Yon fanm ki bouke, k’ap baye.

Antonioguillem/stock.adobe.com

Èske Ou se Yon Paran Ki Bouke?

Pran swen tèt ou anvan pou ka fè lòt yo kontan
Pran swen tèt ou anvan pou ka fè lòt yo kontan 

Timoun ou yo kite soulye yo nan koulwa epi premye reyaksyon se rele sou yo. Ou fache paske ou santi ke yo p’ap patisite nan kenbe kay la annòd. Sante mantal, fizik ak emosyonèl ou ap afekte paske ou enkyete toutan.

Si ou nan ka sa yo, ou pa poukont ou. Fatig paran – se rezilta estrès ki pa janm fini – chaje ak ka sa yo kounye a. Yon etid ki fèk fèt sou 2,000 paran montre ke paran ka soufri fatig kronik menm jan ak moun ki ap travay nan biwo. Anpil nan moun ki te nan etid sa gen menm sentom yo: yo fatige, yo pa fonksyone byen epi yo pa gen anpil enèji – menm jan ak pwofesyonèl k’ap travay anpil yo – sa rive yo pou pi piti yon fwa nan semèn lan. Sa ka korije, solisyon an: “pran tan pou tèt ou.”

“[Fanm souvan] toujou fòse tèt yo pou yo la pou tout lòt moun ki nan vi yo,” se sa doktè Gail Saltz di, li se sikyat ak otè liv The Power of Different. Lè y’ap fè tout efò sa yo, pandan ke yo bliye tèt pa yo, sa ka fatigan pou yo, se sa Saltz di, yo vin paka fè anyen pou tèt pa yo oswa pou lòt ankò. “Si ou pa mete mas oksijèn pou tèt pa’w anvan,” li ajoute, “ou pa kapab ede lòt moun ki bò kote’w.” 

Rekonekte ak Tèt Ou...
Alòs kisa sa vle di pran tan pou tèt ou epi kijan sa pra’l ede’w? “[Se] lè rekiperasyon,” se sa doktè Elizabeth Lombardo di, li se otè liv Better Than Perfect: 7 Strategies to Crush Your Inner Critic and Create a Life You Love. “Lè nou fè tan pou noumenm, nou ka konekte ak tèt nou, epi nan koneksyon sa w’ap dekouvri vre ou menm lan ki pa gen anpil enkyetid ki chaje avèk konpasyon ak lanmou.” Lè ou an amoni ak tèt ou, li ajoute, “Ou pi senpatik epi ou gen plis padon nan kè’w.”

Sa espesyalman enpòtan, pandan timoun yo ap obsève paran yo. “Se yon bon egzanp konpòtman pou lè yo wè ke Manman pran tan pou tèt li,” se sa Lombardo di. “Se yon bon bagay.”

Epi si ou ta santi’w koupab paske ou pran tan pou tèt pa’w, jis sonje: Ou se imen. “Tout moun bezwen tan pou tèt yo, se konsa nou fèt,” Lombardo ajoute. “Fè tèt ou sonje, ‘Mwen se yon bon manman lè m’ap pran tan pou tèt pa’m paske m’ap plis kapab fokis pou’m pran swen pitit mwen. M’ap pi prezan.’”

...E Mari’w Oswa Madanm Ou
Se menm jan pou mari’w oswa madanm ou. “Yon relasyon ansante mande tan,” se sa Saltz di. Lè ou bay timoun yo tout tan, ou ka bliye patnè ou. Nenpòt lè, relasyon an ka vin afekte paske nou pale ase. Tout sa ka ogmante fatig la anpil. “Lè nou genyen anpil estrès, li afekte fason nou reflechi,” se sa Lombardo di. “Nou gen tandans pou vin gen plis panse negatif.”

Lè ou santi ke ou vle afebli, se nòmal pou pran tout bagay pèsonèl epi fache pi souvan. Lè konsa “Konte sou 10 epi respire” se yon gwo rapèl ki ka ede’w vide tèt la epi fokis ankò sou relasyon ou an.

Pran Tan
Depi’w fin bay tèt ou pèmisyon pou bloke yon ti tan pou ou menm – menm si se 10 a 15 minit chak jou pou kòmanse – lòt etap la se konnen ki pi bon lè pou pran’l, se sa Saltz di, se lè patnè’w la lakay pou pran swen timoun yo oswa, si ou vle planifye yon bagay pou patnè’w, si gen yon lòt moun ki ka rete ak timoun yo? Tankou bwose dan yo, pran tan pou tèt ou a ta dwe fè pati jounen ou tou. Etabli yon sistèm sou plas pou ka plis fasilite ti “chape” ou a – sa ap elimine tout ekyetid ke ou te ka genyen pou timoun yo ki ta fè’w panse ke ou ta abandone yo.

Fè Efò a
“Depi ou fin idantifye kisa ou vle fè, reflechi ki jan ou vle fè li,” se sa Lombardo rekòmande. “Si ou rete bò lanmè, ou ka al fè ti mache. Ou ka jis chita, petèt fè yon ti benyen. Se jis reflechi kisa ou vle fè epi ki jan ou vle fè li.”

Si ou bloke epi ou bezwen yon lide sou ki jan pou ta demare ak ti tan pou tèt ou a, eseye:

Fè tèt ou plezi. Fè yon ti kabicha oswa imajine ke ou on kote ki kalm, “kote ke lespri’w pra’l pran yon repo,” se sa Lombardo di. Oswa ofri tèt ou yon tretman bote fè zong/pye.

Fè yon bagay diferan. Ale nan yon ti boutik kafe oswa nan yon pak lokal. Yon senp ti delasman ka fè’w santi’w pi byen.

Itilize sans kreyatif ou. Ke dyòb ou se jounalis, fè penti, bwodri, oswa desen, ou ka itilize kreyativite pou eksprime sa ou santi. Ou pa oblije pafè ladan’l – se jwenn plezi nan nenpòt sa w’ap fè a se sa ki rele pran tan pou tèt ou a.

Ann vanse. “Mwen panse ke egzèsis ka ede anpil nan byennèt ou, sante fizik ak mantal,” se sa Saltz di. Enpòtan se jwenn yon aktivite ki bon pou ou, sa pèmèt ou relakse’w epi fè’w santi’w byen, alòs w’ap pran plezi lè w’ap fè yo.