Yon ti gason ak manman’l ak amize yo ak aktivite nan yon tren Brightline.

Brightline Fè Koutwazi Foto sa

Ann Pran Wout la: Yon Sòti Amizan, ak Fanmi an!

Li fasil pou òganize yon ti sòti espesyal ak fanmi an
Li fasil pou òganize yon ti sòti espesyal ak fanmi an 

Pran yon “ti vakans” aktivite ki p’ap dire plis ke yon jou epi ki p’ap koute chè!

Tranpòtasyon Rapid Avèk tren ki ap fè Miami pou Fort Lauderdale epi West Palm Beach chak jou nan semenn lan, Brightline pwomèt moun ki ap vwayaje pou yon jou yo yon bèl eksperyans. Petèt pi bèl pati a, timoun pa peye pandan ete a! Chwazi destinasyon’w, pare manje ak bwason (ou ka achte manje tou nan tren an oswa nan estasyon an), epi pran direksyon nò kote ou pra’l admire bèl peyizaj nan bèl tren pwòp avèk chèz ki ka enkline epi entènèt gratis. Estasyon Virgin MiamiCentral la – poukont li merite yon visit – li nan premye avni nòt wès ant nòt wès twazyèm ak wityèm ri, epi ou ka rive la fasil ak transpò piblik. Yo ka fè rabè espesyal pou granmoun; timoun ki gen 12 lane oswa pi piti gratis jiska 30 Septanm. Ale sou www.gobrightline.com/miami pou plis enfòmasyon.

Pran yon ti Solèy Yon lòt rezon pou fè yon ti sòti nan vil la se 301 Dade-Monroe Express Metrobus, ki mennen pasaje yo jis nan zòn Keys yo pou yon ti monnen anplis pri regilye a. Debake nan Key Largo, Islamorada oswa Marathon pou al vizite youn oswa plizyè sit ki pa koute chè oswa gratis, tankou John Pennekamp Coral Reef State Park (www.pennekamppark.com), Florida Keys Wild Bird Rehabilitation Center (www.missionwildbird.com), Old Road Gallery (www.oldroadgallery.com), Windley Key Fossil Reef Geological State Park (www.floridastateparks.org; chèche pak yo avèk non yo) epi Sombrero Beach (www.ci.marathon.fl.us; chèche plaj yo avèk non yo). Ale sou www.miamidade.gov epi chèche “301 Dade-Monroe Express” pou enfòmasyon sou orè yo. 

Rankont Nan Yon Mize Pase yon jounen nan youn oswa plis pase 14 mize ak atraksyon kiltirèl lokal – tankou Miami Children’s Museum, Deering Estate, Pérez Art Museum Miami, Vizcaya Museum & Gardens ak Zoo Miami – avèk pwogram aksè Miami-Dade Public Library System Museum lan. Sèlman ale nan biwo ki pi pre a, itilize kat libreri‘w la pou jwenn tikè pou kote ou vle ale a epi ale! Premye moun ki vini se yo ki ap jwenn tikè epi tikè yo valab pou yon semenn, yo ka itilize’l yon sèl fwa epi yo valab pou kat moun nan yon fanmi. Tyeke mize endividyèl ak sit atraksyon yo tou, yo konn bay rabè tou sou jounen pou fanmi an pandan ete a. Ale sou www.mdpls.org epi chèche “Museum Pass” pou plis enfòmasyon.

Nan Sinema Pran yon ti manje ak dra oswa ti chèz pòtab epi ale nan Barnacle Historic State Park pou al gade fim anba etwal yo! Kèk fim ki pra’l sòti tankou Captain Marvel (26 Jiyè), How to Train Your Dragon: The Hidden World (23 Out) epi vèsyon Dumbo ki refèt la (27 Septanm). Pòt yo louvri a 8 p.m.; fim yo kòmanse 8:30 p.m. Sinema Cobb yo ap ofri tou seyans fim gratis pour timoun nan local Dolphin 19, Cobb Grand 18 ak Miami Lakes 17 chak Madi, Mèkredi ak Jedi jiska 2 Out – Madagascar, Minions ak Captain Underpants se kèk nan fim y’ap pase yo. Tou fim kòmanse 10 è nan maten,; pòt yo louvri 9:30 nan maten. Ale sou www.floridastateparks.org (chèche “Barnacle Historic State Park” epi apre “Movies in the Park”) ak www.cobbtheatres.com (klike sou “Kids Summer Movie Escape”) pou plis enfòmasyon.

Klib Kilti Yon pwogram Miami-Dade County Department of Cultural Affairs, ki fèt pou jèn, Culture Shock Miami ofri sila gen laj ant 13 ak 22 lane tikè pou 5 dola pou mizik, teyat ak dans ansanm ak aksè nan mize yo ak lòt aktivite kiltirèl – kèk nan evenman yo gratis! Men kèk òganizasyon k’ap patisipe yo se Actors’ Playhouse, Dimensions Dance Theatre Miami, Fairchild Tropical Botanic Garden, HistoryMiami Museum ak Miami Lyric Opera. Tikè yo disponib sou entènèt; pou chak tikè ke yo achte, yo ka achte yon dezyèm pou yon zanmi oswa yon fanmi pou akonpanye yo. Ale sou www.cultureshockmiami.com pou tikè ansanm ak enfòmasyon sou lòt evenman ki pra’l fèt yo.

Pou plis sigjesyon ak lide ki p’ap koute chè ale sou www.miamionthecheap.com, www.familymagazine.biz, epi pou orè evenman yo ale sou www.mdpls.org ak www.ToutTimoun.org.