Ou se yon

Defi Divètisan Ete 2025: Fikse Objektif an Jiyè Pou Reyalize Rezilta an Out

07/11/2025

Parenting Our Children

Defi Divètisan Ete 2025: Fikse Objektif an Jiyè Pou Reyalize Rezilta an Out

Aprann monte bisiklèt, metrize Panyòl ou ak Duolingo, oubyen tcheke "Gid pou débutan nan ayewonotik!" nan sit entènèt Outschool. Metrize fè vòltij, kwit yon resèt fanmi w renmen, oubyen pran yon kou pou amelyore nòt ACT ou. Sezon ete a se yon moman pou timoun chwazi yon objektif pou pouswiv yon nouvo pastan, pèfeksyone yon konpetans oswa pwogrese ak lekòl san presyon nòt ak devwa kotidyen. Eseye konsèy sa yo pou ede pitit ou oswa adolesan w elve nivo l pou acheve bèl bagay pandan ete a.

Nan sijè Enstiti Rechèch Aprantisaj ak Devlopman, "Kisa ki bon objektif pou timoun pandan ete a?" Vinnie Wengert ankouraje timoun pratike defini objektif ki fikse sou pwojè ki pasyone yo. Oswa konsidere aktivite ak plizyè etap ki gen rapò ak avanti deyò, espò, atizana, kodaj oswa kwit manje ki santre sou divès aspè lavi a, soti nan pastan ak akademik rive nan lavi sosyal ak tan an fanmi.

Wengert ekri “Apwòch sa yo non sèlman ofri opòtinite pou devlope ladrès fonksyon egzekitif tankou planifikasyon, òganizasyon, rezoud pwoblèm ak oto-regilasyon paske tout esansyèl pou atenn objektif. Epitou, yo ka bay yo direksyon ki gen anpil valè epi ede yo santi yo konekte pandan tan sa a ki pa estriktire,”. Li rekomande modèl CANDO a: klè e espesifik; apwopriye ak reyalis; nimerik ak mezirab; divize an etap reyalizab; devlope ak konsiderasyon obstak potansyèl e solisyon. "Itilizasyon yon estrikti tankou CANDO ede elèv kreye objektif pèsonalize nan yon kad entegre pou acheve siksè."

Monte Pi Wo: Nan atik Big Life Journal la ki rele “4 etap pou ede pitit ou fikse objektif efikas”, Ashley Cullins konseye pou mande timoun yo ki akonplisman ki ta fè yo fyè e poukisa, sa ba yo yon objektif pou reyalize li. Li rekòmande divize objektif yo an ti etap ki vin pi difisil plizanplis chak fwa jiskake yo realize objektif prensipal la. Pou aprann monte bisiklèt, premye etap la se gade yon paran, epi apre sa, monte bisiklèt ak wou antrènman; monte l apre sa ak yon paran bò kote w kap ede w kenbe balans ou epi finalman monte l poukont ou. Li di tou “vizyalize kijan pou w atenn yon objektif, rekonèt obstak yo epi planifye yon metòd pou simonte yo.” "Rekonèt ak selebre ti pa pitit ou fè pou atenn objektif yo, tankou reyalizasyon 'objektif prensipal la.’ Selebre efò, detèminasyon ak pèseverans li."

Plezi an Fanmi : Atik PBS ki gen tit “Aprann kijan pou fikse objektif ak Donkey Hodie” afime lè w fikse objektif sa ede timoun devlope otoestim ak pèseverans. Pale ak timoun ki pi piti sou jan yo dwe fè anpil efò, planifye epi pratike pou atenn yon objektif, kit kenbe balans sou yon pye, pataje jwèt ak frè ak sè yo oswa swiv etap yon resèt. Li sijere pou timoun yo desine oswa ekri chak etap yon objektif sou yon mòso papye. Apre chak etap ki fini, kole chak mòso ak adezif epi konekte tout pou fè yon chèn papye. Lè timoun nan bezwen ankourajman, “pataje bèl souvni sa a ki sòti nan Donkey Hodie: ‘Pran yon gwo souf, rete konsantre, panse ak entelijans. Lè yon pwoblèm vreman difisil, kenbe fò, pran kouraj.”

Pare Pou Matematik: Nan atik Washington Post la ki rele “Kijan pou transfòme ‘bès entelektyèl pandan lete’ an opòtinite aprantisaj pou timoun,” Richard Sima diskite sou enpòtans objektif senp pou matematik, lekti ak lòt domèn akademik. Chwazi tout liv enteresan nan lis lekti ete a e asire w timoun yo ka jwenn aksè a yon bibliyotèk. Kathleen Lynch, pwofesè asistan depatman syans aprantisaj nan Fakilte Edikasyon Neag University of Connecticut di “Paran ka sèvi kòm bon modèl lè yo li epitou lè yo fè konnen lekti fè pati nan lavi.”

Epi abòde objektif pratik matematik siplemantè ak egzèsis amizan e natirèl, tankou mezire engredyan pandan w ap kwit manje, kenbe nòt nan espò ak jwèt tablo, oswa kalkile pri nan fè makèt. Lynch di “Libète pandan vakans ete vle di timoun gen opòtinite plonje pi fon nan sijè ki enterese yo, paske yo pa t gen tan pou yo pandan ane lekòl la. Kreye opòtinite aprantisaj ki agreyab nan lavi chak jou timoun yo.”