Devwa ap bay on papa ak de pitit li yo pwoblèm.

Artem/stock.adobe.com

Byen Prepare Retounen Lekòl la

Fòmil sekrè pou yon tanzisyon dous pou sòti nan vakans ete a
Fòmil sekrè pou yon tanzisyon dous pou sòti nan vakans ete a 

Tout founiti eskolè yo gentan nan sak yo, bwat manje midi yo pare epi rad premye jou yo gentan pare. Ou menm ak pitit ou santi ke nou pare pou premye jou klas la. Men èske ou pare vreman? Vre tès la kòmanse kounye a pou paran yo: Kòman pou fè tranzisyon vakans ak retounen lekòl la pou premye semen lekòl la kapab yon siksè?

“Pandan premye semen lekòl yo, nouvo anviwonman, materyèl, ak moun kapab plen tèt yon timoun,” se sa Doktè Bruce D. Perry ekri nan atik li a Beginning School: How Children Process New Experiences. Dapre Perry, premye semen lekòl yo kapab debòdan pou yo, epi planifikasyon se kapab pi bon mwayen pou bloke efè negative yo.

Pou ou menm ak pitit ou rive simonte premye semèn lekòl la epi garanti reyisit ane akademik la, fòmil ke nou pra’l ba ou la ap ede’w planifye premye semen lekòl la.

Kòmasne Tanzantan Chanje Lè Dòmi yo
Ale dòmi se petèt dènye aksyon pou jounen an, men dòmi an ta dwe yon priyorite pandan premye semen lekòl lan pou ka evite tansyon kay timoun yo epi fatig kay paran yo. American Academy of Sleep Medicine konseye timoun dwe dòmi pou pi piti 8 èdtan chak jou. 

Li enpòtan pou paran yo kòmanse ajiste lè dòmi yo depi 2 semèn alavans. Si pitit ou bezwen sipò pou’l fè tranzisyon al dòmi bone a, ankouraje yo pou yo fè aktivite ki fatigan nan apremidi epi benyen ak dlo cho avan y’al dòmi, epi fèmen televizyon ak tout lòt aparèy elektronik 2 èdtan alavans pou pi piti avan y’al dòmi.

Prepare yon Meni Chak Semèn
Manje ki bon pou sante yo konn gen tandans pran vakans tou ansanm ak fanmi an, men lè a rive pou kite manje trete sa yo, kola ak pitza dèyè. Centers for Disease Control and Prevention (CDC) di ke manje byen enpòtan anpil pou reyisit lane akademik la. Pa gen pi bon lè ke premye semen lekòl la pou etabli yon plan pou manje. Fè timoun yo ede nan planifikasyon sa chak semen etid montre ke timoun ki ede prepare manje yo gen mwens pwoblèm ak nitrisyon epi yo pi fokis nan klas la.

Ou ka fè plis toujou ak preparasyon manje yo lè ou fè timoun yo ale nan makèt ak ou, kote ou ka aprann yo fè bon chwa lè y’ap achte engredyan.

Teknoloji Kapab Ede tou
Nan anpil kay, timoun pa janm kontan lè paran yo di yo depose aparèy elektronik yo. Men se pa itilize teknoloji a ki pwoblèm lan; reyalite a, ou ka itilize zouti sa yo nan avantaj ou epi etabli limit itilizasyon selon laj yo.

Aplikasyon tankou myHomework, yon “sak lekòl vityèl” pou fè devwa ak tout dat limit yo; Konnen ke, sa ede moun ki ap itilize li yo kreye lis bagay yo gen pou yo fè; oswa “Flocabulary” (ki se yon pwogram ki kreye mizik rap edikatif), ki fèt ak rim pou pèmèt timoun aprann, sa ke ede’w etabli yon woutin. Common Sence Media, yon òganizasyon ki la pou ede paran ak pwofesè konprann mond dijital la avèk pitit yo, rekòmande pou etabli orè ak kote, pandan jounen ke pèsòn nan fanmi an pa dwe itilize aparèy elektronik.

Retounen lekòl pa ta dwe vle di retounen nan estrès, epi swiv konsèy sa yo ap ede’w fè tranzisyon pou sòti nan ete a pou rantre nan lane akademik la avèk mwens pwoblèm posib ak timoun yo.