Timoun yo kòmanse pwosesis pou retounen nan lekòl an pèsòn.

VAKSMANV/stock.adobe.com

4 Bagay Ou Dwe Konsidere Lè W Pral Voye Timoun Ou Tounen Lekòl An Pèsòn

Èske pitit mwen pare pou li tounen lekòl an pèsòn? E mwen menm?
Èske pitit mwen pare pou li tounen lekòl an pèsòn? E mwen menm? 

Gouvènè Florid Ron DeSantis te anonse nan kòmansman mwa sa a ke Konte Miami-Dade te antre nan 2èm Faz plan pou relouvri leta a, lè konsa sa ouvri chemen pou elèv yo ka tounen lekòl an pèsòn. Semèn sa a, Lekòl Leta Konte Miami-Dade tantativman anonse plan pou kèk elèv ka tounen lekòl lòt oktòb 14 septanm lan, e rès moun ki vle al lekòl an pèsòn kapab fè sa jiska 21 oktòb.

Menm si detay yo pa ko fin detèmine sou ki jan tounen lekòl an pèsòn la pral derape, pifò paran yo ak moun kap pran swen timoun yo ap fè fas kounye a ak reyalite pou voye timoun yo tounen lekòl pou premye fwa pandan pandemi koronavirus lan sou yon baz ki konsistan. Alafen, paran yo dwe fè sa ki pi bon pou fanmi yo, men kat bagay pou sonje ki ka gide w pande wap panse voye timoun ou yo tounen lekòl an pèsòn. 

Sekirite Pi Enpòtan Pase Tout Lòt Bagay
Konsiderasyon ki pi enpòtan lè w pral voye timoun yo tounen lekòl se asire w ke timoun nou yo ak moun ki bò kote yo an sekirite. Dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC anglè), nivo degre timoun ki vin gen maladi a epi gaye li, konpare ak granmoun, pa fin klè. Men kèk enfòmasyon ki pa pou diskisyon: timoun yo ka atrape viris la, yo ka gaye li epi li ka fè yo vin malad - byenke nivo pousantaj pa yo ak severite a mwens pase pa granmoun yo.

Pou paran ak moun kap bay timoun swen ki deja gen kondisyon medikal detèmine, desizyon pou fè yo tounen lekòl ap pi riske, menm jan ak si yap viv oswa yo gen kontak pwòch ak adilt oswa granmoun aje ki deja gen kondisyon predetèmine. Pou ede w pran yon desizyon sou al lekòl an pèson, ale nan sit CDC a pou jwenn zouti kap ede w desise.

Kèlkeswa desizyon paran yo finalman pran, sa ki gen anpil enpòtans kritik se kenbe  bon jan kominikasyon sensè e konstan ak pitit ou yo sou jan pou minimize risk pou enfeksyon, anseye timoun ou yo enpòtans mete mask, kenbe distans sosyal, epi fè tout posibilite pou kenbe tèt yo ak anviwònman yo byen ijyenik ak pwòp. Pou gen yon gid CDC sou kòman pou pwoteje timoun yo, klike isit la. Li enpòtan tou pou w toujou rete enfòme sou ki jan distri lekòl ou a ak lekòl la ap jere sitiyasyon an, konnen dènye enfòmasyon sou pousantaj enfeksyon ak kote kap chofe yo ak tout lòt enfòmasyon sou COVID-19 kap afekte timoun ou yo.

Opsyon Pwogram Apre Lekòl ak Pwogram Tout Jounen 
Menm jan ou menm kòm paran dwe konsidere pwoblèm medikal lè w ap voye timoun yo tounen lekòl, ou dwe panse tou sou yon opsyon ki reyalis pou swen timoun yo. Si se yon pwoblèm pou  jwenn swen timoun ki apwopriye oswa konsistan, paran yo dwe panse sou sa tou pou detèmine si yo dwe voye timoun yo tounen lekòl. Founisè ki bay timoun swen te afronte pandemi an depi lè li te kòmanse, apa de sa, depi kòmansman ane lekòl vityèl sa a The Children’s Trust ap soutni founisè ki ap ofri pwogram apre lekòl ak pwogram tout jounen. Menm si li vreman yon prim jwenn plas pou patisipe nan pwogram sa yo, paran ki oblije tounen nan travay ki pa gen okenn sistèm sipò pou swen timoun li yo pral konsidere lekòl an pèsòn kòm yon opsyon ki ka ede timoun yo resevwa swen. 

