
Defansè timoun ki soti toupatou nan Konte Miami-Dade ak Eta Florid te rasanble nan Jungle Island 30 Avril pou selebre 19yèm edisyon seremoni prim The Children’s Trust Champions for Children, kote tout tikè yo te vann
Enspirasyon an vini an kantite pandan dewoulman videyo moun yo te onore anplis diskou yo t ap fè devan yon odyans anviwon 900 moun ki te la pou selebre reyalizasyon yo. James R. Haj, prezidan ak PDG The Children’s Trust di “Nou kontan anpil reyini ansanm pou selebre moun ak òganizasyon remakab k ap transfòme lavi timoun ak fanmi nan Miami-Dade.” "Evènman sa a bay yon opòtinite pou onore sa yo reyalize ak enspire lòt moun kontinye fè diferans nan lavi timoun nan kominote nou an."
Constance Collins, prezidan ak direktris exekitif Lotus House Women's Shelter ki te ansyen manm konsèy administrasyon Trust la, pote lakay li prim siyati seremoni an, nome David Lawrence Jr. Champion for Children, pou devouman li pandan tout lavi l pou ede fanm ak timoun ki sanzabri nan Konte Miami-Dade. Collins pale de desizyon li te pran plizyè ane anvan pou chanje karyè l, lè li te wè yon fanm sanzabri ki t ap benyen an piblik nan yon fontèn nan yon bilding li t ap konstwi.
Depi li etabli Lotus House nan Overtown an 2004, refij la vin sèvi plis pase 34 fanm chak swa pou vin tounen Lotus Village, pi gwo refij pou fanm ki sanzabri nan peyi a. Chak swa Li loje plis pase 525 fanm, lajenès ak timoun epi li bay plis pase 13,000 moun abri depi kreyasyon li. Gade yon videyo sou enpak Collins lan isit la .
Jorge A. Plasencia, prezidan ak PDG Republica Havas, te resevwa Prim Ekselans nan Defans Dwa, pou angajman li pandan plizyè dizèn ane nan prevansyon abi sou timoun atravè Amigos for Children, yon òganizasyon li te ko-fonde lè li te gen sèlman 17 an. Plasencia te remèsye anplwaye aktyèl ak ansyen anplwaye Amigos for Children pou devouman ak enpak yo genyen sou kominote a. Gade videyo li isit la .
Moun yo onore reprezante yon pakèt eksperyans ak angajman anvè kòz ki santre sou timoun, tankou Maurits Acosta, yon elèv nan dènye ane lekòl segondè ki pral antre nan inivèsite Harvard k ap ankouraje angajman sivik elèv yo, epi gen Linda Hudson, yon elèv asistant prensipal salklas ki nan dènye ane li ak nan Sant Entèvansyon Linda Ray nan Inivèsite Miami kote li pase plizyè dekad ap pran swen timoun piti.
Hudsonresevwa prim Ekselans nan Sèvis Dirèk pou karyè li kote li bay timoun vilnerab lanmou ak sipò, sitou sa ki afekte pa abi oswa neglijans. Acosta resevwa Prim Ekselans nan Lidèchip Lajenès pou travay li nan fondasyon Virtutem Populo, Inc., yon òganizasyon san bi likratif dirije pa elèv ki ankouraje edikasyon sivik ak patisipasyon kominotè pami lajenès Florida.
Anplis onè endividyèl, gen twa pwogram The Children's Trust finanse resevwa onè Pwogram Lane paske yo fè yon diferans nan bay timoun ak fanmi sipò:
- Pwogram Estaj pou Jèn Ete a (SYIP) (Estaj Pou Jèn Pandan Lete) ap selebre 10yèm ane li an 2025. Li bay prèske 23,000 elèv lekòl segondè estaj peye pandan lete kap fasilite resevwa onè lekòl segondè epi, si l aplikab, kredi kolèj pou doub enskripsyon.
- Pwogram Paran Lotus House Children Services dedye amelyore lavi fanm, lajenès ak timoun ki pa gen kay. Atravè refij, sipò, ak edikasyon, pwogram nan bay fanmi yo pouvwa pou yo vin otonòm epi bati yon avni ki an sekirite.
- Gwoup Ten North: Pwogram Keeping Our Promise sipòte fanmi ki gen risk elve nan Distri Komisyon 1 Konte Miami-Dade. Li ofri kowòdinasyon swen konplè pou diminye konsekans negatif nan lavi.
Seremoni Prim Champions for Children te posib gras a TD Bank, Patwosinatè Prensipal lan, ak sipò jenere Patwosinatè Platinum yo: City National Bank ak PNC Bank; Patwosinatè Meday Lò se: FIU Center for Children and Families, Community Health of South Florida, INC., Key Biscayne Community Foundation, Miami Herald/El Nuevo Herald, Senatè Rene Garcia, University of Miami, Wels, WOW Marketing; Patwosinatè Meday Ajan se: ACentral, Baptist Health, Barry University, Corcoran Partners, Early Learning Corps, EdFed, Biwo Majistra Daniella Levine Cava, Greenberg Traurig, Miami Dolphins Foundation, Nicklaus Children’s Hospital, Q-Q Research Consultants, Komisyonè Raquel Regalado, Uber, ak United Way Miami.
Klike sou lyen sa a pou wè foto 19yèm seremoni anyèl Chanpyon pou Timoun yo. Pou gade videyo prim yo, klike la a .