Family Expo Tounen Pou Ede Paran Fè Preparasyon Pou Ane Lekòl La
The Children's Trust

Family Expo Tounen Pou Ede Paran Fè Preparasyon Pou Ane Lekòl La

Twa evènman pwograme pou fanmi pran plezi, jwenn enfòmsayon ak prepare pou rantre lekòl

The Children's Trust Family Expo se toujou yon opòtinite pou fanmi ak timoun aprann kantite resous ak pwogram ki disponib pou yo, men ane sa a gen twa evènman ki konsantre sou rantre lekòl ak pwogram pou bay paran tan pou regle beswwen timoun yo anvan premye jou klas.

Presizeman, Family Expo se yon chans fanmi vin konn pwogram ak resous yo ka itilize lè pitit yo tounen lekòl, tankou pwogram apre lekòl ak pwogram anrichisman, edikasyon sou nitrisyon, prevansyon blesi, pwogram pou timoun ki gen bezwen espesyal, enskripsyon pre-K, enfòmasyon ak kontak KidCare.

Evènman Family Expo yo ap fèt twa samdi youn apre lòt apati fen Jiyè. Orè tout evènman se de 10 a.m. rive 3 p.m. nan diferan kote pou fasilite patisipasyon moun nan zòn sid, santral ak nò Konte Miami-Dade.

Premye evènman santral la ap fèt 23 jiyè nan anba lavil Miami nan Miami Dade College Wolfson Campus, 300 NE 2 Avenue, dezyèm nan ap fèt 30 jiyè nan sid la nan Sweet Home Community Campus, 10701 SW 184 Street nan. Cutler Bay, e dènye a ap fèt 6 Out nan nò a, nan Betty T. Ferguson Recreational Complex nan 3000 NW 199 Street nan Miami Gardens.

Nan chak evènman Family Expo ap gen founisè Trust, patnè ak òganizasyon kominotè ap gen lokal pou jwenn enfòmasyon sou pwogram tankou atizay/espò, STEM, sante ak byennèt, popilasyon espesyal, sèvis fanmi, elatriye. Pou asire timoun ak fanmi jwi pandan y ap resevwa enfòmasyon enpòtan, evènman yo ap chaje ak amizman. Nan pwogramasyon ane sa a ap gen jungle-walkers, yon mim, unicyclist, aktivite atizay ak atizana, kay gonflab ak anpil lòt bagay.  

Chak evènman ap gen yon estrad pou pèfòmans mizik, espektak mizansèn, talan kominotè ak DJ k ap jwe mizik tout evènman an pou gen yon bon anbyans kote enèji a ap byen cho. Tout evènman yo pral fèt deyò, men piblik la ap ret fre anba tant kap gen estasyon pou rafrechi e wap ka jwenn dlo gratis. 

Pa enkyete w pou pitit ou si l grangou pandan evènman an, paske ane sa a nan tout evènman Family Expo yo pral gen woulòt manje kap bay fanmi ak timoun manje gratis, koutwazi Miami Dolphins.

Pou plis enfòmasyon sou The Children's Trust Family Expo vizite www.TheChildrensTrust.org/FamilyExpo.