Ti fi ki ap dòmi nan kabann, k’ap manyen yon revèy.

Eléonore H/stock.adobe.com

Èske Fanmi Ou Ap Dòmi Byen?

Fè dòmi pi agreyab pou tout moun!
Fè dòmi pi agreyab pou tout moun! 

Menm si tout moun al dòmi alè san plenyen (ha!), fè tout moun byen repose pou jounen demen an pa fasil. Dènye etid yo ka etone’w – Egzanp, yon somèy ki te entèwonp pi grav ke si ou pa te dòmi ditou – men pou dòmi, paran yo ka dekouraje. Prèske chak jou, nou anvayi ak etid k’ap montre enpòtans pou byen dòmi, epi etid montre ke move somèy lakoz depresyon, tansyon wo epi fè moun gwosi.

Chak manm fanmi an gen fason dòmi pa yo, sepandan, li pa fasil. Sòti nan adolesan yo ki ap tèks byen ta pase nan pi piti ki vle ke ou rakonte 20 istwa pou’l dòmi pou rive nan mari a ki ap vire anpil sou kabann lan, chak moun gen eskiz pa yo pou y’ap plenyen demen ke “Mwen fatige!” epi ou tande “Banm senk minit ankò!” Pi grav ankò ou menm ou pa dòmi ase tou. Dapre National Sleep Foundation, prèske twaka manman ap soufri ak lensomni.

Kisa yon paran ki pa dòmi ase ta dwe fè? Fè tout moun dòmi bone (7 p.m. lè pou tout moun dòmi!) pa negosye’l, konsidere etap sa yo pra’l fè tout manm fanmi an byen repose yo. Eseye youn, chwazi plizyè, oswa eseye tout ansanm.

1. Itilize tan ke ou pa’p fè anyen yo pou dòmi. Sispann enkyete paske “ou pa dòmi ase” – ou pa’p janm ka rejwenn tout somèy ou pèdi yo. Pwofite pito, repose pandan kèlke minit pandan jounen an. Eseye fè tout moun al dòmi 30 minit anvan lè yo (ou menm tou) si li posib, epi timoun yo pa’p plenyen twòp. Ti etap sa ajoute 3.5 èdtan somèy anplis pou semèn lan.

2. Byen kòmanse jounen an. Ou dwe prepare somèy ou depi nan maten, kò a itilize reyon matinal la pou’l pèmèt oy byen dòmi lannwit lan. Lè tout moun leve louvre rido yo pou solèy la ka rantre, epi pran dejene yon kote ki gen plis solèy nan kay la.

3. Evite twòp limyè lannwit. Pou yon pi bon somèy, vire revèy la sou mi an. National Sleep Foundation rapòte limyè fè gwo efè sou somèy. Menm ti limyè tou piti ka anpeche’w rantre fon nan somèy ou, kote ou byen repoze tout bon an. Sa vle di revèy ki gen limyè ki briye anpil yo, televizyon ak òdinatè yo ta dwe etènn, kouvri oswa yo pa ta nan chanm lan ditou. Lannwit pa dwe pote perèz pou timoun yo; toujou chwazi aparèy ki pa klere enpil yo epi sitou ke yo pa nan figi timoun yo.

4. Deploge. Gade televizyon oswa ale sou entènèt lannwit anpeche timoun dòmi. Ou dwe mete lè espesifik pou sa, epi evite gade televizyon pou evite reyon nan je yo, evite òdinatè oswa jwèt elektwonik yo inèdtan anvan y’al dòmi.

5. Evite kafe. Manman yo renmen sa: National Sleep Foundation rapòte ke 65 pousan fanm depann de kafe pou jounen an. Sepandan kafe pandan jounen an anpeche’w dòmi lannwit. Pou dòmi pi byen limite kafe ou jiska 200 miligram pou jounen an (12 ons) anvan 3 p.m.; timoun anba laj 12 lane pa dwe ap bwè kafe – ansanm ak soda tou!

6. Ranpli plat ou. Fanmi an dwe byen manje pou yo ka byen repose. Manje ki chaje ak triptofan yo – tankou lèt, vyann, bèt volay, farin ak ze – ka ede fanmi an dòmi byen. Manje ki chaje ak manyezyòm tankou pwa nwa, joumou ak zanmann ede misk yo relaks. Epi kalsyòm ke yo jwenn nan lèt, yogou, somon, avwann, pire ak ji fòtifyan sipòte pwodiksyon melanin, se yon èd natirèl pou somèy.