Timoun de diferan ras k’ap bay youn lòt akolad.

Rawpixel.com/stock.adobe.com

10 Fason Pou Elve Yon Timoun Ki Toleran

Ou ka aprann pratike konpreyansyon ak apresyasyon
Ou ka aprann pratike konpreyansyon ak apresyasyon 

Kòm kwayans sosyal yo ap chanje rapid, sansibilite timoun nou yo youn pou lòt kapab pa ale ak menm vitès la. Kòmanse yon dyalòg ak pitit ou se yon bon fason pou louvri pòt la pou kòmanse aprann, men fòk ou pwatike sa w'ap di yo.

1. Pale sou kwayans demode yo. Ou ka kòmanse reflechi sou tèt pa'w lè'w t'ap grandi. Pran tan pou reflechi pou wè si se pa ou menm ki ap enfliyanse yo, epi itilize bon apwòch avèk yo san ou pa fwase yo nan opinyon yo.

2. Ankouraje espri louvè ak tolerans. Paran yo ki reflechi sou kòman yo ta renmen pitit yo ye souvan yo reyisi, paske yo planifye sa yo pwa'l fè yo. Si ou vle tout bon pou pitit respekte divèsite, ou dwe ba yo bon abitid depi lè w'ap elve yo tou piti. Depi yo konnen kisa w'ap tann, y'ap adopte prensip ou yo san pwoblèm.

3. Pwatike fyète nan kilti pa yo. Konnen pase fanmi yo ede yo plis konekte ak eritaj yo epi devlope apresyasyon ak respè pou kilti yo epi pou zanmi yo ak elèv parèy yo.

Kòm Barbara Mathias ak Mary Ann French, yo se otè liv 40 Ways to Raise a Nonracist Child, eksplike ke, “Depi pitit gen yon fyète solid nan pèp ki soti menm kote ak [li], li ap pi fasil pou [yo] pou yo jwenn kontantman nan diferans ki genyen ant youn ak lòt."

4. Elimine kòmantè deskriminatwa. Lè ou tande move kòmantè, li pa agreyab. Fason ou reponn voye yon mesaj klè bay timoun sou fason ou panse ou menm: "Se derespektan mwen p'ap pèmèt konpòtman sa yo lakay mwen," oswa "E yon vye kòmantè, mwen pa vle tande sa ankò." Pitit ou dwe konnen sa'w santi pou yo ka konfòme yo. Sa ba yo egzanp tou kijan pou yo reyaji lè sa fèt devan yo.

5. Aksepte divèsite. Lè timoun yo piti, montre yo bèl imaj – tankou jwèt, mizik, literati, videyo, pèsonalite piblik ki bay bon ekzanp ak lòt bon ekzanp ki nan medya – ki reprezante plizyè varyete gwoup moun. Ankouraje pitit ou, menm si yo jèn, pou fè kontak ak lòt moun ki soti nan lòt ras, relijyon, kilti, sèks, abilite ak kwayans. Plis timoum ou wè jan ou anbwas divèsite, plis y'ap anvi swiv aksyon ou.

6. Ensiste NOU, pa MWEN. Ankouraje pitit ou pou chèche pito sa nou tout genyen ki sanble olye diferans ke nou genyen. Chak fwa pitit ou vle montre sa ki diferan ant yo ak yon lòt, ou ka di: "Gen anpil fason ke ou diferan ak lòt moun. Kounye an nou eseye kòman nou sanble."

7. Bay repons ki dirèk, epi ki senp. Doktè Beverly Daniel Tatum, li se otè liv Why Are All the Black Kids Sitting Together in the Cafeteria? ensiste pou li mande pou reponn kestyon timoun yo senpepi onèt menm lè kèk sijè ka anbarasan oswa entèdi. Jan ou reponn ka swa evite prejije oubyen kreye prejije. Pou timoun piti yo, souvan youn-oswa-de-repons sifi:

PITIT: Sally se yon tifi – li pa ta dwe ap jwe foutbòl!
PARAN: Tifi ka jwe menm espò ak ti gason. Gen tifi ki renmen foutbòl, genyen ki pa renmen'l. Sally renmen jwen foutbòl, alòs li ta dwe jwe foutbòl.

Oswa

PITIT: Poukisa ti gason sa chita sou yon chèz k'ap bouje?
PARAN: Se yon chèz pou moun ki andikape; li gen yon moteu. Pye ti gason pa fonksyone byen menm jan ak pa'w yo, se chèz la ke li itilize pou li ka deplase.

8. Abòde kwayans diskriminatwa yo. Lè ou tande yon timoun fè yon move kòmantè, chache konprann pouki yo santi yo konsa. Byen kalm abòde sijè avèk yo epi montre yo sa ki pa kòrèk yo. Egzanp, si pitit ou di, "Pòv nan lari yo ta dwe chèche yon travay," ou ka abòde yo: "Gen anpil rezon pouki pòv yo pa chèche travay oswa kay. Yo ka malad oubyen yo paka jwenn travay. Kay koute lajan, se pa tout moun ki ka peye pou youn."

9. Vin yon modèl pou tolerans. Poze tèt ou yon kestyon enpòtan chak jou: "Si pitit mwen se sou mwen sèlman yo t'ap pran egzanp, èske mwen t'ap yon bon modèl pou yo?"

10. Travay pou gen plis konpreyansyon. Tankou rayisman, prejije, ak tolerans se bagay ou ka aprann, menm jan ak sansibilite, konpreyansyon ak akseptasyon. Pi bonè nou kòmanse, plis chans nou genyen pou evite vye atitid ak konpòtman sa yo enstale – epi ankouraje timoun viv ak plis armoni nan mond sa.

 

Michel Borba, Ph.D., ekri tèks sa, li se otè liv Unselfie: Why Empathetic Kids Succeed in Our All-About-Me World.