
Timoun preskolè w la ensiste pou l mete mayo Marlins pou twazyèm jou ak lannwit konsekitif. Tinedjè w neglije lave cheve l ki plen grès pou yon semèn entye. Elèv twazyèm ane w la renmen rale sòti vè tè epi mete men l nan yon melanj granola. Ak lespri siveyans, paran anseye bon pratik ijyèn nan timoun, soti nan lekòl matènèl rive nan lekòl segondè, itilizasyon fil dantè ak jan pou byen dòmi. Yon vi ijyenik ap diminye ekspozisyon a mikwòb e lap ankouraje yon lavi an bòn sante, an konfyans ak byennèt.
Siye, Fwote ak Bwòse
Fè benyen yon timoun piti parèt kankou yon ekspedisyon lapèch oswa tankou istwa ak tèm "Pwason Akansyèl ". Raisingchildren.net.au rekòmande fè benyen tounen yon rityèl plezan anvan dòmi, Aprann yo byen lave tout kò yo, depi nan dèyè zòrèy rive nan pati prive yo, epi pou yo toujou siye apre yo fin itilize twalèt la, pa devan rive dèyè pou tifi pou anpeche enfeksyon irinè
Connecticut Children's rekòmande aprann yo bwose dan anvan laj 2 an ak yon ti pat dantifris. "A laj sa a, yap bezwen èd bwose dan yo, kite yo pratike pandan w ap gade. Li deklare konsidere menen yo ka dantis pou premye fwa nan okazyon sa a". "Amize yo ak chante, bwòs dan kolore ou tablo rekonpans. Fè woutin ijyèn lan agreyab pou jèn timoun.”
Topline MD Alliance konseye fè timoun yo lave men yo, fwote dwèt ak anba zong yo pou omwen 30 segonn, apre yo fin itilize twalèt la, jwe deyò, vizite moun ki malad, apre etènye ak touse, epi anvan yo manje. Li di tou "Lave men regilyèman enpòtan anpil pou diminye transmisyon maladi ,"
Koupe zong enpòtan tou pou evite gaye mikwòb ak grate. Li nesesè tou chanje rad regilyèman pou anpeche akimilasyon pousyè tè ak kontaminasyon jèm. Aprann yo etènye nan yon mouchwa oswa nan koud yo, men pa nan men yo epi lave men yo apre sa.
Prèske 4,700 elèv ki al nan klinik sante lekòl The Trust finanse gen yon maladi kwonik, kote pratik ijyèn an sante ka jere pi byen. Nan 56 kondisyon diferan yo analize, sa k pi komen se alèji (plis pase mwatye), asthma (apeprè yon tyè), ak ADD/ADHD (plis pase yon senkyèm). Enfimyè ak pwofesyonèl lasante k ap travay pou ajans Trust finanse fè 2,148 sesyon edikatif pou 47,590 elèv ak 3,695 pwofesè. Sesyon edikatif pi komen gen diskisyon sou.
Itilize Pwotèj Po
Pandan ke kèk timoun ranje aparans yo, ak penyen tèt yo, gen lòt ki prefere pa penyen menm pou jou foto a. Connecticut Children's rekòmande anseye timoun yo penyen oswa bwose chak jou anvan laj 6 an ou mare cheve ki pi long yo pou parèt pwòp. Li di lè timoun yon paran kòmanse remake odè kò, li lè pou entwodwi deyodoran ki san odè oswa natirèl. Li di tou "Preadolesan dwe benyen chak jou, espesyalman apre espò oswa klas jimnastik. Yo dwe konsantre sou zòn ki gen tandans fè odè, tankou anba bra, pye ak zòn prive, ".
Rekomandassyon scholastic nan 10 Fason Scholastic pou anseye Preteens Ijyèn di pou fè yon bon lavaj cheve chak de jou paske "kenbe cheve pwòp ak lwen figi pitit ou pral diminye eklatman lwil ak pwodwi cheve grese koze."
Pandan ke erupsyon akne se yon faz regretab kwasans pou anpil moun, aprann yo pa grate bouton yo ak dwèt plen mikwòb paske "grate rann enflamasyon, li gaye lwil la e li ka kite mak pèmanan,"
Connecticut Children's dekri edikasyon ijyèn kòm yon pwosesis gradyèl ki evolye ak laj e bezwen timoun. "Lè w anseye yo etap pa etap epi bay sipò nan pakou a, paran ka ede pitit yo devlope abitid pèmanan ki ankouraje lasante, konfyans ak gerizon."