2020 te ane a nou relearened pran swen pitit nou yo.

Prostock-studio/stock.adobe.com

5?Bagay nou Aprann an 2020?Konsènan Elve Timoun

?Leson nou aprann sou elve timoun nan yon ane ki te difisil anpil
?Leson nou aprann sou elve timoun nan yon ane ki te difisil anpil  

Prepare yon biwo sou kote yon timoun ki nan 2èm ane klas elemantè apre l pèdi yon dokiman li ekri nan pwogram Word. Monte bekàn ak timoun yo sou wout Old Cutler Trail paske kounye a se antrènman vityèl yo fè pou ekip foutbòl yo a.  Poutèt timoun pa kab al lakay zanmi yo ankò yo oblije ap jwe a distans ak kèk fanmi ki rete nan Eta Maine. Paran oblije adapte yo ak lekòl a distan, yo travay nan mitan tout boulvès pandemi an, nan izòlman sosyal, epi anba dyanostik COVID. Apre tout bagay sa yo, moun ki siviv yo kab pran anpil leson pou 2021 se tankou lè w wè lakansyèl apre yon gwo lapli.   
 
Apresye pran kou pandan w lakay ou, konekte vitèlman? 
Kò tout moun ap grate yo poutèt yo si tèlman ret anndan kay, timoun ap pwomennen toupatou sou latè, y ap fè vwayaj vityèl nan mize a Pari sou pogram Google Arts?& Culture?epi yo vizite Satelit entènasyonal ki nan lespas la sou pogram DOGOnews. Pitit fi m nan vizite Monticello kote Thomas Jefferson te rete a epi li pran leson dans bale sou zoom pandan l nan salon lakay nou an. Gen paran ki aprann kèk ladrès travay epi yo aprann kèk lang nan Coursera yon sit wèb ki bay kou gratis epi kèk paran suiv atelye anliy nan klib paran ki rele?Parent Club?workshops? òganizasyon The?Children’s Trust fè a.?Timoun konekte ak kouzen yo epi ak kondisip klas yo nan rankont yo fè sou videyo anliy, sa ede yo soulaje solitid yo. Jenny LeFlore kontinye ekri “Leson paran aprann pandan pandemi an” nan jounal?Chicago Parent lan. Li ekri sou paran k ap fè dans TikTok ak yon pitit gason li pou l pataje ak zanmi l yo. Li di “Toudenkou nou pa pi pou kont nou pase sa nan konndo nou an. Se yon aktivite ki amizan nou pa kab tann pou nou fè. Se aprann n ap aprann. N ap fè kò nou travay. N ap suiv sa lòt fè. Epi nou aprann edite videyo nou fè.”? 

Li liv  
Pandemi an pa deranje moun k ap fè lekti, se yon egzèsis mantal ki gen avanti ladan, kit lekti a se yon lekti sou Bondye Grèk yo, kit se yon seri istwa magouy n ap li nan?Bad Kitty.?Paran?ki nan klib liv “The Children’s Trust?Book Club?“ la resevwa yon liv gratis pa mwa, jiskaske timoun nan gen 5 an. Al tcheke liv yo chwazi pou mwa sa a epi tcheke lyen bibliyotèk piblik sa a?Miami-Dade Public Library?System.? 

Respire lè fre 
Mwen menm ak Pitit fi m nan nou pran plezi nou nan lanati ak terapi egzèsis pandan n ap mache nan jaden botatik ki rele Fairchild?Botanical?Garden nan epi pandan n ap kouri dèyè chen 7 liv nou an sou katye a. Shannan Younger ekri nan jounal?Chicago Parent?sou jan pitit li admire lanati.?Apa de bèl mèvèy ki sou latè a,?“sa enpòtan tou pou nou ankouraje l apresye bèl mèvèy ki toupatou sou kote nou chak jou. Kè m te kontan anpil lè li di m fò m vin wè bèl kouche solèy sa a oubyen lè li te di yon zanmi kouman l renmen bèl flè dafodil ki nan lakou nou an.”? Nenpòt lè ou gen chans al nan yon pak piblik oswa al fè yon mache ak pitit ou menm si se sou katye a se yon bagay ki pozitif. Sa fè n fè egzèsis epi sa ede sante mantal nou anpil.  

Founi lespri ou epi travay sou sante mantal ou? 
Regina Coello Canto se yon Konseye ki travay nan yon lekòl ki rele Carrollton School of the Sacred Heart. Konseye a ankouraje paran trase egzanp nan jan yo aji an tèt poze, nan jan yo eseye rezoud poblèm epi pou yo fè aktivite ki amizan pou pran swen tèt yo sou plan espirityèl, sou plan fizik, sou plan emosyonèl epi pou yo satisfè kreyativite yo. “Si ou santi w byen pitit ou ap santi l byen tou.”?Gen tout yon seri kou yo fè anliy ak yon seri atelye yo fè ki gen rapò ak espirityalite epi ak sante mantal?ki kab ede w kenbe kò w an sante.?? 

Ancheri pitit ou yo? 
Nan tout tèt chaje COVID la lakòz epi ensètitid sou sa k pral pase apre pandemi an, Canto konseye paran koute sa pitit yo gen pou di yo epi rekonèt jan pitit yo santi yo. Ede yo rezoud poblèm epi ede yo prepare yon plan, poze yo kesyon tankou “Ki sa ki ta fè w santi w pi byen? “ Met sou sa, nan atik “7 Leson sou elve timoun mwen aprann an 2020” nan jounal?Red Tricycle, Jennifer Landis?raple paran tou senpleman?“apresye tan w ap pase kounye a ak moun ou renmen yo. Si pandemi a ban nou yon leson se leson sa a: ou pa janm konnen ki lè ou ta bay nenpòt bagay pou w kab viv moman sa yo ankò.”?