Ou se yon

Final 15yèm Edisyon Young Talent Big Dreams Enpresyone Anpil

05/23/2025

Spotlight

Final 15yèm Edisyon Young Talent Big Dreams Enpresyone Anpil

Le 9 Me sèn nan te pare, limyè yo te klere anpil, e talan yo te ineksplikab pandan final Young Talent Big Dreams (YTBD) tap dewoule nan Actors' Playhouse nan Miracle Theatre. Patwosine pa The Children’s Trust an patenarya ak Actors’ Playhouse, sware a te make fen kaptivan pi gwo konpetisyon gratis talan lajenès nan Konte Miami-Dade la.

Yon odyans plen moun aplodi 21 finalis ant laj 8 a 17 lane ki tap demontre talan yo nan kategori tankou vwa, dans, enstriman mizik, la pawòl, ak konpozisyon orijinal. Apre plizyè mwa nan faz preliminè ak demi-final la, jèn atis sa yo rann pèfòmans mayifik ki enpresyone jij yo, ak mete aksan sou potansyèl kreyatif enkwayab lajenès Miami-Dade.

Nan 15yèm ane li, YTBD sèvi kòm yon platfòm pou jèn atis yo briye ak grandi. Finalis yo non sèlman te resevwa prim ak pri, men yo te vin gen yon eksperyans ki gen anpil valè tou ak pèfòmans sou yon sèn pwofesyonèl. Konkou a endike angajman The Children's Trust pou sipòte devlopman lajenès ak atizay nan tout kominote a. Felisitasyon pou ganyan yo ane sa a ki te enpresyone ak talan eksepsyonèl, pasyon e devouman: Tamerlan Guliyev, genyen gran pri a e dans endividyèl la; Antonella Laferriere, solo vokal Broadway; Caitlynn ak Camilah Diaz, dans an gwoup; Soleil Nation, konpozisyon orijinal; Nina Marie, pop vocal endividyèl; Nyshelle Burns, lapawòl; Benjamin Baralt, enstriman endividyèl; Sah Conservatory of Dramatic Arts, gwoup vokal; Dancing Twins, dans an gwoup; ak Sunset Elementary Band, gwoup enstriman mizikal.