Yon operatè telefòn koute fikse sou yon ekoutè.

bojan/stock.adobe.com

211 ap Ogmante Sèvis li pou fè fas ak Viris Kowona a

Valè moun ki telefone depase doub valè apèl anvan kriz la
Valè moun ki telefone depase doub valè apèl anvan kriz la  

Nan moman kriz, enfòmasyon enpòtan. Men, pandan medya tradisyonèl ak medya sosyal ap bay nouvèl 24 sou 24, y ap bay enfòmasyon san rete, pa gen anpil enfòmasyon fyab sou sa moun bezwen tout bon epi sou resous ki disponib nan katye pa nou yo. 

Telefone Switchboard 2-1-1.

Se Sèvis Kominotè Juif nan Sid Florid ki jere sèvis sa a epi se The Children’s Trust ki finanse li, sèvis 211 lan disponib 24 sou 24 chak jou nan ane a pou bay popilasyon an resous, oryantasyon, konsèy, epi ede yo youn pa youn lè yo bezwen sa lè gen yon moman difisil. Malgre se yon sous enfòmasyon ki toujou fyab, sèvis la vin pi enpòtan toujou akòz gran boulvès sa a k ap pase nan sosyete a pandan pandemi viris Kowona sa a. 

“Nou depase plis pase de fwa valè apèl nou te konn abitye reponn,” sa se pawòl Direktè Richard Shutes, li di tou 32 anplwaye li yo ni sa ki travay a plen tan ni sa ki travay a tan pasyèl ap fè ovètaym pou yo kab reponn apèl moun nou resevwa anplis k ap mande èd. 

Sa pa dwe siprann pesonn, majorite apèl ki rive sou 211 lan pandan pandemi sa a an rapò ak ensètitid moun ki pap fè anpil lajan genyen. “Demann yo plis fè pandan (apèl sa a yo) gen pou wè ak manje, swen sante, peye kay, lajan epi sèvis sante mantal,” se sa Shutes di. 

Direktè a kontinye esplike istwa yon koup ki telefone 211 ki t ap mande konsèy pou konn ki kote yo kab jwenn manje lè pandemi a te fèk kòmanse. Malgre yo te fè yo konnen makèt yo ap ret ouvè, operatè ki nan telefòn nan te ba yo yon lis kote yo kab kondi al pran manje gratis nan zòn Miami an “Koup la te gen anpil rekonesans epi yo te panse sa tap pi an sekirite pou y al pran manje a nan kote y ap bay moun manje nan machin yo pase pou y al antre nan yon makèt.” 

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 

#Repost @211miami ??Meaningful Monday ?? I contacted 211 to find assistance for my son, with a prep class for the ACT. My son needs to pass the test in order to receive his diploma. He has a learning disability and I have physical disability. I feel very helpless at times when I can’t do as much for my son. The counselor provided me with Miami Dade College since they have ACT prep classes. The counselor also informed me that Miami Dade College has services that accommodate students with disabilities. The 211 specialist was very kind, she listened to me, like actually LISTENED, and helped point me in the right direction to help my son. I am really grateful for the resources that I was provided with and feel hopeful that they will be able to help my son succeed with his education. #211miami #crisishotlinedial211 #miamidadecounty #informationandreferral #dial211forhelp #24hourhelp#MotivationMonday

A post shared by The Children's Trust (@thechildrenstrust) on

Anplwaye k ap reponn telefòn 211 yo toujou ap mete lis resous yo ajou, epi yo resevwa fòmasyon pou yo jere apèl ki delika ki gen rapò ak sante mantal moun, epi yo resevwa fòmasyon tou pou yo jere apèl moun ki fè lide touye tèt yo. “2-1-1 nan Miami la tou pou konseye moun pandan yon kriz pou sa ki gen poblèm emosyonèl oubyen sa k ap konbat ak lide pou yo touye tèt yo,” sa se pawòl Tiffany Hernandez. “Nou gen plis pase 4,000 pogram nan bank done nou pou Miami-Dade ak Monroe.” 

Sèvis 211 nan Miami an se sèl sèvis ki la pou ede moun 24 sou 24 nan Miami Dade County, ki la pou konseye moun lè gen yon kriz, ba yo enfòmasyon epi refere yo bay lòt sèvis. Tanpri pataje nimewo telefòn sa a ak fanmi w, epi ak zanmi w, sèvis la la pou tout moun. Sèvis la fè kliyan yo jwenn kote pou y al prepare taks yo gratis, kote yo kab jwenn manje gratis, kan dete pou pitit yo, ajans swaye moun ki gen poblèm mantal ak moun ki pran dwòg, pogram pou veteran, klinik kominotè, pogram pou granmoun aje, epi kèk lòt resous. 

Pou nou jwenn ransèyman sou sèvis 211 lan al sou sit sa a https://jcsfl.org/services/helpline/  oswa annik telefone 211.