Yon odisyon jèn ti fi pandan konpetisyon 2020 nouvo talan an gwo.

Photo by Matthew Porter

10yèm Edisyon Anyèl Kopetisyon Talan “Young Talent Big Dream” Tounen Vityèl

Emisyon an dwe kontinye, e se sa kap fèt kounye an ak konpetisyon Actors' Playhouse
Emisyon an dwe kontinye, e se sa kap fèt kounye an ak konpetisyon Actors' Playhouse 

Youn nan aspè pi enpòtan e negatif ak pandemi aktyèl coronavirus la se ke li fè anpil evènman enpòtan nan lavi jèn nou yo sispann. Gradyasyon lekòl segondè, vakans prentan ak vwayaj ete yo, e menm rankont ansanm ak zanmi, tout bagay sa yo sispann tou. Te gen yon tan ke nou te kwè ke yon lòt aktivite pou lajenès nan Miami-Dade Konte ta pral soufri menm sò a. Se aktivite ke lajenès pi renmen, konpetisyon anyèl “Young Talent Big Dreams”, ki pi gran konpetisyon nan konte a, kote jèn yo ka demontre talan yo -. Men se pa ka a. Spektak la pral fèt ankò e fwa sa a li ta ka pi bon ak pi enòm pase tout tan.

Actors’ Playhouse  ki nan Teyat Miracle la, ansanm ak The Children's Trust ki patwone prezantasyon an pran chemen vityèl pou reouvri odisyon yo pou sezon an kap selebre 10yèm anivèsè li. Konpetisyon nan tout konte a ki te kòmanse nan mwa janvye, te fèk fini e dezyèm tou odisyon an dirèk  la tou lè pandemi komanse frape Sid Florid la nan kòmansman ane sa a epi yo te oblije fèmen konkou an ansanm ak majorite lòt aktivite. Men òganizatè yo pa ta pral  kite COVID-19 fèmen rido spektak la ane sa sou tout talan atistik ki genyen nan konte a.

Barbara S. Stein, direktè pwodiktè egzekitif nan Playhouse Actors nan Teyat Mirak la te di."Moman sa yo san parèy, lakòz yon chanjman nan plan nou pou 10yèm anivèsè sezon Young Talent Big Dreams men li pap fè nou sispann selebre etap enpòtan konkou an ane sa ak tout jèn pèfòmè mèveye sa yo ki anvi pataje talan yo avèk nou. "Kounye a, jan yo di nan chobiznis, spektak la dwe koninye!"

Pandan ke nou rete an sekirite anndan kay nou e n ap pratike distans sosyal, nou envite timoun ki gen laj ant 8-17 an yo pou soumèt videyo pou wonn odisyon preliminè an ki montre valè talan yo. Prim yo rete menm jan. bous spektak artistik, prim lajan kach, ak opòtinite pou pèfòme lòt kote, plis tikè pou al visite atraksyon kiltirèl lokal ak teyat  yo. Gayan pi gwo prim lan ap resevwa yon biyè avyon, otèl peye, ak kat lesepase pou al wè an pèson Teen Choice Awards (Prim Chwazi Yon Tinedjè), koutwazi Kanal 7 WSVN, ansanm ak $500 kach.

Premye wonn odisyon sou entènèt la deja fèt e timoun talante ki soti toupatou nan konte a ap gen jiska 18 Me pou yo soumèt odisyon wonn preliminè yo. Moun ki enterese enskri pou nouvo konpetisyon an sou entènèt la ta dwe ale nan StayHome.Miami, nouvo sit wèb Children’s Trust la pou aktivite, resous ak lòt karakteristik amizan, epi pou jwen plis enfòmasyon. Patisipan yo kapab fè konpetisyon nan yon sèl kategori endividyèl ak yon sèl kategori pou gwoup.

Pandan ke odisyon yo ap mache pi devan sou entènèt la, plan inisyal la se pou semifinal yo pran plas nan fen mwa Out ak final la pou pran plas nan fen mwa septanm devan yon odyans an dirèk nan Teyat Miracle la tankou lòt ane yo, byenke se sèlman si kondisyon yo pèmèt sa.

Prezidan ak Direktè an Chèf The Children's Trust, James Haj, di "The Children’s Trust kwè ke pouvwa gerizon se mizik ak dans. Nou toujou sipòte konpetisyon Young Talent Big Dreams yo kòm yon fason pou demontre lajenès epi pataje sak pi bon nan kominote nou an," "Nan tan tankou sa yo, nou bezwen Young Talent Big Dream plis pase tout tan e mwen fyè ke nou ka avanse pi devan ak yon konpetisyon vityèl. Mwen pa ka tann pou wè talan yo ane sa a."

Karakteristik konpetisyon talan an gen sis kategori endividyèl ladan l: 1- pòp / wòk / rap vokal, 2- teyat mizikal / djaz / chan klasik, 3- dans, 4- enstriman mizik, 5- pawòl orijinal, ak 6-konpozisyon orijinal vokal oswa enstrimantal. Gen nan kategori pou gwoup sis moun oswa mwens manm ladan l, dans, enstriman mizik / gwoup mizikal ak gwoup vokal. Lè yap prepare nenpòt ki materyèl odisyon pou soumèt, konpetitè yo dwe swiv tout direktiv gouvènman aktyèl la ak restriksyon ki gen rapò ak pandemi coronavirus (COVID-19). Nou ankouraje gwoup yo kolabore sou entènèt pou kreye videyo odisyon yo. Patisipasyon nan konpetisyon an gratis epi li limite a moun ki abite nan Konte Miami-Dade.

Nan wonn preliminè a chak zak yo gen dwa a yon minit pèfòmans videyo ak de minit pèfòmans nan wonn semifinal ak final la. Pral gen yon maksimòm de nèf ganyan e pandan final la yo pral chwazi yon sèl gayan pou gran prim la.

Young Talent Big Dreams modle apre emisyon televizyon reyalite ki montre talan e ki ofri konpetitè yo menm kalite opòtinite atravè yon seri odisyon, pèfòmans ak konsèy pwofesyonèl. Gwoup Jij yo se selebrite lokal ak pwofesyonèl ki soti nan kominote Miami ki pou atis ki travay nan domèn pèfòmans.  

Nan ganyan konpetisyon anvan yo te gen ladan l Joana Martinez ki fèk reyalize yon plasman kòm youn nan diz moun ki  fè pati nan "Ekip Gwen (Stefani)" nan Sezon 17 nan NBC, nan " The Voice (Vwa a) , ”  kote Angelina Green te genyen prim tout moun te vle ki rele  Golden Buzzer (Sonèt Dore), ke jij Heidi Klum ba li nan Sezon 12 la nan NBC, nan "America's Got Talent," ak dènyèman Gino Cosculluela ki te rive nan twazyèm plas pandan Sezon 16 nan FOX ki rele “ So You Think You Can Dance (Se Konsa, Ou Kwè Ou Ka Danse)."