Danse Pou Rive Jwenn Gwo Siksè

Danse Pou Rive Jwenn Gwo Siksè

Kwasans Destiny Delancy kòm yon dansè, etidyan ak moun ki parèt nan kanpay 20yèm anivèsè The Trust.

Lè Destiny Delancy, te gen 6 an, li antre nan pwogram Teyat Armour Dance nan lekòl Morningside nan Miami, li pat reyalize li tap enspire rèv li. Destiny te yon timoun timid e pwobabilite pou l pèfome devan spektatè pat si posib menmjan pou l ta vin yon dansèz pwofesyonèl. Men, plis pase 16 ane pita, li diplome nan prestijye Depatman Dans Tisch nan Inivèsite New York, kote l vreman grandi ak dekouvri ki moun li ye.

Destiny eksplike “Mwen grandi nan Little Ayiti. Mwen te yon timoun ki te trè timid, ou pa tap jwenn mwen ap jwe ak tout lòt timoun yo, mwen te pito ret poukont mwen,”. “Nan moman sa a, mwen pa t kwè nan tèt mwen. Men, plis mwen danse, plis mwen te santi m kapab soti nan koki m epi vin konn pèsonalite m. Sa te vreman ede m kòmanse pale ak moun." Se dans ki vin antoure lavi Destiny pandan li tap fòje yon edikasyon e anbisyon pwofesyonèl; an menm tan aprann eksprime l ak chèche konnen plis sou tèt li.

Armour Dance Theatre (ADT) se yon lekòl dans renome nan Sid Florid pandan plizyè dizèn ane. Pwogram Morningside yo te youn nan premye Pwogram Kominotè ADT, ak objektif pou jwenn timoun ak fanmi ki rete pi lwen pase lokal prensipal yo nan Sid Miami. The Children's Trust ap finanse ADT depi 2011 e pwogram nan te anrichi lavi anpil timoun tankou Destiny, ki ak dans vin konn tèt l epi jwenn siksè nan pèfòmans atistik

Li di “Lè mwen nan zòn nan, se tankou pa gen anyen ki la e sanble tout moun ale. Pwofesè yo pa la, kanmarad yo pa la, epi se jis mwen kap danse. Mwen senti m fòmidad lè m nan dans. Se konsa m senti m lib ak soulaje. Se konsa m eksprime m,”

Konfyans dans lan  pèmèt li montre talan l epi mond lan wè sa “Sa fè 16 an depi m te gen rapò ak Armor Dance Studio. Mwen vin aprann anpil estil dans tankou balè, tap, djaz, modèn, hip hop, Graham, Horten, Limon, Afrik Louès.”

Destiny kontinye  pwogrese antanke dansè e finalman li vin fè pati pwogram Next Steps, ki te bay li ak grann li  transpò pou pran otobis ale nan Sid Miami pou pran fòmasyon avanse ak preparasyon pou pwosesis odisyon lekòl segondè. Travay di li vin jwenn rekonpans lè li vin gen yon plas dezirab nan New World School of the Arts. Se lè sa a, travay la vreman kòmanse.

Li te konn leve chak maten a 5 a.m. pou l antre lekòl a 7:15 a.m., kote li pran kou akademik konplè, kou spesyalize ak avanse.  Li te pran twa èdtan kou dans, swivi pa repetisyon epi devwa jiska byen ta nan lannwit. Nan wikenn li ale nan Breakthrough Miami, yon lòt pwogram Trust finanse, pou repetisyon ak Ekip Tap Armor Dance Theatre, e li te pran tan tou pou l pèfòme nan evènman ak festival kominotè.

Li diplome nan New World ak distenksyon a wo nivo (GPA) 4.3, ki fè l jwenn yon bousdetid konplè nan New York University (NYU). Apre kat lòt ane travay solid, devouman, gran ogmantasyon nan nivo dans li ak pèfòmans enpòtan. Destiny diplome nan NYU an 2022 kòm yon Dean's Scholar (Prix Donè Dwayen). A 22 zan, li aspire kòmanse pwòp konpayi dans li pou anseye elèv ak bay yo opòtunite.

Destiny di li vin konn kiyès li ye lè li kòmanse nan dans. Pwogram The Children's Trust finanse ede l kòmanse yon vwayaj dekouvèt ki te ankouraje l soti nan yon timoun timid rive nan yon jèn fi ki gen konfyans, anpil talan e kap kontinye pouswiv rèv li. “The Children's Trust te trè enpòtan nan karyè pèsonèl mwen paske mwen pa tap kapab peye yon karyè dans si se pat pou yo. Yo te vrèman ede m pousuiv rèv mwen.”

Gade yon videyo sou istwa Destiny nan www.TheChildrensTrust.org/20thAnniversary