Young boy with his chin in his hand, sporting a dubious look on his face

Stockbyte/Stockbyte/Thinkstock

Èd Ekspè pou Kestyon Ki Difisil yo

Ki lè pou di timoun yo verite depann sou plis ke laj yo
Ki lè pou di timoun yo verite depann sou plis ke laj yo 

Kisa ki pase lè timoun ou tounen lakay li ap kriye paske genyen yon kamarad klas li ki di li ke Papa Nwèl pa ekziste? Epi kijan ou reponn yon timoun 4 lane ki vle konnen kibò ti bebe soti? Reyalite a se, sa timoun yo ap mande yo pa evidan pou yo. Sa ka mande yon ti travay detektik kote pa ou pou chèche konnen vreman sa yo bezwen konnen an.

Kisa Ki Dèyè Gwo Kestyon Ki Fè Pè Sa Yo
Si te genyen yon lis 10 sijè ki pi difisil ke timoun poze kestyon sou yo, "nan tèt lis sa t'ap genyen sèks, lanmò ak relijyon," se sa doktè Susan Bartell di, li se sikològ, konsiltan ak otè liv The Top 50 Questions Kids Ask. Men sijè konsa yo konn pi fasil pou diskite lè timoun yo, espesyalman sa ki pi piti yo, pa genyen bon langaj kominikasyon pou yo eksprime enkyetid yo. Pi souvan, timoun yo konn pa konnen pou kisa yo enkyè, se sa Allison Edwards sinyale, li se konseyè pwofesyonèl ak lisans epi otè liv Why Smart Kids Worry: And What Parents Can Do to Help.

Egzanp yon timoun ki toujou ap poze kestyon sou randevou doktè ka pi fasil kapab eksprime perèz yo sou lanmò. Lè ou dekouvri kisa ki ap toumante yo a tout bon, rekonèt enkyetid timoun ou se pi bon – ak pi senp – fason pou reponn. "Reponn 'Mwen dezole ke sa enkyete ou anpil konsa. Mwen swete ke'm te ka rann sa pi fasil pou ou,' lè konsa w’ap konekte epi sipòte yo san ou pa fè okenn pwomès pou yon bagay ke ou pa ka kontwole," se sa Edwards di.

Yon lòt kote, si timoun ou poze yon kestyon dirèk sou lanmò, yo ka enkyè ke yon granparan – oswa pi rèd, ou menm – kapab pra'l mouri. "Pa reponn yon fason jeneral," se sa Bartell konseye. "Mete ou nan plas yo pito. Wè lavi a menm jan ak yo menm pou ka konprann sa y'ap mande a." Souvan, yo bezwen konnen kijan sa pra'l afekte yo.

Separe Fantezi ak Reyalite
Youn nan dyòb ou genyen kòm paran se ede timoun ou rekonèt diferans ant perèz ke yo imajine yo ak sa ki reyèl lè yo poze'w kestyon difisil yo. "Move van sezon siklòn dènyèman yo te afekte milye fanmi epi repòtaj san rete medya yo jwe nan lespri timoun piti yo, fè yo panse ke siklòn ka vini epi kraze kay yo," se sa Bartell di. "Eksplike timoun yo ke sitiyasyon sa yo se pa yon bagay k’ap rive fasil. Ou dwe ba yon pèspektiv ki baze sou reyalite epi rasire yo ke yo pa bezwen enkyete yo."

Eksplore Kwayans Yo
Avèk Nwèl ki prèske rive, kestyon "Èske gen yon Papa Nwèl?" la yo poze paran yo li nan anpil kay sou latè. Tankou demann ki pi popilè yo, "Èske istwa imjinè tooth fairy a ekziste vre?" epi "Kibò ti bebe sòti?” timoun ou ka ap imajine anpil bagay, youn ladan yo, "Èske mwen mèt fè konfyans ke w'ap banm verite?"

"Konprann ke sa timoun ou ap mande'w la se pa enfòmasyon avèk prèv," se sa Bartell eksplike. "Alòs ou pa oblije reponn ak prèv. Sa ka plis ede ou pou analize avèk yo sa y'ap panse a epi aksepte kòm reyalite." Li sijere pou retounen kestyon an bayo, mande "Kisa ou panse? Kisa ou vle kwè?”

Timoun yo entelijan, li di, nan plizyè ka, yo pa’p poze kestyon sou Papa Nwèl oswa istwa imajinè tooth fairy si yo pa anvi tande repons lan. Si timoun ou ta vle kontinye kwè ke yo ekziste, menm si kamarad klas yo di yo non, li enpòtan ke ou menm, kòm paran, bay kwayans lan valè – epi pa kondane kisa ki reyèl ak pa reyèl pou yo. "Se yon kestyon konprann sa ki enpòtan pou timoun ou," se sa Bartell ensiste di. "Fè yo konnen ke yo ka kwè nan Papa Nwèl – oswa istwa imajinè tooth fairy a – pandan tout tan ke yo vle."

Eseye Pi Alèz
Kanta pou kestyon inevitab, enèvan sou sèks yo, di timoun ou ke se yon gwo zwazo ki lage bebe yo devan pòt kay la ka parèt pi fasil pou ou nan moman an, men, Bartell di fè atansyon, li pa bon pou timoun lan. "Jan yon timoun 4 lane konprann sèks diferan de jan youn ki gen 7 lane ak 12 lane konprann li; alòs, li enpòtan pou ke ou si ke ou konnen ekzakteman sa timoun ou ap mande'w la tout bon," se sa li di. "Bay enfòmasyon yo pa ti mòso selon laj yo. Pa bay repons ki twò long oswa chaje tèt yo." Pandan y'ap grandi epi kestyon sou sèks yo ap la toujou, "kenbe menm repons ou te bay anvan yo," li ajoute, “epi bay detay sou li, nan yon fason ki apwopriye ak laj yo."

Menm jan ak tout kestyon difisil, pi bon repons lan, Bartell fini pou li di, se fè kestyon an parèt dwòl epi anbarasan epi reponn kestyon timoun ou yon fason ki pra'l ede’l grandi epi tounen yon moun lespri pwòp. "Youn nan bagay ki ede timoun gen matirite se kapab reziste ak sa lòt timoun ap di yo," se sa Bartell di, "epi reflechi ak sa yo kwè epi sa ki enpòtan pou yo."