De tifi jwi dlo a sou flote.

Alena Ozerova/stock.adobe.com

7 Jan Pou Asire Timoun Pase Yon Ete Anrichisan e an Sekirite

Distansman sosyal, pwoteksyon kont solèy, sekirite bò dlo, elatrye
Distansman sosyal, pwoteksyon kont solèy, sekirite bò dlo, elatrye 

Kòm ete a preske rive, anpil timoun anvi retire mask yo, al jwe, al nan kan, epi detann tankou se 2022 . Men si yo vaksine ou pa, paran dwe asire pitit yo pran prekosyon swa sou entènèt oswa nan pisin. Lè yo pran bon jan prekosyon, lap posib pou yo jwi yon ete ki pi enteresan, pwodiktif ak sen epi rafrechi lespri yo pandan mwa Jen, Jiyè ak Out kote gen anpil solèy (ak tanpèt twopikal).

Pote Mask Ou Lè w Al Nan Kan: CNN rapòte yon atik sou direktiv CDC ki di “Paske vaksen yo poko otorize pou tout timoun, mezi prevansyon tankou mete mask ak kenbe distans fizik dwe kontinye menm si anplwaye kan yo vaksine." Li di tou “Tout moun nan enstalasyon kan yo dwe mete mask tout tan'" eksepte pou manje, bwè oswa naje. Li deklare tou aktivite yo dwe fèt deyò otank posib epi evite rete twò pre oswa jwe espò anndan. Nan Kan Ete Konte Miami-Dade gen espò ak atizay, rekreyasyon terapetik ak enklizyon. Al gade nan miamidadeparks.com/FL/Miami-dade-county-parks-recreation/catalog. Vizite tou summer305.dadeschools.net oswa www.The ChildrensTrust.org/SummerCamps.

Pran Solèy Responsabman: Yon lòt atik CNN sou prekosyon kont solèy konseye pran swen anba soley. "Kouvri po w, mete chapo, evite solèy midi epi chwazi pran prekosyon ak timoun akòz ogmantasyon sansiblite yo." Pou ti bebe ak timoun, atik "Summer Safety Tips" rekòmande linèt solèy 100% UV ak sak pwoteje kont reyon UVA ak UVB epi fè yo bwè anpil dlo menm lè yo pa swaf.

Naje Ak Entelijans: Rekòmandasyon CDC "Kenbe timoun yo an sekirite pandan ete sa a" konseye paran yo sipèvize timoun yo tout tan lè yo nan dlo oswa bò dlo. Li rekòmande pou tout laj ta dwe mete vès sekou pandan yo nan bato. Jèn timoun yo ta dwe mete vès sekou lè yap jwe nan dlo oswa bò li. Pisin yo ta dwe gen yon kloti omwen kat pye wotè ki ka klete pou kont li. Pou plis konsèy tcheke paj The Children’s Trust Water Watchers (thechildrenstrust.org/content/water-watchers).

Konekte w ak World Wide Wonders: Limite TikTok Lakay ou epi fè timoun yo angaje nan aprantisaj sou entènèt. The Miami Herald bay lis anpil kan dijital depi Perez Art Museum ki gen "PAMM in the Neighborhood" jiska Kan Ete Vityèl Frost Young Musicians. Outschool.com ofri klas tankou karate, kwit manje, desine, ak klas gratis pou fanmi ki bezwen sipò finansye. Pandan ete a gen Batay Lekti nan StayHome.Miami/Battle epi leson patikilye gratis chak samdi nan Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade. Ready, Set, Go Miami! Paran yo ka aprann kijan aktivite chak jou ka ede timoun yo aprann

Vin Manm Gwoup Siveyans: Kontwole aktivite timoun ou yo sou entènèt. kòmanse limite tan sou ekran. Konsidere mete filtè tankou Net Nanny or Circle.

Jwe ak sajès: Seattle Children’s Summer Safety Tips di, asire w timoun yo ap jwe ak ekipman pou laj yo, kouvri ak kawotchou nenpòt ki bò ki file, boulon ekspoze, epi toujou sipèvize yo, anplis asire yo mete kask lè yo sou bisiklèt, skoutè, skatebòd oswa paten.

Zipe l e Pa Baskile: “Trampoline Safety: 22 Tips and Cautions” sou healthline.com deklare ke tranpolin ta dwe gen yon filè sekirite ki anfème l epi li pa dwe pou timoun ki poko gen sis ane epi pa baskile. Sonje sa lè w al nan SkyZone, Trampoline High, Launch, ak lòt pak.