Pwogrè Devlopman
Se pa pitit tout moun ki te jere pandemi koronaviris la menm jan. Gen kèk timoun ki pwospere pandan ogmantasyon tan yo pase anndan kay yo,  kote yo konsantre sou pastan endividyèl oswa rechèch yo, amelyore kapasite akademik yo epi raproche yo ak frè, sè, paran yo, oswa moun kap bay yo swen. Sepandan lòt timoun te gen traka adapte yo ak ogmantasyon tan izòlman an.  Yo fè mach anaryè oswa kapasite mantal yo pa avanse. Yo vin gen move abitid epi yap aji mal tout tan. Pifò timoun yo ap gen yon konbinezon rezilta pozitif ak negatif paske yo pase plis tan anndan kay la. Pou tèt sa paran yo ta dwe konsidere ak evalye tout faktè sa yo anvan yo deside voye timoun yo tounen lekòl.

Sonje byen, nan sikonstans nòmal e menm ideyal, timoun yo pral devlope selon pwòp vitès yo, e pandan ke li enpòtan pou konsidere pwogrè devlopman yo lè ou voye yo tounen lekòl. Li nòmal si an jeneral yo yo gen difikilte, epi pa ajoute estrès ki pa nesesè ni nan lavi yo ak lavi pa w.

Byennèt Sosyal, Emosyonèl ak Fizik
Pandemi aktyèl la te youn nan evènman ki pi twomatik e ki plis make lavi jèn timoun nou yo. Anpil ane pral pase anvan nou konnen nivo total enpak ki ka genyen, men nou pa oblije rete tann jiskaske lè sa a pou nou obzeve timoun nou yo epi poze kesyon sou ki jan byennèt sosyal, emosyonèl ak fizik yo ye akòz reyalite sa a.

Pami enpak ki pi komen yo, se ki jan tan yap pase lwen zanmi ak lòt fanmi vin afekte lavi sosyal yo. Èske yo montre siy izolasyon, oswa èske yo te kapab konekte ak zanmi ak lòt moun pandan tan yo pase apa a? Èske chak jou yo gen entèraksyon ak nenpòt lòt moun apa de paran ak moun kap bay swen yo? Menm jan tou, ki jan sante emosyonèl yo ye? Èske yo vin gen yon depresyon pandan pandemi an? Posibilite pou retounen nan yon anviwònman kote yo ka renouvle entèraksyon chak jou ak pwofesè ak kamarad klas yo, ka reprezante yon sitiyasyon ki pi fè sanblans ke yap tounen nan nòmalite lavi yo ki te vire tèt anba pi fò nan ane sa a.

Paran yo ta dwe konsidere sante jeneral pitit yo tou. Malgre ke paran yo ak moun kap bay swen yo te jwenn nouvo jan pou kenbe timoun yo aktif pandan yo lakay yo, pap ranplasman ase pou aktivite yo ka fè nan lekòl la.

Petèt yon konsiderasyon ki  pi enpòtan pou retou yon timoun lekòl se opsyon nitrisyon ak manje. Malgre ke Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te bay manje pou soulajman elèv yo ak fanmi yo atravè pwogram Distribisyon Vin Pran, opsyon manje maten ak manje midi ki la chak jou pou timoun nan lekòl yo difisil pou ranplase e sa ka jwe yon gwo wòl nan pran desizyon final la.

Tout nivo sosyete a ap santi ensètitid ak konplikasyon ki antoure desizyon pou rekòmanse lekòl an pèsòn. Karakteristik endividyèl fanmi yo, katye yo ak lòt faktè yo, tout mete presyon sou yon desizyon final paran oswa moun kap bay timoun yo swen gen pou pran.