Ou se yon

Timoun ak Lajan: Anseye Yo Jere Finans Yo Byen Bonè

07/11/2025

Parenting Our Children

Timoun ak Lajan: Anseye Yo Jere Finans Yo Byen Bonè

Anpil paran gen difikilte anseye pitit yo jere lajan, kijan pou yo depanse l, kijan pou yo sere l, epi konprann valè li san mete twòp estrès. Estrès finansyè se yon bagay reyèl pou anpil fanmi, epi lè w aprann timoun enkyetid sa yo twò bonè, sa ka ajoute enkyetid ki pa nesesè. Men, byenke konvèsasyon an ka difisil, sa pa vle di li pa nesesè. Anfèt, pi bonè paran kòmanse leson sa a, timoun ap pi byen prepare pou pran bon desizyon finansyè lè yo granmoun.

Dapre yon etid Inivèsite Brigham Young (BYU), timoun ki jwenn opòtinite pratik pou jere lajan depi yo jèn gen plis chans pou yo responsab finansyèman pita nan lavi yo. Doktè Ashley LeBaron-Black di “Anplis pale de jesyon lajan, li vrèman enpòtan pou paran bay timoun opòtinite pou jere lajan epi pran desizyon,”. Rechèch li a montre eksperyans sa yo non sèlman ranfòse konpetans finansyè, men yo lye ak miyò sante mantal e relasyon entèpèsonèl pi solid nan laj adilt.

Nan konte Miami-Dade, Future Bound Miami, finanse pa The Children’s Trust ak lòt enstitusyon, bay timoun yon kòmansman bonè lè yo ofri Kont Epay Timoun gratis ak yon depo inisyal ki rive jiska $50 nan kont lan pou elèv jadendanfan nan konte Miami-Dade ki kalifye. Tcheke futureboundmiami.org pou wè lis lekòl k ap patisipe. Yo pral entwodui yon plan ekspansyon, plis avantaj monetè ak kontribisyon lajan kontinyèl kap egal a kantite ki nan kont epay lan pou fè l grandi.

Kòmanse bonè ede chanje move abitid. Nan kay ki pa gen anpil revni, timoun souvan aprann dèt kat kredi se yon bagay nòmal. Men, apre yo fin pran yon kou finans nan lekòl segondè oubyen lè yo ekspoze a lòt abitid ki bon pou sante finansyè, timoun ak lajenès ka aprann sou danje dèt ki gen gwo enterè. Elèv ki nan Pwogram Estaj pou Jèn yo nan Lete (SYIP Anglè) resevwa kou edikasyon finansyè, e yo dwe louvri yon kont ak The Educational Federal Credit Union pou kalifye pou estaj peye a. Edikasyon finansyè ap vin tounen pli zan pli pati nan aktivite anrichisman ki ofri nan kan ete ak aktivite apre lekòl The Trust finanse.

Men, gen yon mank edikasyon finansyè nan anpil anviwonman. Nan yon atik nan CNBC.com , Tim Ranzetta, defansè alfabetizasyon finansyè ak fondatè Next Gen Personal Finance, avèti ke lajan toujou yon sijè tabou nan anpil kay. Li di "Lè nou soti nan pandemi an, nou reyalize ke anpil moun ap rete dèyè,". "Edikasyon sa a nesesè."

Kidonk, kijan paran ka anseye pitit yo sou lajan san yo pa ba yo twòp estrès? Ekspè yo rekòmande yon ekilib ant eksperyans pratik, kominikasyon ouvè, ak konsèy ki apwopriye pou laj timoun nan. Men senk fason pou kòmanse:

  1. Anseye Valè Lajan Atravè Eksperyans
    Menm yon ti kantite lajan ede timoun kòmanse konprann chwa ak konsekans. Yon alokasyon, sitou youn ki lye ak travay lakay kap entwodui etikèt travay ak responsablite pèsonèl. Kite yo pran desizyon depans ak pwòp lajan yo pou yo ka santi enpak chwa yo fè a.
  2. Ankouraje Ekonomize Ak Etabli Objektif
    Gratifikasyon pi ta se yon leson pwisan. Ede timoun yo etabli objektif ekonomize pou bagay yo vle, tankou yon jwèt oswa yon vwayaj. Kòmanse ak yon senp ti bwat sekrè pou ekonomize, depanse ak bay. Ofiramezi ap gen plis lajan, lè sa a chwazi yon kont epay pou timoun ki disponib nan pifò bank epi ankouraje yo mete yon pòsyon fiks sou kote nan tout lajan yo touche oswa lajan yo resevwa an kado.
  3. Kontinye konvèsasyon an
    Lajan pa ta dwe yon sijè konvèsasyon yon sèl fwa. Pale ouvètman e regilyèman sou bidjè, depans, ak priyorite. Kite timoun yo ede yon ti kras nan pran desizyon finansyè, tankou chwazi ant opsyon manje pandan acha. Lè konsa konvèsasyon an rete enpòtan san li pa akable yo ak estrès finansyè familyal.
  4. Bay Egzanp Bon Abitid
    Timoun aprann plis lè yo obsève paran yo. Montre yo responsabilite depans, fè bidjè, ak fè ekonomi. Bay yon egzanp lè w kreye yon lis acha epi respekte li, ekonomize lajan pou gwo acha, oubyen pale sou benefis repare bagay olye pou ranplase yo.
  5. Kite Timoun Ki Pi Gran Jere Plis
    Pandan timoun yo ap vin adolesan, ba yo plis responsablite finansyè. Pa egzanp jwenn yon travay pandan ete, estaj peye, itilizasyon kat kredi anba sipèvizyon paran, oubyen planifye bidjè pou rad oswa lwazi.

Malgre li enpòtan pou anseye timoun yo enpòtans pou yo jere lajan, ekspè yo ensiste pou yo pa mete chay sou yo ak enkyetid finansye granmoun twò bonè. Okontrè, ba yo espas pou yo eksplore epi aprann nan limit ki an sekirite. Jan Dr. LeBaron-Black raple paran yo: “Kontinye eseye, menm lè li sanble difisil. Ti efò w ap fè yo ap pote bon rezilta.”