Ou se yon

The Children's Trust Lanse Pwogram Rekonpans Ki Rele Parent Club Pass

06/13/2025

News Releases

The Children's Trust Lanse Pwogram Rekonpans Ki Rele Parent Club Pass

The Children’s Trust kontan anonse lansman yon pwogram rekonpans nome Parent Club Pass. Se yon nouvo inisyativ ki fèt pou rekonèt ak selebre paran ki patisipe aktivman nan atelye ak evènman pou ranfòse konpetans yo. Pwogram rekonpans sa a, ki pa gen parèy nan kalite li, ankouraje fanmi angaje yo plis epi genyen plis bagay, tankou kado eksklizif ak patisipasyon nan tiraj, avantaj espesyal epi fè aprantisaj ak devlopman kominotè yon pati konsistan nan levasyon timoun.

Pou kèk paran, elve timoun ka yon eksperyans ki fè yo santi yo izole. Se poutèt sa, an 2019, The Children’s Trust of Miami-Dade lanse Parent Club la. Inisyativ sa a ki reyisi ofri paran yo atelye amizan ak edikatif gratis, an menm tan li ofri yon kominote akeyan, gadri gratis pandan sesyon yo, epi aperitif ak prim tiraj.

Apati mwa sa a, patisipan ki konplete twa diferan atelye an pèsòn ap resevwa pas antre ki pa transferab pou evènman kominotè lokal, ak opòtinite pou yo genyen jiska kat pas pa patisipan, pa ane. Gen opòtinite pou evènman espòtif oswa teyat, pas pou konsè oswa sinema, oubyen pake pou fanmi ki pèmèt yo ale nan pak oswa mize, pami lòt bagay. Entansyon an se pou ankouraje plis angajman fanmi atravè aktivite divètisan.

The Children’s Trust Parent Club ofri atelye 60 minit gratis. Yo an Anglè, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen, e yo pwograme nan lè ak kote konvenab nan tout Konte Miami-Dade. Yo disponib an pèsòn (ak gadri gratis pou timoun ki gen laj 3-12 lane, ti goute, ak patisipasyon nan tiraj) oubyen sou entènèt. Sesyon yo sipòte paran timoun nan chak etap devlopman.

James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children's Trust di “Lè w paran, se travay ki pi enpòtan nenpòt moun ka genyen, epoutan se travay ki mwens resevwa fòmasyon pou li,” "Pas Parent Club la se fason nou rekonèt angajman paran anvè aprantisaj e an menm tan n ap ede fanmi vin gen eksperyans anrichisan nan kominote nou."

Patisipan resevwa yon kredi pou chak atelye diferan yo patisipe (yon kredi pou chak sijè). Apre yo fin patisipe nan twa atelye ak ranpli sondaj la, yo kalifye pou yon Pas Parent Club. Chak mwa, The Children's Trust ap voye pa imèl oswa tèks enstriksyon pou sèvi ak bon an ba patisipan ki kalifye. Pou kalifye, fanmi yo oblije abite nan Konte Miami-Dade.

Parent Club la posib gras a patenarya ak Be Strong International, FIU Center for Children and Families, University of Miami Health System, Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS), ak Miami-Dade Public Library System (MDPLS). Depi kreyasyon li, pwogram nan pèmèt plizyè milye paran/gadyen timoun devlope konpetans pratik pou elve timoun konfyan ak kapab.

Haj di “Fanmi yo di nou yo vini pou konsèy levasyon timoun, men yo rete pou kominote a.” "Pwogram rekonpans sa a se yon jan pou di mèsi epi fè paran yo rete konekte ak enspire."

Pou konn orè atelye yo ak kòmanse resevwa Parent Club Pass ou, tcheke www.TheChildrensTrust.org/ParentClub .

Kontak Medya:
Natalia Zea
Ofisye Anchèf pou Politik Piblik ak Angajman Kominotè, The Children's Trust
Telefòn: (786) 598-2208
Imèl: natalia@thechildrenstrust.org