Yon papa ede pitit gason l 'ak etid vityèl l' yo.

Mediteraneo/stock.adobe.com

Aprantisaj Sou Entènèt 2.0: Amelyore Sou Leson Ou Aprann Pandan Prentan An

4 Jan Pou Asire Ke Timoun Ou Yo Amelyore Konpetans Aprantisaj Sou Entènèt La
4 Jan Pou Asire Ke Timoun Ou Yo Amelyore Konpetans Aprantisaj Sou Entènèt La 

Lè pandemi coronavirus fèk komanse nan mwa Mas la, Lekòl Leta Miami-Dade Konte (M-DCPS) ak paran yo te fè tout sa yo kapab pou fè timoun yo itilize òdinatè pou yo kontinye aprann. Li pat vreman byen òganize, te gen konfizyon ak difikilte pou jere, byen ke nou tap travay ansanm nou te fè tou sa nou te kapab e kanmèm nou te rive fini ak ane lekòl la. Nou te panse ke nou te fin pase pi move tan an. Men COVID-19 te gen lòt lide diferan. Kounye a, nap fè fas a realizasyon ke timoun nou yo ap rete toujou ansanm avè nou ankò, paske ap gen anpil kote yo pral  oblije resevwa kou lekòl yo a distans dijitalman pandan lavni.

Men, tout bagay pa pèdi. Nou lwen de sa. Kounye a nou deja pase tès batay la. Tou de paran yo ak timoun yo konnen yo ka siviv nenpòt atak pandemi coronavirus la, e nou pa pral non sèlman ap soti pi byen nan sa, men tout sa nou aprann swivan eksperyans nou an pral ede nou jere pi byen pase anvan. Sa pral depann de nou si pitit nou ap pwogrese oswa y ap devye. Men kat jan pou asire pwogresyon!

1. Kòmanse Bonè
Klas yo gen pou kòmanse 31 Out, e semèn anvan an, pwogram pou oryantasyon ap kòmanse, le 24 Out.) Men, pa rete tann jouk lè sa a pou ni pitit ou ni ou pou kòmanse reyadapte nou a sa lekòl vityèl sanble . Pa gen al dòmi ta ankò oswa rete nan kabann. Jis paske pa gen okenn kondwi pou al lekòl kounye a, sa pa vle di yo pa gen pou swiv menm woutin anvan an: leve, abiye, manje ti dejene ak bwose dan anvan yo chita devan konpitè yo.

Prepare pitit ou pou lekòl kounye a. Kèlkeswa pasyon yo, gen yon varyete opsyon klas sou entènèt la ki pare yo pou konsantre sou sijè estanda lekòl pandan sezon otòn la. Tcheke pri ki ba oswa opsyon gratis tankou outschool.com, Edutopia.org ak lòt opsyon. Tranzisyon pou kòmansman lekòl vityèl la pa konplètman diferan ke si yo ta prale an pèson, fò w sonje jan ou te konn fè ane anvan yo epi kontinye menm jan an. Si apèl Zoom oswa lòt anviwònman sou entènèt enkyete pitit ou, fè yo pratike ak fanmi oswa zanmi. Sikològ Klinisyèn Danette Beitra, Ph.D., ki ap travay nan Nicklaus Children's Hospital, te di Miami Herald asire w nivo anksyete rantre skolè a pral byen wo akòz pandemi a. "Nou konnen ke ekspoze tèt nou nan sitiyasyon ki rann nou malalèz se pi bon jan pou trete enkyetid," li te di sa lè yo te entèvyouve l semèn sa a. 

2. Jere Atant Ou Ak Pa Yo 
Nan sezon prentan an, nou te nan mòd siviv e nou te bezwen bay timoun nou yo tout estrikti nou te kapab jwenn. Anpil nan nou te espesyalman pa two sevè ak timoun nou yo pou bon jan rezon - nou tap abitye ak sitiyasyon an.

