Chery en die seun Jonathan-David Chery geniet 'n Box Joy-pakket.

Photo courtesy of Nakia Bowling

Box Joy: Mete Fanmi yo Ansanm lè yo Plis Bezwen sa

Pwogram Innovation Fund ki resevwa fon nan men Trust la ap travay Opa-locka
Pwogram Innovation Fund ki resevwa fon nan men Trust la ap travay Opa-locka 

Ou Sonje lè w te konn ap tann yon bagay espesyal pa lapòs lè w te timoun, eksitasyon w te genyen nan gade pou wè ki lè faktè katye w la ap vini oswa lè w louvri bwat postal ou pou w wè si sa ou t ap tann nan rive. Leplisouvan kè kontan ou te santi nan tann pake a konn pi bon pase satisfaksyon w jwenn nan kèlkeswa sa w t ap tann nan. Timoun jodi a jwi bwat abònman prèske menm jan an – livrezon pake espesyalize ki fèt souvan pote tout kalite kado oswa pwodui pou yo.

Nan vil Opa-locka, kounye a gen bwat abònman yo voye bay 60 fanmi ki pote tout eksitasyon menm livrezon sa yo, men ak yon bagay ki pi espesyal toujou anndan yo – kè kontan! Yon pogram yo rele Bwat Kè Kontan [ann angle: Box Joy] ap konbine eksitasyon ki genyen nan ide livrezon bwat abònman an ak enpòtans ki genyen nan reyini fanmi ansanm nan moman difisil pou yon kòz ki pi nòb toujou: bon sante mantal.

Se Sant Devlopman Kominotè Opa-locka (Opa-locka Community Development Center) ki devlope pogram Box Joy la; objektif li se abòde yon sijè moun pè pale nan fanmi Nwa Ameriken – sante mantal –yon nouvo fason, ki enklizif e ki amizan. Pogram nan jwenn finansman nan men pogram Fon Inovasyon [ann angle: Innovation Fund] The Children’s Trust la.

"Nou te vle esplwate sante mantal yon fason ki aseptab pou moun nwa," sa se pawòl Nakia Bowling, Direktè Depatman Sèvis Fanmi ak Kominote (Department of Family Service and Community) pou Sant Devlopman Kominotè Opa-Locka. “Bwat abònman se gwo zafè pou timoun; pitit fi mwen kontan anpil lè li resevwa abònman li chak mwa.”

Bowling di Box Joy gen ladan l aktivite ak pwodui sante mantal ki ede fanmi devlope bon relasyon pandan moman tèt chaje. "Yo resevwa yon bwat pa lapòs ak tout kalite kado pou yo ka fè bagay sa yo ak fanmi yo." 60 fanmi ki pran pa nan pogram Box Joy la deja resevwa de livrezon mansyèl ki ankouraje entèraksyon pozitif ant jenerasyon fanmi yo plizyè fason enteresan e amizan. Pogram nan ap fèt rive jouk nan fen ane a, ak yon bwat chak mwa k ap abode yon tèm diferan sou sante mantal.

Pogram nan gen yon reyinyon chak mwa tou ak yon terapet sante mantal pou pale de pwoblèm nan fanmi an epi diskite sa fanmi an ka aprann nan aktivite yo patisipe yo. Bowling esplike konsèp Box Joy la se yon mwayen pou fasilite yon terapet nan sitiyasyon difisil, yon bagay fanmi Nwa Ameriken ezite fè anpil fwa.

"Moun nan fanmi nou pa t janm pale vrèman de sante mantal e se kon sa sa ye nan anpil fanmi. Moun pa pale de sa. Nou pa met koze nou nan lari", li te esplike. "Men pafwa ou bezwen èd pwofesyonèl." Premye siksè pogram nan te genyen nan fè fanmi reyini ansanm epi nan ede yo jwenn èd yo bezwen te pèmèt nou fè plan pou agrandi pogram nan.

Box Joy se youn nan 22 pogram Children’s Trust Innovation Grant te finanse ane pase ak sibvansyon, ki konsantre sou nouvo fason pou adrese sa kominote a bezwen kounye a.