Young man being instructed in the task

LightFieldStudios/iStock/Thinkstock

Èske li Lè pou Jwenn Lòt Èd Deyò?

Lè ou fè tout sa ou kapab pou ede pitit ou, resous edikasyonèl nan kominote’w ak sou entènèt – anpil ladan yo gratis – sa ka pote ekspètiz yo bezwen an. Konsidere opsyon sa yo:

Mande pwofesè yo a. Yo konnen plis pase tout moun nan ki matyè pitit ou gen feblès, epi yo konnen kibò pou yo jwenn pwofesè konvenab nan systèm lan pou ede pitit ou. Ou ta dwe chèche konnen si lekòl pitit ou a ofri sesyon group etid, oswa si gen pwogram èd pou devwa deja egziste nan pwogram apre-lekòl yo (egzanp, chak pwogram apre-lekòl ke The Children’s Trust sipòte genyen yon seksyon alfabetizasyon) sa kapab ede pitit ou selon bezwen li yo.

Jwenn yon konseyè. Èske pitit ou bon nan etid sosyal yo men li pa fò nan matematik? Li sigjere ke yo chèche yon zanmi oubyen yon elèv klas la ki fò nan matematik men ki bezwen èd nan etid sosyal yo, pou youn kapab ede lòt. Y’ap kontan jwenn satisfaksyon avèk konfyans nan tèt yo kote yo pale menm langaj pou y’ap ede youn lòt.

Chèche pwogram lokal yo. Chèche òganizasyon ki ofri pwogram gratis nan zòn lan, tankou YMCA oubyen inivèsite kominotè, pou konnen si yo genyen yon pwogram kote yo aprann timoun leson. Se pa yon bagay ki ra pou òganizasyon ki bay sèvis gratis yo anplwaye elèv kolèj ak inivèsitè (ki touche lajan oubyen ki resevwa kredi lekòl) pou anseye timoun ki pi jèn. Si pitit ou bezwen èd nan yon matyè espesyal, yo ka genyen yon gwoup elèv ki poko gradye ki gen ekspètiz nan matyè sa yo pou ede pitit ou. Pou timoun ki bezwen atansyon espesyal, branch lokal oswa òganizasyon nasyonal, tankou Autism Society (www.autism-society.org), ka rekòmande’w anseyan ki espasyalize pou yo.

Rezo, rezo, rezo. Pi bon sèvis referal ou kon pafwa sèk sosyal ou a. Mande nan antouraj ou si gen yon moun ki konnen oubyen ki deja anplwaye yon anseyan – oubyen si yo enterese yo menm! Sans familyarite oubyen koneksyon sa kapab ede diminye enkyetid kay pitit ou – ak ou menm – pou travay ak yon etranje. Gen posibilite ke ou oblije peye, epi direksyon pou kòman pwosesis yo pra’l fèt.

Ale sou entènèt. Miami-Dade Public Library System ofri leson patikilye sou entènèt sou www.tutor.com sèt jou sou sèt, 3 pou 11 p.m. Sit la ofri leson patikilye pèsonalize andirèk, yon asistans sou plas pou ede timoun ak pwojè yo epi aksè 24 sou 24 ak tout kalite dokiman, videyo ak enfòmasyon sou tout kalite sijè. Sèvis la gratis pou tout manm ki gen kat yo yo gen aksè ak sèvis entènèt sa libreri yo oubyen lakay yo, sou nenpòt òdinatè oswa aparèy mobil ki fèt pou sa epi ki konekte sou entènèt la, annik ale sou sitwèb libreri a sou tutoring.mdpls.org.

Khan Academy (www.khanacademy.org) se yon òganizasyon edikasyonèl ki bay sèvis gratis yo ofri videyo leson patikilye egzèsis pratik gratis nan plizyè kalite sijè pou lekòl. Leson patikilye yo enfòmèl nan fason yo epi yo òganize pou pote konesans nan yon domèn oubyen matyè alafwa, avèk plizyè leson ki distribye avèk mwayen tablo elektronik.