Ti gason ki ap chante epi ki ap jwe gita.

Africa Studio/stock.adobe.com

Bote Apresyasyon

5 fason kreyatif pitit ka di mèsi
5 fason kreyatif pitit ka di mèsi 

Nòmalman tè timoun chita pou ekri nòt pou di mèsi kapab pa fè pati jounen an ankò, men aprann timoun yo rekonè jantiyès lòt moun enpòtan toujou – pa paske senpleman se pi bon bagay pou fè.

Rechèch montre ke timoun ka amelyore lè yo pran abitid di mèsi – tankou kè kontan epi rezistans, ranfòse fòs sèvo a, dòmi pi byen epi gen yon pi bon sistèm iminitè – pa ta dwe neglije sa. Alòs ankouraje pitit ou pou yo eksprimie gratitid yo nan fason inik ak espesyal; demare ak senk opsyons ekstraòdinè sa yo!

1. Fè yon desen ekstraòdinè. Timoun renmen kreye, alòs ba yo yon bwat kreyon desen ak papye epi di kreye yon bèl desen pou eksprime gratitid yo. Si yo paka pote’l pèsonèlman, Fè foto yo pandan yo kenbe’l epi voye foto a bay moun ki konsène a. Ou ka toujou poste foto a tou sou paj Facebook ou oswa paj Twitter ou pou lòt moun ka wè’l – oswa menm ankouraje yo voye remèsiman pa yo bay yon moun ki merite sa.

2. Plante pye flè “pou di mèsi.” Plante ti pye flè, itilize ti bokal pwòp ke ou ta pra’l jete se yon fason ki pa chè pou timoun yo “di li avèk flè” lè y’ap montre apresaysyon yo bay yon moun ki te fè jantiyès ak yo. Degi: Rive fè ti grenn ke yo plante a fleri se yon opòtinite pou aprann tou!

3. Chante yon mizik. Yon ti videyo rapid kote pitit ou ap chante yon ti chanson apwopriye – tankou “You Are My Sunshine,” “Gratitude” yon mizik Earth, Wind & Fire oswa “In My Life” yon mizik la Beatles – voye’l nan bwat mesaj yon moun se sèten ke moun sa pra’l souri pandan tout jounen an.
 
4. Fè yon bon zèv. Nou tout konnen ansyen pwovèb sa, “aksyon fè plis bri ke pawòl.” Fè timoun yo mete sa an pratik, lè nou ankouraje yo fè bagay pou lòt moun tankou yon travay nan kay la, fè komisyon, oswa ofri pou yo veye pi piti yo. Jis asire ke tach yo apwopriye pou laj yo.

5. Voye yon ti kado pou yo. Kit se yon asyèt bonbon, yon kat lajan pou achete yon tas kafe oswa menm yon ti bwat chokola ki vlope, ki di mèsi ak yon bagay ki sikre tout moun renmen sa!