Timoun yo jwe ak chen pandan y ap manman li.

WavebreakMediaMicro/stock.adobe.com

5 Bagay ou Dwe Konsidere Anvan au al Responsab Yon Bèt Domestik

Èske’w Ta Dwe ajoute bèt domestik nan antouraj ou pandan ou konnen laviw deja chaje?
Èske’w Ta Dwe ajoute bèt domestik nan antouraj ou pandan ou konnen laviw deja chaje? 

Gen moun ki moun di posede yon animal domestic se yon altènatif olye pou yo ta genyen timoun. Gen lòt ki ensiste pou di ke bèt yo se pitit yo. Ke’w dakò oswa ou pa dakò, sa ki sèten kesyon an se kisa w’ap pran – chen, chat, zwazo, lapen, oswa lòt bèt ki gen pwal sou po yo oswa ki pa genyen – lè’w pral gen timoun. Timoun ki pa gen bèt domestic toujou bezwen genyen. Epi sila ki gen deja yo ap mande gen plis.

Alòs kesyon an se, èske ou ta dwe oswa ou pa ta dwe? Se yon kesyon pèsonèl ki gen faktè enpòtan, men gen bagay enpòtan ke’w dwe konsidere anvan ou pran desizyon sa ki ka gen gwo enpak sou anfans pitit ou!

  1. Ki laj timoun ou yo? Premye kesyon paran yo dwe konsidere anvan yo posede yon bèt se konbyen tan ak enèji y’ap kapab dedye espesyalman pou bèt sa. Avèk 3 timoun, li ka twòp pou ou vin ajoute ton bèt. Ou dwe reyalis. Menm lè timoun renmen bèt, men yo plis bezwen atansyon’w pito, sakrifye youn pou lòt se pa yon bon lide. Plis timoun yo gran se plis yo ka ede’w pran swen bèt sa, ki ede yo vin pi responsab tou.
  2. Konbyen kòb animal domestic koute? Kontantman ou genyen lè ou posede yon bèt plis ke pri a. Men, tankou tout bagay, si ou pa gen bidjè ou ta dwe ret tan pou lè’w kapab. Premye lane’w pou posede yon chen ka koute’w 1,270 dola, pou yon chat li kapab 1,070 dola, dapre American Society for The Prevention of Cruelty to Animals (ASPCA. Depans pou manje ka rive jiska 20 pou rive 100 dola pou mwa, epi pandan tout vi yo li ka rive sòti 27,000 pou rive 45,000 dola, san ou pa konte ijans. Anvan ke tout gwo depans sa yo fè’w pè, sonje ke pou posede yon bèt ou dwe gen lajan sere pou li tou, kontwòl ensèk, ekzèsis, terapi, epi petèt jwe avèk li. Kiyès ki vle menmen timoun yo al bwè krèm, menmen yo nan sinema oswa nan “Sky Zone” (yon jwèt kote van ap kenbe’w anlè), pandan ou ka jis rete jwe ak Fido (chen an) nan lakou lakay ou san rete? 
  3. Èske y’ap retire oswa mete plis traka nan vi’w? Traka’w ka ogmante oswa diminye lè’w posede yon animal domestic. Si chen an oswa chat la tonbe malad oswa ap sove toutan, alòs s aka vin yon anmèdman ki pa nesesè – li ka vin twò ta lè’w reyalize sa. Yon lòt kote, posede yon bèt ka diminye estrès ou anpil. Pou timoun, souvan bèt se pi bon zanmi yo epi se yo ki ba yo fòs lè yo gen pwoblèm.
  4. Ki anvantaj ki genyen lè’w posede animal domestic? Lanmitye ant timoun ak bèt ekstraòdinè sa pote anpil anvantaj pozitif pou timoun lan. Lyen pa’w ak pitit ou ap amelyore tou, lè n’ap fè chen yo flannen, lè n’ap benyen yo oswa nan lòt aktivite avèk yo. Kanta pou lanmitye ak lanmou bèt ofri sa anpil. Ou paka mezire sa. Rechèch montre ke bèt ede timoun ki bezwen atansyon espesyal, tankou ki genyen otis, yo fonksyone pi byen nan sosyete enkyetid yo diminye.
  5. Ki bèt ou ta renmen genyen? Lè’w fin deside ke w’ap ajoute yon bèt nan fanmi an, ou dwe reflechi ki bèt ki ap plis nan anvantaj fanmi an. Yo gwo chen p’ap fè sans nan yon ti apatman, men yon tic hen oswa yon chat ap pote menm kantite lanmou an avèk li. Menm ti pwason ka fè timoun yo kontan, menm lè ou pra’l oblije eksplike poukisa ou lage’l nan twalèt la paske ou te jwenn li ap flote jis anlè nan aquaryòm lan.

Anvan ou pran nenpòt desizyon, fè rechèch sou bèt ou vle pran. Mande moun ki gen bèt konsèy, espesyalman paran ki gen timoun. Ah, annik ale nan pak la yon apremidi pou al obsève. Pou ka wè nan kisa w’ap antre a.