Papa kenbe men pitit fi a.

Viacheslav Iakobchuk/stock.adobe.com

Aprann Kòman pou Gen Rapò Avèk Pitit ou

Ou dwe konprann yo pou yo ka konprann ou
Ou dwe konprann yo pou yo ka konprann ou 

Nou tout te timoun yon lè. Donk nou tout sonje moman sa yo kote nou pat ka kwè kòman nou te diferan ak paran nou. Jan nou te konn abiye. Jan nou te konn danse. Sa nou te renmen fè. Menn fason nou te konn pale. Sou ki planet paran nou soti, se sa nou te konn mande tèt nou?

N’ap gade dèyè kounye a, nou konnen ke paran nou t’ap poze menm kesyon yo sou vèsyon nou menm ki pi jèn yo. Konye a nou menm ki tounen paran, n’ap mande kisa timoun yo ap panse konsa? Tout sa fè pati sik lavi jenerasyon paran timoun, menm li parèt enposib pou ta kontanple’l, tout zafè “Kòman nou fè diferan konsa?” se yon bagay ki nòmal.

Pa gen ankenn fason pou kanpe sik la toutbon, epi nou pa vle sa tou. Se yon pwogresyon nòmal sa fè pati evolisyon sosyete a. Epitou, yo sipoze pi bon pase nou, pa vre? Men sa pa dwe kanpe nou pou nou toujou eseye amelyore relasyon nou ak pitit nou. Sa ap ede nou fè yon pi bon travay nan elve timou epi ede yo pi byen konpran konpòtman nou.

Youn nan pi bon fason pou konprann pitit ou se obsève kijan yo konpòte yo lè y’ap amize yo.
  • Mete tan nan travay la – Kèlkeswa jan ou renmen pitit ou, Y’ap toujou fè’w fè kòlè. Pa kite sa anpeche ke ou ba yo ti tan lè ou kapab “Nan mitan aktivite’w yo”. Kit se lè n’ap manje, lè n’ap fete, epi sware amizman reprezante aktivite bon moman, kapab “Nan mitan aktivite’w yo” kapab se pandan w’ap fè travay nan kay la. Se souvan lè sa yo ke timoun anvi eksprimime yo sous a ki ap boulvèse yo, se lè sa y’ap ka tande’w epi y’ap santi ke ou konprann yo, gen plis konfyans epi pi enterese nan sa’w vle di a,” se sa analis espesyalis Gail Saltz ki abite New York eksplike, WebMD.
  • Pa Rete Dèyè! – Kite se jwèt videyo, rezo sosyo, voye tèks eksetera, li enpòtan pou rantre nanmond sa tou, pouk a konprann nan ki aktivite pitit ou ye. Yon etid ki fèt nan Brigham Young University sou 500 fanmi yo jwenn ke jèn timoun ki konekte ak paran yo sou rezo sosyo yo santi yo pi pre paran yo ke nan lavi reyèl la. Sa pa vle di pou al bay pitit ou yon telefòn pandan li gen 6 lane, oswa kite yo pase tout jounen an ap jwe jwèt videyo, men sa vle di oud we konprann nesesite aktyèl yo. Plis ou patisipe se plis w’ap konprann ki jan pou evolye nan mond difisil sa.
  • Aprann Pale Langaj yo – Jan nou pale ak jan nou konprann langaj yo ap detèmine kòman nou ka byen kominike ak yo. Anpil nan nou konn pa kontan lè y’ap itilize mo tankou “adorbs” (ki vle di adorab) oswa mo tankou “on fleek” (ki vle di bèl, atiran), Kouri dèyè timoun yo lè y’ap itilize mo s aka kreye plis domaj pito ke ranje sa. Poze kesyon pito kisa yo vle di epi itilize mo nan konvèsasyon pa’w ak yo.
  • Fè Menm Jan ak yo Pou Ka Konprann – Youn nan pi bon fason pou konprann pitit ou se obsève kijan yo konpòte yo lè y’ap amize yo. Y’ap konnen ou pi byen lè yo wè ke w’ap fè menm bagay ak yo. “Paran ki ap pale sou sa yo wè kit li se pandan oswa apre eksperyans lan se enpòtan. Nou pa janm sispann entèprete sa nou wè sou ekran oswa sou yon lòt aparèy alòs plis yon adilt ka ankouraje konvèsasyon sou yon eksperyans eksperyans sila vin gen plis enpòtans,” se sa Shelley Pasnik di, li se direktè Center for Children & Technology. 

Alòs, gade fim yo ak lòt pwogram ke y’ap gade yo – pa fè twòp kritik – aprann danse menm jan ak yo, epi chèche konnen kisa ki fè yo ri. Se pi bon fason pou gen rapò avèk yo. Ou pra’l sezi dekouvri, jan yon sanble avèk ou.