Plis pase 900 timoun te patisipe nan batay ete liv yo.

Photo by The Children's Trust

900 Timoun Fè Konpetisyon Pou Vin Yon Gran Gèrye Lekti

Konpetisyon ede timoun yo kenbe ladrès lekti pandan ete
Konpetisyon ede timoun yo kenbe ladrès lekti pandan ete  

Pou timoun ki gen difikilte ak alfabetizasyon nan mitan pandemi an, ki pi bon fason pou pase ete a pase yon konpetisyon lekti ki amizan, yon evènman literè angajan ak defi tankou Battle of the Books 2021(Batay Lekti). 900 timoun te patisipe ladan l.

Miami-Dade Grade Level Reading Campaign an konjonksyon ak The Children’s Trust, te prezante Battle of the Books ki te kenbe sèvo elèv yo aktif pandan ete a epi li te ede evite "Bès Entleketyèl." Pandan plis pase yon mwa konpetisyon, lektè yo te jwenn ankourajman ak envite espesyal, amizman, demonstrasyon, prim ak atraksyon prensipal vityèl la ki te gran final konpetisyon Book Battle la le 22 Jiyè.

Danielle Barreras, Manadjè Angajman Kominote pou Trust la te di "Espò pat sèl konpetisyon ki gen deyò a," Se li ki òganize Book Battle la, montre plizyè karaktè sinema epi anime final la. "Chwazi yon liv kote sijè a sou yon elèv 5yèm ane ki vle vin Prezidan oswa, yon ti gason kap pran kouraj sote sou yon planch pou plonje nan yon pisin ka ba w yon lòt nivo konpetisyon. 2021 Battle of the Books te yon gran siksè kote santèn timoun resevwa yon kat bibliyotèk pou premye fwa, li ansanm ak fanmi yo, li nan kan ak zanmi yo epi rankontre ansanm pou diskiste sou karaktè yo ak nouvo eksperyans yo. "

Se lojisyèl aprantisaj Kahoot la yo itilize pou te fè konpetisyon an nan de sesyon - yon konpetisyon maten ak patisipan kan ete yo e yon defi leswa pou rès kominote a. Konpetisyon an te vize elèv nan 2èm-3èm ane ak elèv 4èm-5èm ane. Men gayan yo:

Gayan Battle of the Books Kominote Leswa

Gayan 2yèm-3yèm Ane: Premye plas, Zaliyiah Johnson; dezyèm, Natalia Rosabal; ak twazyèm, Tamia Bright. Gayan 4-5yèm ane: Premye plas, Isabela Bonnette; dezyèm, Samyra Regulus; ak twazyèm Hillary Argueta.

Kan Ete ak Ekip ki Genyen Konpetisyon Battle of the Books

Gayan 2yèm-3yèm Ane: Premye plas, Community Coalition Wise Kidz (3yèm ane: Anthony Perez, Nazaret Morales, Regi Pierre, Alex Mejias); dezyèm, Goulds Park Chanpions (2yèm / 3yèm ane: Kylye Ferguson, Ralph Ferguson, Harvey Bodie, Elijah Garcia, Savannah Richardson); twazyèm, Arc Team Brains (Joyce Jimenez, Thiago Andino, Celeste Olivero, Abby Olivero, Sophie Dominguez). Gayan 4yèm-5yèm Ane: Premye plas, Gang Alternative Shalom Community Center (4yèm-5yèm ane Sammuel Thelusme, Breyonna Louis, Riyanna Tassy, ??Metshaida Lesperance, Winaeyah Clesidor); dezyèm, Arc Team Camouflage (Antionette, Maria, Jaylynn, Jazier, Maxine, Wesley, Jon, Emmanuel, Petrona, Ruby); twazyèm, Community Coalition Wise Kidz (4yèm ane: Keyla Acanda, Briana Carmona, Eduardo Exposito, Raizel Pierre, Ryan Salgado).