Yon fanmi selebre Jou Aksyon de Gras pa nòmalman vizite fanmi yo.

irissca/stock.adobe.com

Asire w jou Kodenn nan pa Tounen jou Youn Kontaminen lòt

Suiv konsèy CDC yo pou w redui risk pou COVID-19 simaye jou fèt Thanksgiving nan
Suiv konsèy CDC yo pou w redui risk pou COVID-19 simaye jou fèt Thanksgiving nan 

Fèt Thanksgiving rive sou nou e nou tout pa kab tann pou nou selebre ak fanmi nou ak zanmi nou pandan yon ane ki te difisil anpil, pou nou pa di plis. Men, pandan nou byen anvi pase yon bon moman ansanm, manje bon manje ansanm, genyen bon jan rezon pou w kontinye aji avèk pridans pou w ede diminye twazyèm frap pandemi kowonaviris la.

Enfeksyon ap monte disèt wotè toupatou nan peyi a, an Florid, nan Miami-Dade County, epi avèk plizyè vaksen ki nan wout, kounye a se pa moman pou w bese vijilans ou, menm si ou bouke suiv konsiy yo.

Fèt Thanksgiving se yon bèl fèt pou w fete ak zanmi ak fanmi, se moman tou kote ou kab gaye kowonaviris la bay moun ou pi renmen yo, oubyen pou w pran viris la. Egzante gran rasanbleman fanmi, manje ak moun ki rete nan menm kay avèk w sèlman epi achte tout sa w bezwen pou fèt la sou entènèt. Ane sa a, se pi bon ane pase tout lòt ane pou w gade match espò, parad ak fim nan televizyon lakay ou pou fèt Thanksgiving nan.

Si w vle selebre ak moun ki pa rete lakay ou, CDC konseye pou nou manje nan lakou. Sa se yon bagay ki posib pou moun Miami-Dade men sa pa posib pou moun lòt kote nan peyi a. Epi tou CDC di se pou nou egzante parad oswa match espò ki chaje moun epi pa al nan fèt ki gen yon pakèt moun ki pa rete nan menm kay avèk nou.
 
Malgre jan moun politize konsiy Sant pou kontwòl maladi (CDC) sijere yo, chak moun, chak fanmi dwe pran pwòp sitiyasyon pa yo an konsiderasyon epi yo dwe deside ki jan pou yo selebre ak prekosyon. CDC gen tan dekonseye moun vwayaje men li avèti moun ki ap vwayaje pou yo respekte prensip sa yo

•    Tcheke restriksyon vwayaj yo anvan ou pati.
•    Pran vaksen kont grip anvan w deplase.
•    Mete kachnen w tout tan ou an piblik, lè ou pran transpò piblik, epi lè ou nan antouraj moun ki pa rete nan menm kay avèk ou.
•    Rete a yon distans omwen 6 pye de nenpòt moun ki pa rete menm kay avè w.
•    Lave men w souvan epi sèvi ak dezenfektan pou men.
•    Evite manyen kachnen ou, je w, nen w ak bouch ou.
•    Mache ak kachnen de rezèv epi ak boutèy dezenfektan derezèv pou men w.
•    Se pou w konnen ki lè pou w ranvwaye deplasman ou.

Miami-Dade County pibliye yon videyo pou fè moun sonje ki jan pou yo abòde fèt la epi li gen yon paj sou entènèt ki bay konsèy sou fason ou kab pase yon bèl fèt Thanksgiving an sekirite

Pou fini, kou vant ou fin plen ak tout manje fèt Thanksgiving nan epi ou deside pote atansyon w sou lòt tradisyon fèt Thanksgiving, tankou al achte kèk bagay, pa bliye egzante magazen ki plen moun, pa bliye achte sou entènèt epi chita sou ti chèz ba ou, pran yon ti repo byen trankil nan salon lakay ou kote ou kapab gade parad, gade match espò epi gade fim pou sezon fèt la.

Pwoteje tèt ou epi The Children’s Trust swete ou bòn fèt Thanksgiving.