Men, menm si nou dwe kontinye gen konpreyansyon ak timoun nou yo, fò nou atann ke yo bay nou plis e ke nou fè plis tou fwa sa a. Si nan lavni lekòl la ap konsa, lè sa a, nou dwe fè sa nou kapab pou asire ke timoun nou yo ap envesti nan sa. Nou pap chita bra kwaze si yo pa fè efò ki nesesè pou lekòl la, epi nou pa ka pèmèt yo fè menm bagay lakay yo. Fè yo konnen 
kisa n ap atann de yo ak konsekans yo si yo pa rive fè sa nou beswen an.
Menm genyen tan pou prepare se yon bagay, men espere pou tout bagay mache san pwoblèm se yon desi  ki nan  panse w ke ou ta renmen rive. Tout presyon ki rann tounen lekòl difisil la toujou, epi yo vin plis; pou tèt sa, Fò w onèt ak timoun ou yo epi pare kò w pou gen fleksibilte.

3. Jwenn resous ou bezwen pou fè pitit ou vin bon etidyan
Lè lekòl te fèk kòmanse sou entènèt nan mwa Mas la, lekòl yo ak paran yo kouri rapid pou yo ka jwenn tout ekipman timoun yo bezwen. Distri a bay elèv yo plis pase 90,000 laptops ak aksè Wi-Fi. Nivo bezwen sa ap toujou ret menm jan, oswa pi plis, pou tèt sa,paran yo ta dwe rete ajou ak dènye nouvèl ki soti nan M-DCPS.

Anvan lekòl la kòmanse,ap gen yon oryantasyon pou nouvo platfòm distri a kote elèv yo pral itilize ki rele Lekòl mwen an sou entènèt. Kontrèman ak prentan an, Sipèentandan Lekòl la, Alberto Carvalho te di Miami Herald ke nouvo platfòm lan se pou tout nivo ak klas yo, lè konsa paran yo ak elèv yo pa oblije chanje ant platfòm ak kontni. Li te di tou ke paran yo ta dwe vizite Akademi Paran M-DCPS la pou jwenn enfòmasyon ki pral ede timoun yo briye nan aprantisaj a distans.

Ou pa bezwen achte tout resous paske ou ta ka deja genyen yo lakay ou, li jis yon kesyon de ranje espas pou kreye pi bon zòn etid pou pitit ou a. Kathy Sievering, nan gwoup repons pou kriz ki nan Asosyasyon Nasyonal Lekòl Sikològ yo, te di US News & World Report ke meyè dispozisyon yo se sa ki sanble ak yon replika lekòl yo. Li te di tou"Chita nan yon biwo oswa tab ki omwen pa gen distraksyon ak bri ap pèmèt yon timoun konsantre."

4. Kite Systèm Digital La Tanzantan Pandan Jounen Lekòl La
Sa a ka sanble li pa fè sans oswa pa pratik, paske definisyon aprantisaj sou entènèt vle di li fèt ak yon sistèm dijital, men a sèten tan pandan tout jounen a, ta dwe toujou gen lè yo pa konsantre sou yon ekran oswa telefòn. Lè ou konsidere pitit ou pral gade yon ekran pandan tout jounen lekòl la - plis, kèlkeswa kantite tan li pral sèvi ak medya sosyal oswa jwèt sou sistèm digital la- li enpòtan yo pase yon bon tan nan monn reyèl la tou.

Sa vle di, soti deyò pou pran yon ti repo, al pwomnen chen an, monte bisiklèt, jwe trape boul, ak nenpòt lòt aktivite yo ka fè deyò. Si yo pa ka ale deyò, fè yo fè yon bagay anndan. Vizite sit entènèt The Children’s Trust StayHome.Miami pou jwenn lide. Pandan ke gen limit akòz COVID-19 la, si timoun nou yo gen pou briye nan lekòl sou entènèt alontèm, li yon priyorite pou kenbe yo aktif pandan sèten tan nan jounen an.