Yon manman Afriken Ameriken medite ak de jèn timoun li yo.

fizkes/stock.adobe.com

Bati Espirityalite nan Pitit ou

Gran save twouve timoun espirityèl apresye tèt yo, yo gen rezistans
Gran save twouve timoun espirityèl apresye tèt yo, yo gen rezistans  

Petèt pitit ou konn mande: “Pou ki sa sa enpòtan pou m pataje sa m genyen avèk lòt moun, pou m fè bon timoun, pou m janti.” Repons lan ka fasil pou paran ki relijye: se kon sa relijyon pa yo oubyen Bondye di yo pou yo aji. Men pou sila yo ki pa relijye, repons lan ka mwen fasil. Yon repons ka soti nan espirityalite.

Yo di espirityalite se kwayans ak jan moun pran swen lespri ak nanm moun. Lepli souvan nou jwenn espirityalite timoun nan relijyon, men tou se yon bagay ki depase yon kwayans nan yon pisans ki siperyè. Sa mande yon sansiblite pou sa ki plis pase bagay materyèl oubyen fizik, sa mande yon sistèm kwayans ki kapab ede timoun defini sa ki byen ak sa ki mal. Mete sou kesyon elve “bon” timoun, gen de rezon pratik pou moun vle elve timoun ki espirityèl, paske rechèch ki fèt toujou montre timoun ki gen yon sans responsablite byen devlope se timoun ki pi kontan ; yo 80% mwen fasil pou yo soufri depresyon e yo 50% mwen fasil pou yo tonbe nan dwòg nan adolesans yo.

4 fason pou w kòmanse anseye espirityalite

Men difèt ou annik kwè nan bon bagay ki genyen nan espirityalite, sa pa vle di pitit ou ap soti espirityèl non. Men 4 fason paran kapab ede pitit yo derape sou chemen yon lavi espirityèl.

Chache konprann lide espirityèl dèyè chak fèt

Fèt Pak, Ramadan, Pak Jwif ansanm ak lòt fèt relijye moun fete toupatou, se fèt ki vin ak yon pati espirityèl. Paran ta dwe puize nan pati espirityèl la. Ata moun ki pa relijye ka itilize jou fèt pou yo pale jan sa enpòtan pou moun pase tan ansanm, pandan y ap selebre benediksyon epi pandan youn ap pran swen lòt. Dapre jan Fèt Remèsiman an ye (Thanksgiving) nan li menm, se yon mwayen ki pa relijye pou moun abòde sijè espirityalite a yon fason pozitif epi avèk rejwisans.

Adopte prensip natirèl

Lanati toujou la nan vi timoun Miami e se yon bon mwayen pou moun devlope apresyasyon pou jan lavi konekte espirityèlman. Montre timoun enpòtans apresye lanati, epi pwoteje anviwònman an sa ka montre yo jan sa mande efò tout moun nan lavi a pou sosyete a ka pwogrese. Nou pa dwe jete fatra atè oswa fè polisyon paske n ap fè lanati ansanm ak tèt nou mal an menm tan. Fè timoun pran chemen espirityalite natirèl se ka bagay senp tankou gade zetwal yo oswa gade solèy k ap kouche, pou nou fè yo santi nou fè pati yon pi gran inivè.

Li istwa epi rakonte istwa ki gen leson espirityèl ansanm ak timoun yo

Pou w jwenn èd pou elve timoun espirityèl, sèvi ak kèk liv epi mande fanmi w ede w. Liv timoun nòmalman fèt ak tèm ki kapab esplike baz espirityalite. Klib Liv òganizasyon The Children's Trust gen anpil liv ki senplifye enpòtans jantiyès, bon konprann ak lòt leson yon lavi espirityèl. Paran kapab enskri tout timoun Miami-Dade County ki fèk fèt a 5 an nan Klib Liv la; voye mesaj "Liv" bay nimewo telefòn 786.460.CLUB (2582). Epi, lè n esplike timoun tradisyon fanmi, relijyon epi lòt sijè, sa va rann yo tou pare pou yo adopte espirityalite si fanmi w abitye ak sa.

Konekte espirityalite ak pwoblèm modèn

Pou timoun ki gran ase pou yo suiv aktyalite, e ki ka touble oswa tris akòz tout pwoblèm sosyete a ap konfwonte, espirityalite se yon bon mwayen pou yo devlope rezistans. Lisa Miller se espesyalis rechèch e sikològ klinik nan Columbia University, li di jounal Raising Sages esperyans espirityèl kapab ede timoun fè fas a gran difikilte, reziste presyon timoun parèy yo epi evite move enfliyans tankou dwòg ak alkòl. Lè timoun kwè nan yon bagay ki pi gwo pase tèt pa yo, sa ede yo vin gen plis rezistans fas a difikilte lavi a.

Paran pa bezwen gade pi lwen pase pandemi kowonaviris la ak revòlt pou jistis sosyal nan ane ki sot pase la a pou yo konprann pou timoun rasanble bon jan valè santiman pou yo santi doulè lòt moun ki nesesè pou yo pèsevere, yo dwe kwè tout limanite nan menm bato epi se responsablite nou tou pou youn pran swen lòt.