèk fèt rive nan laj 5 an 

MIAMI-DADE COUNTY, FL  – The Children’s Trust entowi nouvo, pogram klib liv li a pou ede timoun piti devlope ladrès pou yo aprann li pou yo kab pare pou lekòl epi pou yo kab amize yo ansanm ak fanmi yo. Yo amelyore pogram nan epi yo elaji l tou. 

Kòmanse an jiyè 2020, Book Club la ap ofri liv gratis pa lapòs pou timoun ki fèk fèt rive sou sa ki gen 5 an ki rete nan Miami-Dade County. Tout moun ki enskri kòm manm klib liv la ap resevwa yon nouvo liv chak mwa ann Agle oubyen an Panyòl. Y ap resevwa yon gid pou paran ki gen aktivite paran kab fè ak piti yo, gid la ap gen enfòmasyon epi l ap gen sijesyon sou kouman paran kab sèvi ak liv yo ansanm ak pitit yo. 

Se Miami-Dade Family Learning Partnership ki chwazi liv yo pou òganizasyon The Children’s Trust , pami liv sa yo gen liv ki resevwa prim epi gen liv komik ki va enterese menm timoun ki tou piti yo “ti lektè yo.”

“Pi bonè ou kòmanse li pou pitit ou, sa ap fè yo gen plis chans pou yo reyisi lekòl epi reyisi nan lavi yo. Se yon bagay ki senp wi,” se sa James R. Haj di, Prezidan epi PDG The Children’s Trust la. “Nouvo klib liv “Book Club” nou an rekonèt sa, se sa k fè yo ofri plis liv kounye a chak mwa gratis pou tout timoun ki fèk fèt rive nan laj 5 an ki rete nan Miami-Dade. Sa vle di 60 liv gratis an total. Se kon sa ou va kòmase pataje plezi ki genyen nan fè lekti ak pitit ou pou tout vi yo.”

Rezon ki fè nou kòmanse “Book Club” la pandan ete a se poutèt pou nou kab ede timoun yo evite fè bak nan nivo konpreyansyon yo nan lekti. Gras a sipò pogram sa a, yo kapab pran pa nan aktivite lekti epi yo kab pran pa nan aktivite ki mande pou yo li ak ekri menm anvan yo rantre nan klas preskolè epi nan kidègadenn. Anpil fwa sa fè yo vin gen pi bon nòt lekòl epi sa ede yo fini lekòl segondè epi kontinye al nan kolèj kote yo kontinye gen reyisit lè yo vin pi gran. 

Paran kab enskri pitit yo genyen ki fèk fèt rive sou sa ki gen 4 an edmi, lè yo voye yon tèks ki make swa “Read”, swa  “Liv” oubyen “Leer” sou nimewo sa a 786-460-CLUB (2582) oubyen yo gen dwa enskri sou sit sa a www.TheChildrensTrust.org/BookClub 

###

Enfòmasyon sou “The Children’s Trust” 
Fon “The Children’s Trust” la se yon sous finansman apa yo met sou pye pou amelyore lavi timoun ak lavi fanmi yo nan Miami-Dade County. Fon sa la gras a yon referandòm popilasyon an vote pou mete l sou pye. Pou reyalize travay sa a, y ap fè kèk envestisman byen kalkite nan avni timoun ak avni fanmi yo.  Pou plis ransèyman, al sou sit sa a www.TheChildrensTrust.org.