Yon ti fi Afriken Ameriken monte yon otobis sou wout la nan lekòl la.

seanlockephotography/stock.adobe.com

Asire w Pitit ou Pare Pou Tounen Lekòl

Konsèy pou prepare yo mantalman, sosyalman e fizikman
Konsèy pou prepare yo mantalman, sosyalman e fizikman 

Kòm paran ak moun kap bay swen ap prepare pou pitit yo tounen nan salklas pou tout jounen depi pandemi an, pral gen difikilte okòmansman.

Kijan pitit nou yo pral fè fas ak limit sosyal oswa fizik? Èske izolasyon anpil moun te santi pandan pandemi ap fini oswa lap nan salklas la tou? Eske apre tou tan yo pase devan yon òdinatè pou eseye aprann ap itil ou pa lè yap fè fas a pwofesè yo? Si enkyetid se yon bagay abityèl ak tipik nan epòk tounen lekòl, fwa sa a nivo estrès ap vin pi wo nan tan difisil sa a. Men kèk konsèy pou pare retou yo.

Fè yo pratike woutin

Pandan ke paran yo pa ka reponn tout kesyon ki poze, yo ka ede timoun yo fè fas a nouvo lekòl la lè yo ba yo yon woutin. Lè yo pral dòmi, lè yo reveye nan maten ak dejene yo manje, tout fè pati preparasyon pou yon nouvo woutin. Pa rete tann nwit anvan lekòl kòmanse pou demare ak youn. Ba yo omwen de semèn oswa plis pou fè tranzisyon an. Sonje bay timoun ki pi piti yo yon woutin pandan lannwit, pa sèlman lòd pou yo al dòmi. Kòm egzanp, benyen, bwose dan epi yo koute yon istwa ki kapab fasilite nenpòt enkyetid pou yo ka dòmi pi vit. Epitou, sèvi ak dènye semèn yo anvan lekòl kòmanse pou ranfòse tout leson sou bon ijyèn, distans sosyal ak lòt abitid ki te kenbe yo an sekirite pandan pandemi an.

Fè fas ak enkyetid separasyon

Anpil bagay pale sou santiman izolasyon timoun pandan pandemi an, men sou yon lòt bò timoun nou yo ka te vin twò tache ak depann sou fanmi an pandan 18 mwa ki sot pase yo. Lè yo ka soti deyò nèt nan lavi reyèl la ap gen lòt enkyetid e paran yo ta dwe konsidere prepare yo anvan lekòl la kòmanse. Fè yo kòmanse abitye rete pou kont yo tanzantan tankou pase tan ak zanmi pwòch yo. Voye yo fè aktivite ak zanmi (gade direktiv nan Playdate Primer) epi ede yo ogmante nivo sosyalizasyon yo.

Konbat laperèz ak sa k pozitif

Lefè ke timoun yo gen pou yo tounen lekòl pral fè yo gen plis kesyon ak ensètitid, pale ak yo sou sa epi konsantre sou pozitivite ki geyen nan al lekòl an pèsòn. Mande yo ki sa yo vle fè pi devan. Fè yo sonje yo ka fè nouvo zanmitay oswa rekonekte ak aktivite oswa espò kote yo ka patisipe, epitou pwomnad edikatif oswa selebrasyon okazyon espesyal nan lekòl la. Fè yo konnen li nòmal pou yo nève e ke anpil lòt moun ka santi yo menm jan avè yo, men yo tout pral tounen nan anbyans lekòl la ansanm.

Montre fleksibilte epi pare kò w pou ede

Ou met planifye ak prepare anpil, men ni ou ni pitit ou pral pran kèk tan abitye tounen lekòl. Prepare w pou w pran pasyans. Ou pap kapab rezoud tout pwoblèm ak ensekirite yo nan menm moman an epi fè yo konnen ou pa atann yo dwe pare pou al lekòl depi premye jou a. Etabli atant rezonab, men ou dwe fleksib si yo pa akonpli yo. Di timoun yo ou la pou yo a chak etap nan wout la.

Menm si pifò nan nou pral fè tranzisyon tounen lekòl an pèsòn ase byen, kèk nan nou pral lite. Lè konsa, pa ezite chèche èd adisyonèl nan men pwofesè yo, konseye ak administratè yo. Sonje byen, patenarya ant The Children's Trust, Miami-Dade County Publish Schools ak Depatman Sante Florid nan Miami-Dade ede finanse enfimyè, travayè sosyal ak sèvis sante mantal nan klinik ki preske nan mwatye tout lekòl piblik yo, kidonk pran avantaj sèvis yo lè w beswen.