Yon jèn ti fi panse sou sa pou yo ekri pandan jou ferye yo.

Prostock-studio/stock.adobe.com

5 Ativite pou Kenbe Pitit Ou Aktif Sou Lekòl Pandan Sezon Fèt Yo

Pa kite vakans afekte konpetans mantal pitit ou
Pa kite vakans afekte konpetans mantal pitit ou 

Vakans ivè a se moman pou fè dekorasyon, dènye minit chòpin, rankont fanmi yo – epi de semen pandan timoun af flannen nan kay la. Kòman nou ka anpeche timoun fè yon sèl ak sofa kote yo bliye lekòl la nèt epi y’ap gade televizyon sèlman?

Menm lè vakans pou ivè a ba yo yon bon eskiz pou yo pa fè devwa ak obligasyon kotidyen yo, ou pa dwe kite yo bliye lekòl la konplètman pandan sezon fèt yo. Eseye 5 aktivite sa yo pouf è vakans fèt yo tounen yon Avanti pou tout fanmi an, kote ke sèvo timoun yo ap rete aktif pandan pwosesis la.

Ann Demare Jwèt yo 
Pitit kappa ap chèche tan lib pou l’ap jwe jwèt video ak zanmi’l, men jwen twòp pa bon pou ni kò li ni mantal li? Menm jan lè y’ap siveye ekran ou yo gade pwen total yo, rechèch montre ke kontwòl tan ak pwen sa yo nan jwèt entèraktif sa yo s aka ede yo devlope entèlijans ki ka ede yo nan klas la.

Bay Prim pou Lekti
Pandan sezon fèt yo ap pwoche pi pre epi timoun yo lakay yo sòti lekòl, li fasil pou bliye pou kenbe timoun yo nan fè lekti regilye. Sepandan, louvre yon liv se petèt pi bon fason pou ken kenbe sèvo yo aktik sou lekòl pandan sezon fèt yo. Mennen yo nan libreri avan fèt yo pou chwazi plizyè liv. Genyen ki pa renmen li? Fè yon antant ak yo bayo on ti tan anplis sou lè dòmi oswa plis desè chak fwa yon fini yon liv.

Fè yo Jwe Devinèt
Mo kwaze, jwèt devinèt, ak liv Sudoku yo se pi bon fason pou teste entèlijans timoun yo pandan sezon fèt yo. Pwosesis pou esyeye rezoud yon pwoblèm epi travay pandan y’ap swiv tout etap pou yo jwenn yon rezilta kenbe sèvo pitit ou okipe epi aktif. Fè li pi amizan lè ou fè tout fanmi an patisipe ansanm nan yon gwo jwèt devinèt ke yo rele nan lang Anglè puzzle oswa òganize yon konpetisyon rechèch mo ki kalkile sou yon kantite tan.

Monte Chalè a
Sòti nan pen epis pou rive nan bonbon sikre, fè desè se youn nan pi bèl pati pandan sezon fèt yo. Epi an nou di li, pa gen anyen ki attire atansyon timoun yo plis pase yon bonbon ki fèk sòti nan fou. Men èske ou konnen ke si ou fè yo patisipe nan pwosesis la ou ka pwofite fè yo aprann? Kòm pwovèb la di: konn fè manje se yon talan, men konn fè desè se yon syans! Anwole timoun yo pou yo ede fè bonbon oswa yon gato antye entwodwi pitit ou nan syans yon fason ki amizan epi ki ap ititl li, aprann yo teknik ki ape de yo konprann pi byen kòman bagay yo ak mond lan fonksyone.

Mete Plim sou Papye
Èske li sanble ke iPad pitit ou a ofisyèlman tounen youn nan men li yo pandan sezon fèt yo? An nou fè tankou lontan retire iPad la ranplase li avèk yon plim ak papye pandan w’ap fè kat remèsiman pou sezon fèt yo. Fè yon lis fanmi ak zanmi, epi pran plim ak kat vid epi fè yo ekri sou yo. Se yon bon fason pou yo pratike, eseye nouvo vokabilè, epi eksprime gratitid yo pou tout sa yo resevwa pandan sezon fèt yo.