Yon fanmi ras melanje ak timoun adopte gen plezi nan kay la.

Photo by Rido/stock.adobe.com

30 Timoun Te Adopte Nan Miami-Dade Jou Adopsyon Nasyonal La

Selebrasyon vityèl yo ede make okazyon an pou ajans forever families
Selebrasyon vityèl yo ede make okazyon an pou ajans forever families  

Pandan yon pandemi bezwen nou la toujou - yo ogmante. Sa sitou vre pou timoun nan Konte Miami-Dade ki aktyèlman nan sistèm swen adoptif la. Paske Novanm se Mwa Adopsyon Nasyonal, ajans tankou Citrus Family Care Network (CFCN), ki jere swen adoptif ak pwogram adopsyon nan konte a, pran desizyon pou yo pa dekouraje akòz limit pandemi a enpoze, epi yo ajiste yo pou asire adopsyon ak kè kontan ki vin ak sa ap kontinye rive.

Vandredi, 20 Novanm, nan Jou Adopsyon Nasyonal la, yo te pwograme adopsyon ofisyèl trant timoun, epi moun ki te ede fè adopsyon sa yo posib pa ta kite jou sa a pase san yon selebrasyon.

Leslie Veiga direktè kominikasyon nan CFCN te di "Nou pa ka rasanble nou tankou jan nou te konn fè anvan men sa pa vle di nou pa ka selebre Mwa Adopsyon Nasyonal la ak Jou a." Chak ane, se youn nan jou ki bay plis jwa nan sèvis byennèt timoun, epi nou pa ta dwe kite ane sa a pase san menm kalite selebrasyon an." 

Olye pou nou selebre Jou Adopsyon Nasyonal la nan Children’s Museum la kòm CFCN tipikman konn fè, nou te pran yon desizyon pou selebrasyon an dire de jou epi pou nou fè tranzisyon kèk nan spektak ak evènman yo nan monn vityèl entènèt la.

Veiga eksplike " Nou te deplase li pou premye fwa epi mete li nan yon platfòm vityèl,". Nan Evènman an te gen yon Pwogram Pou Jou Adopsyon Nasyonal la epi apre sa, jij ki soti nan Unified Children’s Court Division of Florida’s Eleventh Judicial Circuit (Tribinal Timoun Divizyon Integre nan Onzyèm Awondisman Jidisyè Florid la) te prezide finalizasyon adopsyon yo nan sal tribinal vityèl yo.

Nan demen, nouvo fanmi pou lavi te ale nan Dave and Buster pou pran foto an fanmi, epi jwi kèk rafrechisman ak antouraj la tou. Li sèten tout moun te swiv direktiv distans sosyal la. Pandan mwa a, CFCN te voye ba fanmi ki te patisipe nan adopsyon yo dekorasyon pou fèt ak ti kado, osi byen ke atik pèsonalize pou dekore kay yo, e ede ak selebrasyon an. Veiga te di "Nou pote fèt la ba yo!".

Jou Adopsyon Nasyonal la se yon efò nan tout peyi a pou ogmante konsyantizasyon sou plis pase125,000 timoun nan swen adoptif Ozetazini k ap tann pou yo adopte yo. Jou Adopsyon Nasyonal la ki rive pandan Mwa Adopsyon Nasyonal la, se yon efò nasyonal kolektif pou ogmante konsyantizasyon sou timoun sa yo ki bezwen yon fanmi pèmanan ki renmen yo. Evènman Jou Adopsyon Nasyonal Miami-Dade la mennen efò sa a nan kominote lokal nou an. Gen plis pase 1,500 timoun nan sistèm byennèt timoun nan Konte Miami-Dade ak Monroe. Nan timoun sa yo, gen plis pase 100 ki disponib kounye an pou adopsyon. 

Pou plis enfòmasyon sou jan ou kapab vin yon paran tanporè oswa adopte yon timoun nan Konte Miami-Dade, al vizite Miami Heart Gallery, kote ou ka wè epi li sou timoun ki ap tann pou yo adopte yo. Ou kapab tou vizite citrusfcn.com pou aprann sou kijan ou ka vin yon paran tanporè oswa adopte yon timoun, osinon rele 1-855-786-KIDS, oswa 305-455-6000.