Bon Salad Pou Ete A

Koutwazi Good and Cheap: Eat Well on $4/Day.

Apetisan epi Bon-Mache: Bon Salad Pou Ete A

$5.50 total; $2.75 chak plat
$5.50 total; $2.75 chak plat 

Salad pike ete sa genyen pòpkòn sou tèt li pou ba’w yon sansasyon ti pen sèk nan salad yo.

Engredyan Yo

2 konkonb mwayèn
2 kòn mayi
1 kiyè lwil doliv oswa lwil vejetab
Sèl ak pwav
2 ons fromaj feta oswa kotija, kraze
1 tas pòpkòn

Kòm vinegrèt
1 sitwon, pije
1 tas lwil doliv
½ ti kiyè poud chili
Sèl ak pwav

Koupe de pwent konkonb lan, koupe li an kat mòso. Degrennen mayi yo. Mete konkonb lan ak mayi a nan yon kaswòl, epi melanje byen yo ak lwil. Bouyi yo (oswa fri yo) pandan 2 jiska 5 minit, sa depann de ki kalite fou w’ap itilize a. Brase mayi a pou rasire’w ke tout byen kwit. Konkonb lan pra’l kòmanse gen ti kote nwa. Se nòmal! Bouyi li pou 2 jiska 3 minit ankò, jiskaske legim yo kòmanse vle boukannen. Prepare vinegrèt la nan yon bòl laj. Tanzantan goute li. Koupe konkonb lan an ti mòso epi retire grenn mayi yo sou mayi a. Mete legim lan nan bòl vinegrèt la. Ajoute fwomaj la. Mete pòpkòn lan sou tèt li, epi ajoute yon poud chili ankò, sèl ak pwav. Li ka fè 2 plat, oswa 4 ti plat aperitif.

Nan liv Leanne Brown ki rele Good and Cheap: Eat Well on $4/Day, yon liv resèt manje ki gen plis pase 40 bon resèt ladan’l ke ou ka telechaje gratis, li te kreye pou pou moun ki pa gen gwo bidjè; li disponib nan lang Anglè ak Panyòl.