Ou se yon

Pandan Lete Sekirite Nan Dlo Se Yon Gwo Pwoblèm

05/21/2025

Parenting Our Children

Pandan Lete Sekirite Nan Dlo Se Yon Gwo Pwoblèm

Nan apèn yon mwa kòmansman ete pral rive e fanmi yo deja ap imajine jou plezi ak amizman nan plaj, lak yo, oswa nan pisin katye a. Men ak eksitasyon yo dwe gen prekosyon. Menm si timoun ak lajenès pran plezi jwe nan dlo, gen yon aspè danjere ki ka lakòz trajedi pou paran ak moun k ap pran swen timoun si yo pa vijilan.

Depatman Sante Florid la estime to nwayad envolontè pou timoun ki gen ant 0 a 4 lane ak jiska 17 lane pami nivo pi wo nan peyi a. Nan konte Miami-Dade, sitiyasyon an pi mal toujou, kote nwayad se kòz prensipal lanmò aksidantèl timoun ki gen ant 1 ak 14 lane. Se poutèt sa li enpòtan pou paran ak moun k ap pran swen timoun asire pitit yo aprann naje epi rete an sekirite chak fwa yo toupre dlo.

Pandan yon konferans pou laprès nan mwa me a, nan kad Mwa Nasyonal Sekirite Nan Dlo, inisyativ Zero Drownings Miami-Dade make premye ane travay li gen enpak. Efò kolaborasyon sa a, ki reyini pi gwo òganizasyon piblik ak prive nan Konte Miami-Dade ap pran mezi pou diminye kantite timoun ki nwaye.

Atravè yon modèl entegre nan lekòl la, apwòch inovatè inisyatif la bay leson natasyon ki ka sove lavi. Kòm yon pati nan jounen lekòl The Children’s Trust Thrive by 5 Sant Gadri, ak Jadendanfan Miami-Dade County Public School (M-DCPS) chwazi nan pwogram Head Start timoun 4 ak 5 lane pou transpòte yo nan pisin ki toupre yo pou de semèn leson natasyon.

Depi lansman li an Oktòb 2024, pwogram nan deja bay plis pase 12,794 leson natasyon ak sekirite nan dlo pou prèske 2,000 timoun nan Miami-Dade. Objektif la se sèvi 10,000 timoun pandan ane lekòl 2025-2026 epi sèvi 20,000 chak ane, soti nan 2026-2027.

James R. Haj, Prezidan ak Direktè Jeneral The Children’s Trust di “Envestisman nou asire timoun ki fè fas ak pi gwo baryè pou aprann naje jwenn aksè a pwoteksyon esansyèl sa a.” "Lè nou bay leson natasyon ki ka sove lavi timoun yo dirèkteman pandan jounen lekòl yo, san okenn frè pou fanmi yo, nou pa sèlman anseye konpetans, n ap fondamantalman chanje rezilta yo nan kominote nou."

Sipèentandan M-DCPS, Dr. Jose L. Dotres ajoute “Nou patisipe nan pwogram sa a paske li sove lavi.” "Nan yon kominote ki antoure pa dlo, li enpòtan anpil pou timoun yo santi yo gen konfyans ak konpetans naje e pou paran yo gen mwayen pou ede devlopman natasyon pitit yo."

Ansanm ak leson natasyon, inisyativ la touche plis pase 3,100 paran ak timoun atravè efò sansibilizasyon pou prevansyon nwayaj. Edikasyon kominotè a enpòtan anpil pou kanpay "#JoinTheZeroChallenge" la, ki gen kòm objektif ogmante konsyantizasyon epi bay fanmi zouti pou anpeche nwayaj.

Nan yon lòt pa enpòtan pou sekirite akwatik (nan dlo), Gouvènè Ron DeSantis apwouve Pwogram Koupon Leson Natasyon ane pase. Inisyativ sa a.nan tout eta a ofri leson natasyon gratis nan pisin lokal pou fanmi ki kalifye. Paran yo ka aplike pou yon koupon sou watersmartfl.com. Pou kalifye, fanmi yo dwe montre prèv revni (200% oswa mwens nan gid povrete federal la), rezidans Florid, epi pitit yo dwe gen kat lane oswa mwens.

Paran ak moun k ap pran swen timoun jwe yon wòl dirèk tou nan sekirite akwatik atravè pratik senp men vital. Sa kòmanse pa aprann fòmasyon CPR ak HELP. Nan ijans, konensans CPR ka sove lavi. La Kwa Wouj Ameriken ak Sèvis Ponpye Miami-Dade, toulède ofri kou CPR, ak fòmasyon pedyatrik. Kou HELP Miami-Dade ki gratis, dire de zèd tan. Li se yon bon resous local, vizite miamidade.gov oubyen rele 786-331-4425 pou w ka enskri.

Chak fwa timoun yo nan dlo, paran yo oswa moun k ap pran swen yo ta dwe itilize "Water Watcher" (moun pou sivye aktivite nan dlo a) epi sèvi ak "sipèvizyon an kontak" pou pwoteje timoun. Moun ki siveye yo, se granmoun responsab ki sipèvize timoun yo aktivman nan dlo a. Yo dwe chanje adilt kap siveye regilyèman pou achieve konsantrasyon maksimòm. Sipèvizyon an kontak vle di rete tou pre timoun piti ak moun ki pa konn naje byen pou asire yon repons imedya pou timoun ki an detrès.